PÒL: OTORITE E MISION LI (Romin 1:1-7)
PÒL: OTORITE E MISION LI (Romin 1:1-7)
Le Sintespri te utilize apòt Pòl pou ekri lèt Romin an. Lèt lan pa ekri pou tout vil Ròm lan, non, min andedan vil lan, te gingnin gnou kongregasion Kretyin. Se pou yo (e tout lòt legliz yo) ke lèt Romin an te konpoze.
Pòl pa-t ko vizite legliz sa-a, byin ke li te konnin inpe nan manb yo (1:11; 16:1-15). Pou rezon sa-a, avan li kòmanse ansegne yo, li prezante yo otorite li e mision li nan levanjil lan (1:1).
Li revele yo ke li se esklav Jezu Kris, e se Kris, kòm Mèt li, ki te ba li apèl apòt lan.
Apòt lan, par definision, se gnou moun yo voye. Gnou moun gnou asanble voye nan mision se apòt legliz lan li ye, ki vledi, li anba otorite legliz lan. Nan liv Travay, nou jouinn moun ke asanble yo voye nan mision ke yo rele apòt (Travay 14:14).
Min Segnè Jezu Kris sèlman gingnin trèz apòt: douz disip yo ki te avèk Li pandan Li te vivan, ki te devni apòt Li anvè Izraèl apre rezureksion Li, e, finalman, Pòl kòm apòt payin yo, ki se dènie nan apòt Kris yo.
Kalifikasion an pou gnou moun ouè Kris ak de grinn zie li apre rezureksion Li an pou li devni gnou ‘apòt Kris’ rann li inposib pou okinn moun nan tan nou an pran tit sa-a (Travay 1:21-26; 1 Korintyin 15:8).
Apòt Pòl sot prezante nou idantite li kòm gnou apòt e mision li kòm gnou evanjelis.
Kounye-a, apòt lan prezante nou rasín e objè levanjil lan. Mo levanjil lan sinpleman vledi ‘bon nouvèl’. Levanjil sa-a (Bòn Nouvèl sa-a) soti nan Bondieu ki te promèt li depi nan Ansyin Testaman (2:2).
Objè levanjil lan se Jezu Kris. Premieman, levanjil lan gingnin kòm kè li verite an ke Jezu Kris se Pitit Bondieu an, ki vledi, Li te egziste etènèlman nan sièl lan avan nesans Li. Min Li te, dezièmman, inkane nan umanite nan lign roua David dapre lachè, ki fè Li legalman Roua Izraèl. Prèv ke Li premieman Pitit Bondieu avan Li te pitit David se rezureksion Li. Kris te aksepte tit Pitit Bondieu-a e Li te aksepte adorasion kòm Dieu. Si-L te gnou mantè, ki vledi, Li pa-t Pitit Bondieu-a vre, Bondieu pa t-ap leve Li pami mò yo (1:4).
Se Kris sa-a minm ki bay apòt Pòl (avèk lòt douz apòt yo) mision pou yo evanjelize mond lan, pou tout moun ki kouè kapab devni gnou sin, ki vledi, gnou moun ki apa pou Bondieu. Tout sin yo (kouayan yo) doue soumèt anba otorite Jezu. Apòt la fè yo konprann ke otorite sa-a Kris ba li an (avèk lòt apòt yo) ba-l doua pou-l ansegne yo e egzèse otorite sou yo nan vil Ròm, minm ke yo pako konnin li e li pako konnin yo (1:5-6). Tout ansegnman Biblik nou gingnin jodi an se ansegnman apòt Kris yo. Nou tout ki sove doue soumèt anba otorite apòt Kris yo ke nou jouinn nan Nouvo Testaman.
Apòt lan mande Bondieu gras e lapè pou yo. Gras Bondieu an, ki se favè ke nou pa merite, bay la pè, ki se, gnou kè poze nan tout sikonstans vi an. Bondieu (Papa-a) e, egalman, Segnè Jezu Kris, kòm Pitit Bondieu-a, se sous benediksion sa yo (1:7).