I
Kretyin an te anba kondanasion pou peche li yo tankou tout lòt desandan Adan yo (1:18-3:20) min li te dekouvri ke Kris te mouri pou peche e Bondieu te ofri gnou padon gratis atravè la foua nan lanmò e rezureksion Kris lan. Apre li te konfie li nan Kris, Bondieu te justifie li, sèt-a-di, Bondieu te deklare li just etènèlman (3:21-31). Bondieu te asure li ke justifikasion li te jouinn nan Kris lan mete li nan lign ansyin kouayan yo ki te justifie par la foua parapò promès Bondieu nan lòt epòk yo (4:1-25).
Justifikasion kouayan retire peche li e kolè Bondieu pou peche li yo. Justis ke Kris t-achte ak san Li an, ke Li te fè kouayan kado par la foua moman li te kouè an, bay kouayan la pè (e li rekonsilie li, tou, ki vledi, li fè-l zanmi) avèk Bondieu (5:1-11). Justifikasion an chanje destin kouayan konplètman. Anba Adan, li te gnou pechè ki te kondane e anba lanmò (naturèl, espirituèl e etènèl). Min moman li te resevoua Kris par la foua, Bondieu te transpòte li espirituèlman soti nan Adan pou plase li nan Kris, ki fè li vivan espirituèlman. Nan Kris, kounye-a, Bondieu promèt li gnou kò inmòtal nan rezureksion an ki paka mouri e Bondieu promèt kouayan ke l-ap joui benediksion sa yo etènèlman paske li posede lavi etènèl (5:12-21).
Apòt lan te montre kouayan ke li sanktifie, tou, nan Kris, ki vledi, Bondieu separe li avèk peche e mete li apa pou sèvis Li. Sanktifikasion kouayan vini nan toua etap: Bondieu ouè kouayan, premieman, mouri, antere e resusite avèk Kris nan batèm le Sintespri an, ke batèm dlo an sinbolize (6:1-7). Kouayan sanktifie, dezièmman, pandan li sou tè an pou li sèvi Bondieu nan justis. Kris e le Sintespri prezan nan vi li pou ede li pratike sanktifikasion min kouayan doue chouazi ouè ke li separe avèk peche, e mèt li kounye-a se justis, se pa peche. Premie etap nan sanktifikasion an se Bondieu ki te fè tout pou kouayan moman li te konfie li nan Kris (6:8-21) min dezièm etap lan mande-l patisipe, tou, byin ke patisipasion li an fèt atravè sekou Kris e le Sintespri. Kouayan gin pou li sanktifie, touazièmman, lè, nan rezureksion an, l-ap vín sin fizikman paske l-ap resevoua gnou kò ki paka fè peche e l-ap antre nan sièl lan pou li fizikman fè eksperians lavi etènèl lan ke li te resevoua par la foua nan Kris pandan li te sou tè an (6:22-23).
Nou kouaze ak gnou problèm mintenan. Kouayan an ki gintan justifie (1:16-17, 3:21-31), asure (5:6-9), rekonsilie (5:10-11), relokalize (5:12-21), e sanktifie (6:1-23) nan Kris vín dekouvri ke li paka reziste peche. L-ap goumin pou li viv nan sanktifikasion min l-ap plede tonbe (7:14-25).
Efò kouayan pou li viv nan sanktifikasion an se prèv ke li se gnou vrè Kretyin. Li pa sèlman gin ‘paròl la foua’ min li gin gnou lanmou pou Kris nan kè li ke Sintespri te plante la (5:5). Gnou fo Kretyin pa-p anvi (e chache) onore Kris ak vi li. Kesion an, kounye-a, se poukisa li echoue an fas tout efò li yo.
Apòt lan montre nou ke kouayan sa-a ap chache pratike sanktifikasion selon loua Moiz lan. Kretyin sa-a te klè ke la loua pa-t kapab sove li. Se Kris sèlman atravè soufrans, lanmò e rezureksion Li ki te ka delivre li anba jujman pou peche li. Min fidèl sa-a, malerezman, panse ke, apre salu an, la loua gin pouvoua pou ede li viv pou Bondieu (7:1-25).
II
(7:1-6)
Pou ede nou plus konprann separasion kouayan avèk la loua, apòt lan anplouaye egzanp mariaj. Jouif lan, tankou Romin an, te konn loua mariaj lan byin. Loua mariaj lan atache madanm lan avèk mari li tout tan mari an vivan. La loua mariaj libere li pou-l remarie sèlman si mari li mouri. Pou-l kite mari li pou gnou lòt nèg tout tan mari an vivan se adultè. Nan ka sa-a, loua mariaj jouif lan e loua mariaj payin an klè. Min moman lanmò pote mari an ale, madanm lan lib pou-l remarie. Pèsòn paka di li angnin (7:1-3).
Kouayan te atache avèk loua Moiz lan avan li te jouinn ak Kris minm jan madanm lan te atache ak mari li. Byin ke payin an pa-t anba loua Moiz lan, li te anba la loua konsians. Epi, tou, pou payin yo ki te abitie ak loua Moiz lan, la loua konsians yo te vín infòme parapò kontak yo ak verite an, ki vín rann yo pi responsab devan Bondieu (2:12-16).
Apòt lan te gintan devouale kouayan ke, lè li te konfie-l nan Kris, li te mouri, antere e resusite avèk Kris (6:3-4). Pòl revizite verite sa-a ankò pou montre kouayan ke li separe avèk la loua nan lanmò. Nan egzanp lan o-par-avan, se mari an ki te mouri (7:3). Andedan levanjil lan, la loua (mari an) toujou vivan. Se kouayan (madanm lan) ki mouri. Lanmò mete gnou separasion final antre kouayan e la loua pou li kapab uni avèk Kris nan gnou union espirituèl ki sanble ak gnou union mariaj. Premie foua nou te jouinn lanmò kouayan, li te separe avèk peche nan lanmò (6:3-4); kounye-a, kouayan separe avèk la loua nan lanmò. Sous frui nan vi Kretyin an pou Bondieu kounye-a se idantifikasion li ak Kris nan rezureksion Li (7:4).
Avan kouayan te vín espirituèl parapò union li avèk Kris nan salu an, li t-ap viv daprè la chè, ki vledi, li t-ap viv selon anvi kò li. Non sèlman sa, prezans la loua te eksite pasion peche ki te abite nan chè li, ke li te obei ak manb li yo. Eta sa-a te rann li inposib pou vi li te bay okinn frui ki te ka fè Bondieu plezi. Okontrè, frui nan vi li, pandan li te nan eta sa-a, olie yo te minnin li nan lavi, yo te minnin li nan lanmò pito. Atravè idantifikasion fidèl lan ak Kris nan soufrans, lanmò e rezureksion Li, kouayan delivre anba loua Moiz lan. Kouayan te tou delivre anba prinsip sa-a, ke apòt lan rele gnou loua, ki te kinbe li esklav egzijans la chè. Nan esklavaj sa-a, la chè te di-l fè, li te oblije fè. Prezans le Sintespri andedan kouayan nan salu an kounye-a rekonekte espri li, ki te mouri, avèk Bondieu. Kouayan, nan Kris, ap sèvi Bondieu daprè gnou nouvo espri. Li pa-p sèvi Bondieu dapre demand la loua ki pa-t ka ba-l pouvoua pou-l te obei Bondieu (7:5-6).
III
(7:7-8)
Apòt lan rekonèt ke gnou ‘mal-konprann’ ka panse l-ap di ke loua Moiz lan se peche. Poutan, la loua ede nou idantifie peche pi fasil (7:7). Problèm lan se pa la loua min se peche. Dèske la loua ede nou idantifie peche min li pa ba nou fòs pou-n reziste, peche te vòlè okazion an. Moman la loua idantifie gnou peche, li òdone nou pa fè li. Min lè nou resevoua lòd lan, nou vín plus anvi fè peche an. Avan la loua te idantifie peche an, nou pa-t konnin peche an te egziste. Lè nou vín konnin li egziste, nou plus anvi fè eksperians lan. Se nan sans sa-a apòt lan di ‘san la loua, peche te mouri’ (7:8).
Apòt Pòl pran tèt li kòm gnou egzanp pou montre frekansite peche, ke pa gin gnou ansyin pitit Adan ke peche pa rive sou li (7:9-25). Pòl pral montre nou ke la loua eksite peche andedan kouayan avan-l te jouinn salu an (7:9-13) e li kontinue fè sa minm apre salu an (7:14-25).
IV
(7:9-13)
Pòl sonje gnou okazion lè peche te nan vi li min li pa-t konsian de prezans ènmi an. Nou konnin, selon ekritu apòt lan lòt kote, li te pròp relijieman, ki vledi, li pa-t gnou vòlè, asasin, fonikatè osoua gnou mantè. Nou kouè li plus ap pale de peche nan kè li, sèt-a-di, move anvi, ki se dizièm komandman (7:7; Egzòd 20:17). An-tou-le-ka, apòt lan sonje li te satisfè ak eta relijie li, min, gnou jou, konsians li te reveye de vrè demand la loua. Nan moman sa-a, li te vín konprann ke li te koupab an regad peche li e li te konprann ke li te mouri. Intansion Bondieu lè-L te bay lòm la loua—si lòm te ka obzève la loua—se pou la loua te bay lavi. Non sèlman la loua pa-t bay lavi, li te minnin apòt lan nan lanmò paske moman konsians li te reveye de peche li, chè li te pouse li pou li te plus anvi fè peche yo ke la loua t-ap chache fè-l evite yo. Ankò, se pa la loua ki problèm lan paske ‘la loua sin e kòmandman sin, li just e li bon’ (7:12). Sè inposib pou gnou bagay ki bon tankou la loua devni ‘gnou koz pou la mò’ (7:13). Apòt lan vle pou nou konprann ke peche sitèlman terib, li sèvi avèk gnou bagay tankou la loua, ki bon nan li-minm, pou eksite move anvi nan nou pou tue nou espirituèlman. Byin ke nou te gintan mouri avan la loua te antre min zie nou te fèmin sou realite sa-a. Se aktivite peche atravè la loua ki fè nou ouè vrè vizaj peche. Sa-a se prèv ke la loua, nan li-minm (la loua), bon (7:9-13).
V
(7:14-17)
Etan Kretyin an espirituèl nan Kris, natu Adamik lan ki nan li toujou esklav peche—e se sa ki sous tout problèm li yo. Loua Moiz lan espirituèl min natu Adamik lan, ki chanèl, toujou prezan nan kouayan. Pou rezon sa-a, lè fidèl lan ap chache viv nan sanktifikasion selon la loua, li echoue. Nouvo natu an di-l pou-l suiv la loua, pou-l fè sa ki bon, min manb li yo ap kondui li nan gnou lòt direksion, e-l pouse-l fè sa-l rayi. Se gade-l gade-l ouè l-ap fè gnou seri de betiz. Peche vín tankou gnou èt vivan k-ap aji ak manb li yo san pèmision li. Kouayan konklu ke pa gin angnin bon ki abite nan fin-fon-kè li (Jeremi 17:9), paske, kòm gnou kouayan, li konnin ke sa la loua di-l fè yo bon min li pa jouinn pouvoua pou li fè yo, ki vledi, li pa fè byin ke li vle fè yo. Se mal li pa vle fè yo ke li fè. Paske kouayan mete tèt li anba la loua pou sanktifikasion e la loua paka bay pouvoua li bezouin an, puisans peche ògmante. Peche, ki abite nan li, pran kontròl manb li yo. Kouayan rive dekouvri ke, minm apre salu an, la loua (oubyin, prinsip) peche kontinue travay nan li. Min nouvo natu an toujou avèk li osi. Se prezans li ki fè kouayan anvi fè byin. Min, malerezman, loua Moiz lan paka ede-l. Peche makonnin e mare tèt li avèk kouayan (7:14-21).
VI
(7:22-25)
Fidèl sa-a ke peche vle toufe an se pa gnou fo Kretyin k-ap chache pase pou gnou vrè fidèl. Lè li gade andedan li, kouayan ouè pa gin angnin ki bon paske li ouè sa li ye nan Adan (7:20). Min, paske li se gnou vrè fidèl, an minm tan, li kapab di li ‘pran plezi nan la loua Bondieu’ (7:22). Li pa gin fòs selon li-minm pou obei la loua min nouvo natu li an rinmin la loua, e nouvo natu an ta rinmin kouayan mache ann-akò ak sintete la loua. Min lòt la loua, ki se prinsip peche an, trò fò. La loua (oubyin, nou kapab di, prinsip peche-a) deklare gè kont la loua (oubyin prinsip) lespri li, ki signifie, nouvo natu li. La loua peche (ansyin natu an) pote viktoua sou la loua lespri li (nouvo natu an) ki rann li esklav la loua (prinsip) peche atravè manb li (7:23).
Gnou fo Kretyin pa-p gin problèm obei demand peche. Konsians li kapab deranje li tou-piti, min li kapab fasil vag dekonfò an e kontinue ak vi li e revizite peche-l kontinuèlman. Min moun sa-a ke peche met min sou li an (paske li chouazi chache fòs nan la loua pou batay lan) ap sinsèman krie pou delivrans
“Ala mouin mizerab! Ki lès ki va delivre-m anba kò sa a k-ap kondui-m nan la mò”
(Romin 7:24)
Vrè kouayan sa-a ap toufe e li konnin li pa kapab kontinue konsa. Min fidèl lan pa abandone. Li pa jouinn ankourajman kontinue anba bra la loua min Paròl Bondieu voye li al jouinn Segnè Jezu Kris pou delivre li anba opresion peche
“An nou remèsie Bondieu, gras-a Jezu-Kri, Segnè nou…”
Konbat sa-a ap kontinue tout vi Kretyin an. Lespri li (oubyin, nouvo natu li) se esklavaj la loua, ki signifie prinsip justis Bondieu an ki manifeste nan loua Moiz lan; min nan chè li, (ki signifie ansyin natu ki abite nan chè li,) kouayan se esklav la loua (oubyin, prinsip) peche (7:25).
Salu an pa chanje osoua amiliore natu Adamik lan paske apòt lan sot montre kouayan ke loua Moiz lan paka bay sanktifikasion. Li pral montre fidèl lan kòman li kapab gingnin (e li doue gingnin) viktoua sou peche nan Kris atravè le Sintespri (8:1-13).