Nou vle reponn gnou kesion: kesion an se èske la Bib ansegne ke Bondieu ofri lòm ‘lavi etènèl...’
Nou konnin gin anpil moun ki kont ke, lè gnou moun sove, moun sa sove nèt. Min nou doue konprann, par definision, se sa mo ‘etènèl’ lan vledi.
Si ou dakò ke GNOU MOUN KI SOVE gin lavi etènèl, ou otomatikman kouè moun lan, depi li sove tout bon vre, li sove etènèlman, ki vledi, li sove nèt. Li gin lavi etènèl.
Èske Bib lan ansegne ke Bondieu ofri lòm ‘la vi etènèl’?
“ ... ninpòt moun ki kouè nan li [Kris] kapab gin lavi etènèl”
(Jan 3:15)
“ ...Moun ki kouè paròl mouin, e kouè sila ki voye mouin an, li gin lavi etènèl, li pa vini nan jujman, min li sòti nan la mò, li antre nan lavi”
(Jan 5:24).
Gin anpil lòt, min nan vèsè sa yo, nou ouè Bib lan di nou gnou moun ki kouè nan Kris gin lavi etènèl depi nan minm moman li kouè an.
Gin moun k-ap kouri di li doue kouè min fò li fè zèv, tou, pou li kinbe salu an.
Pou rezon sa, nou doue chache konnin anba ki kondision Bondieu bay gnou moun ki resevoua Kris lavi etènèl.
Pou moun yo ki rantre zèv anndan lavi etènèl lan, li klè ke li inposib pou yo kouè ke lè ou sove ke ou sove nèt. Paske se tout vi ou ke ou doue pase nan fè zèv. Se just lè lavi an fini ou-ap konnin si zèv ou yo te ase. Non sèlman si li ase, min se si ou kontinue paske, tout tan ou vivan, ou ka bute e, par malè, ou kapab mouri nan but lan avan ou repanti. Lè sa, ou p-ap ka rantre nan sièl lan. Lojik lan klè: depi ou mete zèv nan salu an, tout tan ou vivan, ou paka janm di ou sove etènèlman. Ou paka janm di ou sove nèt.
Etan nou minm ki resevoua lavi etènèl lan rekonèt ke zèv nesesè apre salu an paske se pou sa Bondieu te sove nou (Efezyin 2:10), nou konprann ke salu nou an pa gin angnin pou ouè ak zèv nou. Zèv ki sove nou, ki ban nou padon an, ki ban nou asurans lavi etènèl lan, se ZÈV Kris lan sèlman sou la koua (Galat 2:20).
Gingnin pluziè rezon ki fè nou pa rekonèt zèv anndan salu an. Min, pi gran rezon an se Kris. Ou pa-p jouinn gnou kote Kris prezante zèv kòm gnou kondision pou lavi etènèl lè Li trete sujè a. Se toujou sinpleman lafoua nan Li kòm Pitit Bondieu-a.
Reflechi byin sou sa: lè gnou moun tankou Nikodèm (Jan 3:1-18) oubyin tankou dam Samaritèn lan (Jan 4: 4-28) te bezouin konprann kòman yo te kapab sove (posede lavi etènèl), Kris pa-t janm preche lafoua e zèv. Kris te toujou preche lafoua nan Li-Minm sèlman.
Èske Kris pa t-ap pale de zèv kòm gnou kondision pou kinbe salu an si se ak kondision sa-a Bondieu te sove gnou moun...? Paske salu an se Kris. Si gingnin gnou otorite ki pou detaye li e pale nou sa-l ye, nou pa-p jouinn gnou otorite tankou Kris oubyin gnou otorite ki depase Kris. Pou Kris, la foua te sufi san Li pa-t prezante lòt kondision anndan-l. Poukisa si Kris satisfè ak salu an konsa nou minm-minm nou pa satisfè min nou vle mete lòt kondision ladann? Moun ki te akonpli travay salu an se Kris. Moun ki bay lòm salu an se Kris. Moun ki detaye lavi etènèl lan pi plis e pi byin nan Bib lan se Kris. Moun lan k-ap deside ki moun L-ap resevoua nan sièl lan e ki moun Li pral voye nan lanfè se Kris. Si Kris di, moman gnou moun repanti (nan kè li) e moun lan mete konfians nan Li (nan kè li) ke moun sa-a gin lavi etènèl, ki doua gnou lòm gingnin pou li vín di gnou bagay o-kontrè sa Kris di an? Ou minm k-ap suiv nou an, kisa ou gingnin pou salu nanm ou? Paròl Kris oubyin paròl gnou umèn tankou ou?