Gnou fenomèn ki tout kote nan mond lan e ki deranje anpil moun, se ke, par-foua, pou ou antre kèk kote (buro, pòs, antrepriz), se pa sa ou konnin oubyin eksperians ou k-ap mete ou anndan min se MOUN ou konnin an. Sa-a se gnou gran injustis min se gnou realite.
Pou nou antre nan sièl lan, tou, se pa akoz zèv nou fè oubyin akoz sa nou konnin min se akoz Moun nou konnin an.
Nan gnou tan futu, pral gin anpil moun ki pral di le Segnè Jezu, “Segnè, Segnè, èske nou pa-t preche o-non ou? Èske nou pa-t chase demon o-non ou? Èske nou pa-t fè pluziè mirak o-non ou?” Kris pa di yo fè aktivite sa yo vre, ni Li pa di yo pa fè yo vre. Se pa sa ki intèrese Kris. Li reponn yo—Li di yo, “Mouin pa-t janm konnin nou; ouete nou sou mouin, nou-minm ki konmèt inikite” (Matie 7:22-24).
Chase demon, fè mirak, se zèv. Preche o-non Li mande inpe konesans. Yo gin konesans e yo gin zèv min Kris pa-t konnin yo. Li pa-t antre nan gnou relasion avèk yo nan salu an.
Apòt Jan te gintan fè nou konnin ke se gnou relasion avèk Kris ki rann li posib pou gnou moun devni gnou pitit Bondieu, ki fè-l posib pou moun lan antre nan sièl lan:
“Min li bay tout moun ki resevoua li pouvoua pou yo vini pitit Bondieu, tout sa yo ki kouè nan non li” (Jan 1:12)
Gnou moun ki kouè nan Kris, ki vledi, li kòmanse mete tout espoua li pou padon peche li yo e tout espoua li pou li antre nan sièl lan sou Kris, moun sa-a sove. Kris konnin li e li konn Kris. Se pa mete inpe espoua nan Kris, inpe nan gnou batèm, inpe nan jou saba, inpe nan zèv. Gnou moun konsa, Kris pako konnin li. Se pa konnin li pa konnin de moun lan, ke moun lan egziste. Sa-a inposib. Non, sa vledi, Li pa konnin moun lan espirituélman. Li pa gin gnou relasion avèk moun lan paske, tout kote Li pale sou sujè an, Kris di se la foua nan Li sèlman ki bay salu an.
Nou sonje lè Kris te di disip li yo ke Li ta prale (nan sièl lan), e ke, yo konnin kote li ta prale an e yo konnin chemin an. Yo te reponn Kris, yo pa konnin ni kote Kris prale an, ni chemin an. Kris fè yo konnin ke Li ‘se chemin an, la verite, e lavi: pesonn pa vini jouinn Papa a si se pa gras-a’ Li —e dèske yo konnin Li, yo nan chemin sièl lan deja (Jan 14:1-7).
Pou nou kalifie pou salu an, gin konesans nou doue gingnin: nou doue konnin nou se pechè e nou san fòs pou-n sove tèt nou; nou doue konnin ke Sovè an se Kris, e fason Kris sove an se par la foua. San konesans sa yo, nou pa ta pral jouinn Kris pou salu nanm nou paske nou pa t-ap ouè ke nou gin bezouin Li. E apre n-al jouinn Kris e Li sove nou, n-ap gin zèv ki suiv salu an. Li inposib pou pa gin zèv.
Min, pou nou antre nan sièl lan, se pa ni konesans, ni zèv. Se Kris sèlman.
Nou te pale de injustis koutum sa-a nan mond lan, ke, kèlke-foua, se pa konesans nou (edukasion nou) e eksperians nou (konpetans nou) ki ba nou gnou pòs travay min se gnou moun nou konnin ki byin konekte.
O-kouran sièl lan, nou su e sètin ke si konesans nou e zèv nou te ka bay salu an, Bondieu t-ap pi pito-l konsa paske Pitit Li an pa t-ap bezouin kite sièl lan pou-L te vín soufri-mouri sou tè an. Bondieu fè moun antre nan sièl lan par mouayin gnou relasion espirituél ak Pitit Li an paske se sèl fason sa-a Bondieu ka fè moun antre nan sièl lan paske se Kris ki te subi chatiman an pou peche nou yo sou la koua:
“Kris rachte nou an-ba malediksion la loua, paske li te tounin malediksion pou tèt nou, jan sa ekri a: Moun ki pandie sou boua a modi” (Galat 3:13)
“Pitit Bondieu a...ki te rinminm e ki te bay tèt li pou mouin” (Galat 2:20)
Nou ouè pou ki rezon Kris te oblije di Jouif yo ki te rejte Li an:
“Nou va chache-m, e nou p-ap jouinn mouin, e kote mouin va ye a, nou pa kapab vini” (Jan 7:34)
O kontrè, lè Kris ap pale ak disip Li yo, moun ki te tande Paròl Li yo e ki te kouè nan Li, Kris di yo, ale-L ale an, se gnou plas L-al prepare pou yo:
“Si mouin ale prepare gnou plas pou nou, m-a tounin, m-a pran nou avèk mouin, pou kote mouin ye nou kapab la tou” (Jan 14:3).