Kretyin an pa pi bon pase lòt moun paske li te fèt pèdu e kondane akoz peche tankou lèz-òt (Romin 1:18-3:20). Se gras Bondieu ki te ouvri zie-l de eta li, ki te devouale li travay Kris lan pou delivre li anba kondanasion, santans e pouvoua peche. Kretyin an, konesan de eta li e provizion Bondieu anvè li nan Kris, te vire do bay mond lan ak vanite-l e li te chouazi konfie li nan Kris pou delivrans anba jujman Bondieu e anba pouvoua peche (Romin 3:21-6:23).
Minm apre salu an, nan li-minm, Kretyin an san fòs pou konbat avèk peche (Romin 7:1-25). Nouvo konpòtman-l apre salu an se travay le Sintespri ki anndan li. Oui, Kretyin an prie. Li lir e medite sou Paròl Bondieu. Kretyin an doue reziste peche e li gin obligasion evite situasion k-ap tante li tonbe—min dezi pou-l fè bagay sa yo soti nan Sintespri ki abite andedan li (Romin 8:1-13).
Motivasion li pou sanktifikasion se plas li nan fanmi Bondieu, ke Kris te ba li gratis nan moman-l te kouè an. Asurans de idantite sa-a (kòm gnou pitit nan fanmi Bondieu) soti nan Sintespri (Romin 8:14-18).
Esperans li pou futu delivrans anba kòrupsion e pouritu lanmò nan rezureksion an jouinn sous li nan Sintespri, ke Bondieu ba li kòm gnou avaloua konsènan adopsion an k-ap manifeste nan rezureksion nan retou Kris lan (Romin 8:19-25).
Apòt lan devouale nou gnou lòt bagay de Kretyin an. Peche sitèlman afebli li ke li pa minm konnin ki demand pou li fè Bondieu nan la priè. Verite sa-a revele nou ke, Kretyin an ka mande Bondieu pou gnou bagay li panse k-ap ede li nan vi espirituè li e, poutan, se detri bagay lan pral detri li. Demand lan kapab gnou relasion, travay, machín, kay, ninpòt sa-l ye an. Li analize objè dezi li an byin, juskaske li rive kouè ke l-ap bon pou vi espirituèl li, min, an realite, se natu peche an k-ap tronpe li. Min Sintespri ki abite andedan Kretyin an, ki konn vrè bezouin li an, deside fè demand lan pou li. Ta sanble, langaj lòm gin limitasion nan la priè paske demand Sintespri pou Kretyin an fèt avèk soupi ke paròl (langaj lòm) paka komunike (Romin 8:26).
Ekrivin an rafime Kretyin an ke Dieu an ki konn lir kè lòm kapab tande e konprann demand Sintespri ap fè pou li an. Nou doue suiv byin sa k-ap pase la. Kretyin an, li-minm, ap prie Bondieu pou gnou bagay min Bondieu ba li gnou lòt. Rezon pou sa se paske Sintespri gintan ouè sa l-ap mande an p-ap reponn avèk vrè bezouin li. Le Sintespri, Li-minm, mande sa-k bon pou pitit Bondieu an pito epi Bondieu, ki konn kè an, vag demand Kretyin an epi Li reponn demand Sintespri an pito (Romin 8:27).
Gnou Kretyin p-ap fè espre mande Bondieu pou gnou bagay k-ap dez-onore Li. Nou kapab di, tou, gnou Kretyin espirituèl p-ap fasil fè Bondieu gnou demand ki pa ann-akò ak volonte Bondieu e ki kont gidans le Sintespri. Min Kretyin an toujou gingnin gnou natu peche andedan li ki ka tronpe li. Travay le Sintespri pou sekoure li nan la priè ankouraje li prie paske, kote li bute nan demand li yo, Sintespri ap soutni li.
Pasaj sa-a ta doue blanmin moun ki panse ke ninpòt sa gnou moun mande Bondieu ke L-ap ba yo-l. Bondieu ouè pi louin ke lòm. Nou ka panse gnou bagay ap util nou, poutan, se li k-ap detri nou min, paske nou paka ouè futu an, nou mete tout espoua nou sou li. Kòman nou ta doue panse ke Bondieu ap fasil reponn ak demand sa-a? Si Li ta ban nou-l, nou gintan konnin se gnou punision, se pa gnou benediksion. Pou rezon sa-a, li saj pou gnou Kretyin prioritize volonte Bondieu devan demand li yo. Si Bondieu reponn nan fason li te panse-L t-ap reponn lan, li doue remèsi Li. Lè Bondieu deside reponn gnou lòt fason, tou, sa pa doue diminue nan remèsiman. Minm silans Bondieu konn pote benediksion pou pitit Li yo.
Inbin, nou ouè, Kretyin an se gnou èt depandan, ki bezouin sekou Bondieu nan tout nivo nan vi espirituèl li. Se pa bon li pi bon ke lèz-òt min, pito, se beni li beni.