Nan salu an, nou te ouè ke eta lòm kòm pechè te fè li merite kolè Bondieu (Romin 1:18) min Bondieu te chouazi bay moun yo ki te vín jouinn Kris, Pitit Li an, justis (Romin 3:26) olie kolè-a ke yo te merite. Nan kontèks sa-a (Romin 9), le Sintespri pran prinsip ‘choua Bondieu-a’ e-L aplike li a Izraèl kòm gnou nasion Bondieu chouazi fè gras minm ke yo merite kolè e abandonman (Romin 9:1-13). Apòt lan montre kòman Bondieu te rejte lòt pitit lejitim Abraram yo pou Izaak indepandan de choua e zèv yo etan, an minm tan, pèsòn paka chaje Bondieu ak injustis (Romin 9:7-14).
Pou moun lan ki deranje ke Bondieu te chouazi Izaak devan Izmaèl, e li te chouazi Jakòb devan Ezau, verite an ke li doue aksepte-a se ke Bondieu kapab fè sa Li vle. Li te gintan devouale Moiz sa-a ke Li ‘gin mizèrikòd pou moun’ Li ‘chouazi gin mizèrikòd e’ Li chouazi ‘gin konpasion pou moun’ Li chouazi ‘gin konpasion’ (Romin 9:15; Egzòd 33:19). Lè Bondieu fè gnou moun gras, ‘sa pa sòti nan moun ki vle’ gras lan ‘ni nan moun ki fè efò, min nan Bondieu ki gin mizèrikòd’ (Romin 9:16). Kontèks lan klè. Etan Moiz te sou mòn Sinai an ap resevoua la loua pou yo, Izraèl te abandone Bondieu pou yo te loué gnou bèf an lò ke Araon te kreye pou yo. Oui, Moiz te prie Bondieu pou-L pa-t detri yo akoz peche sa-a min rezon Bondieu non sèlman padone yo min Li te deside kontinue fè rout lan avèk yo toujou se akoz konpasion e mizèrikòd Li. Minm jan Li te chouazi nasion an (Izraèl) nan Izaak e Jakòb avan yo te ka eseye travay pou sa (paske mesie sa yo pa-t ko minm fèt), se konsa, tou, Li te chouazi padone nasion an pou zak idolatri bèf an lò an. Bondieu te gin tout doua juje e konsa, tou, Li te gin tout doua padone yo. Li te chouazi padone yo.
Apòt lan ale pi louin pou montre ke, non sèlman Bondieu ka chouazi montre gras kote sa ki merite an se kolè, min Li kapab andusi, tou, ki vledi, Li kapab fè kè gnou moun du.
Gnou moun Bondieu te andusi kè li se te Faraon:
“Se pou sa minm mouin kanpe ou, pou-m montre puisans mouin sou ou, e pou-m publie non mouin sou tout la tè”
(Romin 9:17)
Nou aprann kounye-a, Bondieu kapab mete gnou moun apa pou benediksion, tankou Izraèl (Izaak e Jakòb) e li kapab mete gnou lòt moun apa pou jujman osi, tankou Faraon (Romin 9:18).
Moun k-ap opoze Bondieu-a pran paròl yo deyò kontèks yo pou akuze Bondieu. Minm jan li te mal intèprete choua Bondieu-a pou Izaak devan Izmaèl e choua Bondieu pou Jakòb devan Ezau (Romin 9:9-13), konsa, tou, li pran andusman Faraon deyò kontèks li pou aplike-l nan salu an, ki vledi, pou li, minm jan Bondieu te andusi Faraon pou-L pa-t chape gran jujman, konsa, tou, opozision an panse Bondieu andusi moun pou yo reziste levanjil lan pou yo kapab juje nan lanfè (Romin 9:19).
Avan apòt lan montre opozision an erè ki egziste nan konpreansion li an, Pòl montre li ke Bondieu sovrin, ki vledi, Li kapab fè sa-L vle, lè-L vle e jan-L vle. Li pa doue okinn moun esplikasion pou aksion Li yo, byin ke li souvan chouazi ba nou anpil detay. Gnou lòm pa gin doua replike Bondieu minm jan gnou veso ke gnou ouvrie fòme paka pale kont ouvrie an. Moun lan ki fòme veso yo gin tout doua pou-L kreye ninpòt veso li anvizione kreye avèk tè gra (Romin 9:20; Ezayi 45:9). Ouvrie an kapab pran tè gra pou fè gnou veso pou sèvis onorab oubyin li kapab fè avèk minm tè sa-a gnou veso pou sèvis ki dezonorab selon volonte li (Romin 9:21). Sa pa vledi tout moun ki fè byin, se Bondieu ki fòse yo onorab e tout moun ki fè mal se Bondieu ki fè yo dezonorab. Nan kontèks sa-a li sèlman vle nou konprann ke ouvrie-a, o kouran de tè gra li an, gin tout doua e tout pouvoua pou fè veso li vle fè avè-l. Tè gra paka replike (osoua opoze) ouvrie an. Konsa, tou, an palan de choua Li pou Izraèl, Bondieu kapab fè sa Li vle.
Kounye-a, apòt lan pral montre opozision an erè li. Pou ede nou konprann ke Li pa-t fòse Faraon devni malin an li te rive ye an, apòt lan di nou ke Bondieu te ‘andure’ Faraon avan Li te deside ‘andusi’ li.
Bondieu te supòte Faraon sou pouvoua byin ke li te gnou move moun ki te merite juje pi rapid. Li te andure tout zak mechanste Faraon yo, ki vledi, Li te supòte Faraon paske Li te vle mond lan konnin pouvoua Li atravè jujman ke Li ta pral vide sou li par mouayin Moiz. Se pou rezon sa Li te pran pasians avèk Faraon byin ke Li te ka juje-l avan Moiz te minm vini akoz mechanste-l anvè Izraèl. Oui, Bondieu te andusi Faraon pou-l pa-t repanti, min se sèlman apre li te andusi pròp kè-l. Li te bay Faraon chans pou-l te repanti, pou-l te kapab delivre anba jujman yo ki t-ap vini an, min Faraon te vag gras Li an. Apre sa-a, Bondieu te suspann eseye minnin li nan repantans. Se konsa Li te andusi Faraon (Romin 9:22).
Etan Bondieu te vle fè ouè pouvoua Li nan veso kolè yo, konsa, tou, Li vle montre richès gloua Li nan veso mizèrikòd li yo ke Li te pare davans pou la gloua. Kounye-a, li pa sinpleman gingnin devan Li nasion Izraèl min tout moun ki posede salu etènèl lan, kit li Jouif, kit li Payin (Romin 9:23-24). Li klè selon de grinn vèsè sa yo li sot site nan Ose (1:10; 2:23) ke li rapidman retounin sou Izraèl ankò: akoz peche yo, pou gnou ti tan, Li te rejte yo, min Li gin pou Li repran yo ankò kòm pèp Li. Min Ezai revele ke se pa tout nasion an k-ap sove (Ezai 10:22-23). Nou konnin profesi Ezai an gin de akonplisman. Premieman, Ezai ap pale de nasion an nan tan pa li an apre nasion la Siri te prèske fín detri yo, ke Bondieu, an fas devastasion sa-a, t-ap kite gnou ti restan. Min restan sa-a, dezièmman, jouinn vrè akonplisman li o dènie jou lè Kris retounin pou etabli rouayòm Li an, ke ap gin gnou ti restan nan nasion an k-ap nan kredulite (Romin 9:25-28). Epi, tou, Ezai rafime ansegnman apòt lan de pèp promès lan, ke Bondieu te toujou rejte chè an pou espirituèl lan (promès lan), ki fè-L te met Izmaèl atè pou Izaak e Li te rejte Ezau pou Jakòb. Nan tout epòk, li te toujou mete atansion Li sou gnou restan, gnou ti group, ki te atache avèk promès lan (tankou Izaak e Jakòb) devan foul lan ki te nan inkredulite. Si se pa-t pou restan sa-a gras Li te prèzeve an, justis Li t-ap pouse Li detri Izraèl minm jan Li te detri Sodòm e Gomò (Romin 9:29; Ezai 1:9); ki vledi, Bondieu te toujou prezève gnou restan ki te (e ki) rann li posib pou Izraèl kapab kontinue egziste kòm gnou pèp.
Byin-ke payin yo pa-t gin (e yo pa t-ap chache) justis Bondieu an selon la loua, se payin an minm ki nan kredulite, ki kinbe temouagnaj pou Bondieu an palan de justis lan ki vini par la foua nan Kris (Romin 9:30).
Min Izraèl ki posede la loua justis Bondieu-a, ki t-ap chache justis, pa-t jouinn justis li t-ap chache an. Rezon ki fè-l pa-t jouinn justis lan se paske li t-ap chache justis lan selon zèv la loua (Romin 9:32). Problèm lan se ke la loua sinpleman montre nou peche nou e li kondane nou pou dezobeisans nou. Se Kris, o kontrè, ki bay justis par la foua, deyò zèv la loua. Dèske yo rejte Kris ki bay justis lan pou la loua ki revele peche e ki kondane tout dezobeisans, Kris te devni pou yo gnou Ròch butay (Ezai 28:16).