Gnou pechè pèdu ki konesan de eta li (Romin 1:18-3:20) e ki konfie li nan Kris pou salu nanm li, justifie nan Kris etènèlman (Romin 3:21-4:25). Li joui lapè avèk Bondieu konsènan peche li (e jujman Bondieu pou peche li yo) e li joui gnou lapè ki soti nan Bondieu pou sekoure li nan tout sikonstans li trouve li nan vi sa-a (Romin 5:1-11) paske li pa nan Adan ankò min li nan Kris (Romin 5:12-21).
Bondieu te legalman separe li avèk peche. L-ap separe li nan tan prezan avèk peche e Li gin pou-L separe li etènèlman nan gnou tan futu avèk peche nan Anlèvman Fidèl yo (Romin 6:1-23). Byin ke kouayan te legalman mouri avèk Kris an regad peche (6:1-6) e-l te mouri ak Kris devan loua Moiz lan (Romin 7:1-6), tou, pou li te kapab sèvi Bondieu, natu peche ki te avèk li depi avan salu an (Romin 7:7-13) toujou andedan li apre salu an etan li vivan, ap goumin avèk nouvo natu li pou fè-l retounin anba pouvoua peche ankò ( Romin 7:14-25). Rezous kouayan nan batay lan kont natu peche an se le Sintespri ki rann espri li vivan pou reziste e vink sou la loua peche ki vle domine chè li (Romin 8:1-13).
Salu Kris lan pa gnou relijion. Gnou relijion sinpleman prezante ou prinsip li yo. Ou konprann e ou pratike prinsip yo, ki vledi, ou konfòme konpòtman ou selon prinsip relijion an, epi ou tou fè pati relijion an. Salu an, o-kontrè, konvink moun lan de peche li (Romin 3:23), jujman Bondieu pou peche li (Romin 1:18; 6:23), e travay Kris lan pou retire peche li (Romin 3:25). Moun sa-a koute, li konprann e, nan kè-l, li invizibman resevoua Kris par la foua (Romin 1:16-17; 3:22, 24, 26). Nan moman kouayans lan, Bondieu legalman justifie li, ki vledi, Bondieu retire peche li e Bondieu deklare li just deyò pròp zèv li (Romin 4:4-6). Min se Sintespri ke Kris ba li an ki pou fè espri umèn li, ki te separe avèk Bondieu, vini vivan pou dirije manb li yo olie natu peche an. Verite sa-a fè nou ouè (nou-minm ki posede salu an) inpòtans Sintespri an, ke nou te jouinn moman nou te kouè an, nan vi la foua nou. Se pou sa apòt lan di nou ke si gnou moun pa gin Sintespri, li pa moun Kris (Romin 8:9).
Bondieu te adopte fidèl lan, ki te fè-l devni gnou pitit gason (‘fils’) Bondieu nan moman li te kouè an. Konesans plas li nan fanmi Bondieu kòm pitit gason (fils) soti nan le Sintespri. Prèv ke moun lan se gnou vrè pitit gason Bondieu ki posede Sintespri se ke li obei gidans le Sintespri nan vi li (Romin 8:14).
Gnou esklav peche ap pè Bondieu min konesans lan ke li se gnou pitit atravè le Sintespri retire perèz nan fidèl lan. Vrè Kretyin an, paske li adopte nan fanmi lan, rele Bondieu ‘Aba Papa!’ Yo di nou ‘aba’ soti nan lang Aramaik lan. Mo an gin de sans. Li, premieman, se langaj ke gnou ti moun k-ap aprann pale utilize pou adrese papa li. An minm tan, mo an gingnin ladann gnou intimite. Gnou pitit ninpòt laj kapab rele papa li ‘aba’ oubyin nou ka di nan Kreyòl nou an ‘pap’ oubyin ‘papi’. Nan sans intimite-a, minm Kris rele Papa-a ‘Aba’ (Mak 14:36). ‘Papa’ se mo Grèk lan pou mo ‘aba’ ann-Aramaik lan, min ‘papa’ gin plus fòmalite e li plus komunike maturite ke ‘aba’.
Asurans lan ke kouayan adopte nan fanmi Bondieu an soti nan le Sintespri. Adopsion nan tan ke apòt lan t-ap ekri an pa gin minm signifikasion ak tan pa nou an. Gnou ‘adopte’ nan tan pa nou an, kèlke-foua, pa gin minm plas e minm intimite nan fanmi lan avèk gnou ‘pitit’ ki fèt ladann.
Nan loua relijie yo, adopsion nou an (e adopsion Romin an) te inpe etranj pou Jouif yo. Min sistèm Jouif lan ki pi pre adopsion an, byin ke yo pa minm, se lè gnou ti gason fè tranzision timoun pou devni granmoun. Jouif yo te distinge antre gnou pitit e gnou fils (‘pitit gason’). Avan ti gason an gin laj (trèz-an), byin ke li te pròp pitit papa, li te gnou pitit, min li pa-t gnou ‘pitit gason’ (fils). Gin anpil doua ke li pa-t gingnin. Moman li te vín gin laj e li te rive pase par seremoni “bar-mitsva”, li te antre nan tout doua ‘pitit gason’ li kòm gnou sitouayin.
Gnou moun anba loua Romin an te kapab adopte gnou fanmi pre, louin osoua gnou etranje, ninpòt laj (pi aje pase li kèlke-foua), pou fè-l eritie li devan pròp pitit—san!—li. Ogus, kòm gnou egzanp, se te neve Ceza. Li te adopte Ogus kòm pitit li e Ogus te ranplase li kòm chèf Ròm apre lanmò-l.
Bib lan pran de egzanp sa yo pou montre kouayan, byin ke li te gnou ‘etranje’ espirituèl pou Bondieu akoz separasion ‘peche’ nan Edèn, li se gnou ‘pitit gason’ (fils) Bondieu nan salu an. Nan egzanp Jouif lan, atravè le Sintespri andedan li, kouayan se gnou vrè ‘pitit gason’ (fils) ki pataje minm natu ak Papa-a, ki soti nan etap ‘pitit lan’ pou antre nan nivo (fils) ‘pitit gason’ an. Adopsion Romin an, ann-aplikasion, ba kouayan (Jouif e payin, ansyin e jèn, fi e gason, egalman,) tout doua (fils) ‘pitit gason’ an e-l garanti li gnou eritaj (Romin 8:15).
Sintespri bay kouayan asurans ke li gin pou li joui rouayòm lan nan gnou tan futu avèk Kris kòm gnou ‘pitit’. Mo ‘pitit’ lan, kounye-a, se pa ‘fils’ pitit gason (uhios), non, min se mo ki pi jeneral pou pitit lan (teknon), ki signifie gnou vrè pitit; kit li gin laj, kit li pa gin laj; kit li fi, kit li gason. Li se gnou vrè pitit paske li fèt nan fanmi Bondieu, sèt-a-di, li pataje natu Bondieu an par-mouayin le Sintespri ki abite andedan li an. Minm Sintespri an ki bay kouayan asurans lan ke, kòm gnou ‘pitit gason’, li gin gnou eritaj k-ap tann li nan sièl, li gin tout doua nan fanmi Bondieu an e l-ap pataje nan gloua Kris nan rouayòm lan; minm Sintespri an ki asure li, kòm gnou ‘pitit’ ki fèt nan fanmi lan, ke li se gnou vrè pitit nan fanmi Bondieu an; minm Sintespri sa-a ‘ap’ bay kouayan fòs, tou, pou li dakò soufri avèk Kris nan mond pèvèti sa-a ki nan rebelion kont otorite Kris, Pitit Bondieu-a, dezièm pèsonaj nan trinite an (Romin 8:16-18).
An fin, apòt lan devouale nou ke, konesans, natu, e esperans pitit Bondieu an soti nan Sintespri, ke tout vrè kouayan posede.