Lòm te dekonekte ak Bondieu akoz peche depi nan Edèn. Kris te vini kòm gnou lòm pou-L te rekonekte li ak Bondieu. Pou-L te reuni lòm avèk Bondieu, Kris te soufri-mouri sou la koua pou peche e Li te leve ankò apre toua jou. Epi Kris te pase karant jou ak disip Li yo apre rezureksion Li, ap instru yo e ap konfime ke Li te leve vre. Li pa-t gnou fantòm. Nan fin karant jou yo, Kris te retounin nan sièl lan ak kò umèn Li an (Travay 1:3-4; 1 Korintyin 15:1-3).
Bondieu te gin pou-L te prezève verite ‘bòn nouvèl sa-a’ pou lòm nan Ekritu Sin an (Nouvo Testaman). Epi Li te voye le Sintespri, ki te kòmanse abite nan mond lan sikant jou apre lanmò Kris, pou-L te konvink lòm de verite inkanasion, vi, ministè, soufrans, lanmò e rezureksion Kris lan (Jan 14:16-17; Travay 2:1-4). Le Sintespri, pou akonpli travay sa-a, deside sèvi avèk lòm kòm min, pie e bouch Li (Travay 13:2).
Pami sèvitè Bondieu ke Sintespri ap gide yo, gin bon espri yo, ki se vrè sèvitè Kris yo; epi gin fo sèvitè yo, ki se espri ki pa soti nan Bondieu yo (anti-Kris yo). Anti-Kris sa yo te kòmanse nan legliz yo. Lè ansegnman yo pa-t aksepte pami pèp Bondieu yo, inpe nan yo te kite legliz yo epi yo t-ale nan mond lan pou yo te kòronpu lòm o kouran doktrín Kris lan (1 Jan 2:19; 4:1).
Jan vle ede Kretyin yo distinge antre bon espri yo e move espri yo. Tout espri k-ap ansegne ke Jezu se Kris lan nan la chè soti nan Bondieu min tout espri k-ap ansegne ke Jezu se pa Kris lan (ki signifie, Li pa pitit Bondieu-a, Li pa Bondieu), espri sa-a se espri anti-Kris ke apòt yo te di ki t-ap vini an, ki gintan nan mond lan (1 Jan 4:3).
Kretyin yo gintan pote viktoua sou anti-Kris yo paske Kris te leve pami mò yo e Li gin pou-L retounin sou tè-a kòm Roua. Gnou pitit Bondieu atache ak Kris nan lanmò Li min li atache ak Kris nan rezureksion e gloua-a Li, tou (1 Jan 3:2). Espri ki bay ministè anti-Kris yo pouvoua se demon. Espri ki bay ministè sèvitè Bondieu yo puisans se le Sintespri, touazièm pèsonaj nan trinite-a. Le Sintespri pi gran pase gnou demon. Inbin, Kretyin an gin viktoua nan idantifikasion li ak Kris e li pote viktoua atravè prezans le Sintespri ki andedan li an (1 Jan 4:4).
Pa dèyè tout ministè ki pran tit ‘Kretyin’ se gnou espri: kit se le Sintespri osoua gnou espri demoniak. Ministè ki jouinn supò demon yo ap atire mond lan paske l-ap di mond lan sa-l vle tande. Ministè ki soti nan Sintespri an ap atire pitit Bondieu yo paske verite Paròl Bondieu p-ap etranj pou yo. Se nan de fason sa yo nou detekte gnou fo oubyin gnou vrè sèvitè: premieman, se ansegnman de idantite Kris kòm Pitit Bondieu-a, kòm Dieu; dezièmman se moun ansegnman sèvitè sa-a ap atire. Ansegnman mond lan ap atire mond lan paske l-ap preche mansonj e chanèlite, ki satisfè chè an. Verite an ap atire pitit Bondieu an paske le Sintespri demere andedan li (1 Jan 1:5-7; 4:6).