Legliz (yo) ki te nan vil Ròm lan te gnou plezi pou Pòl se pa paske manb yo te rich, yo te gran filozòf, eduke, tout moun te an sante e yo pa-t gin okinn problèm. Non. Yo te gnou plezi pou li paske la foua yo te reyèl e reyalite sa-a te parèt nan zèv yo. Pòl pa di angnin de gran don ki egziste pami yo, don tankou profesè, predikatè, evanjelis. Non. La foua yo renome akoz vi pròp yo, e sa fè apòt la rann remèsiman anvè Dieu pou yo, pale de yo san rete (petèt) kòm egzanp pou lòt fidèl yo, e kreye gnou anvi nan kè li pou-l te vizite yo (Ròm 1:8-9).
Apòt lan gingnin gnou asurans ke prezans li pami yo lè-l vini ap pote gnou benediksion (don) espirituèl pou yo, ki va rafèmi la foua yo (1:11-12). Anpil chans, apòt lan ap vini ak ansegnman sou sujè levanjil lan. Ansegnman ap ògmante konesans yo. Plus konesans lan ap akòde yo devlopman espirituèl. Epi devlopman espirituèl lan ap ede yo nan travay evanjelizasion yo an (1:15).
An minm tan, apòt lan rekonèt ke vizit lan ap pote benediksion pou li, tou. Benediksion apòt lan se pou-l ouè moun sa yo ki sove avèk zie li ki pa sèlman gin paròl min ki devouale la foua yo nan zèv epi pou-l tande nan pròp bouch yo eksperians pèsonèl yo avèk Kris jou-an-jou. Apòt lan ap pataje eksperians pa-l avèk yo e fidèl yo ap pataje eksperians pa yo avèk li ‘pou gnoun kapab ankouraje lòt avèk la foua ke’ yo ‘pataje ansanm’ (1:12).
Pòl t-ap prie pou-l vín ouè yo min Segnè-a pa-t ko reponn priè sa-a (1:10). Li revele yo naturèlman sa-k te anpeche-l vini, byin ke vrè rezon an se paske li pa-t ko nan volonte Bondieu: anpechman an se travay li an nan levanjil lan (1:14-15). Min apòt lan konnin lè-l vini l-ap keyi frui pami yo, ki vledi, moun ap sove. Nou pa konnin kòman li fè konn sa. Petèt Sintespri gintan devouale li sa kòm gnoun nan apòt Kris yo (1:13).
An tou le ka, li pa-t ko ka vini paske li te gin obligasion preche tout moun levanjil lan san distinksion, sivilize an ak sovaj lan, eduke an ak ignoran. Tout moun kalifie pou levanjil lan. Travay li an kòm gnou evanjelis te sitèlman anpil, li pa-t ko kapab fè vouayaj lan (1:14-15). E lè-l te rive ouè yo an, se paske Ròm te anchene li, minnin li nan vil lan kòm gnou prizonie—selon volonte Bondieu (Travay 28: 11-16).
Apòt lan pa-t ront levanjil lan, ki se Kris e Travay Li an sou la koua, paske levanjil lan se sèl puisans Bondieu gingnin pou sove lòm anba jujman k-ap vini an. Gnou moun fè eksperians puisans sa-a par la foua, deyò zèv li (1:16). Levanjil lan t-al jouinn Jouif yo an premie kòm pèp Bondieu an selon pak Li ak Abraram, min levanjil lan pou Grèk yo (payin yo), tou.
Levanjil lan inpòtan paske se ladann justis Bondieu parèt: se pa nan la loua, zèv lòm, seremoni (tankou batèm) ke justis sa-a parèt. Non. Justis Li an parèt sèlman e konplètman nan levanjil lan paske se nan levanjil lan (ki se, venu, lavi, soufrans, lanmò e rezureksion Kris lan) ke tout demand legal Bondieu yo te reyalize (1:17). Li te mande pou peche te juje. Kris te vini, soufri, e mouri pou peche. Bondieu te satisfè ak Kris e travay Li an ki fè, apre toua jou, Li te leve Kris pami mò yo (1 Korintyin 15:3-4).
Kounye-a, anba kondision la foua, san zèv pa mele, Bondieu deklare tout moun ki kouè just etènèlman (1:17).