Yo te pito rete grangou pou nou te kapab manje. Pluziè ane te pase sou yo avèk minm ansyin rad yo pou nou te kapab abiye byin. Nan chache sante nou, rezèv yo te seche, byin yo te pase, dèt te akumile, umiliasion te toujou pre.
Avan nou te kapab prononse mo lidè an, definision an te devan zie nou. Yo pa-t konnin si nou ta pral pran move chemin pou-n te devni vòlè, asasin oubyin bandi, pou-n te akoz non yo site mal pou sink-san-tan apre yo te mouri. Malgre tout efò ki te fèt, yo pa-t konnin si yo t-ap reusi oubyin echoue. Yo te deside pran chans lan kanminm paske yo te rinmin nou.
Kapab gin ofelin k-ap suiv nou ki pa konn ni lanmou papa, ni lanmou manman. Ka gin moun, tou, granmoun yo te trouve nesans yo inkonvenab. Yo pase kay matant, kay kouzín e kay lòt fanmi; kote manje yo se te mepri, bouason yo se te abu (move tretman).
Anpil lòt paka suiv nou paske yo pa-t janm ouè lumiè mond lan. Premie lumiè yo te ouè se te lumiè sièl lan; premie vizaj yo te rankontre se te vizaj Bondieu; paske, avan yo te kapab jouinn nesans, granmoun yo te asasine yo—pròp mèt yo te jete yo.
Bondieu gingnin gnou Lidè pou ou. Lidè Bondieu an te gintan konnin ke moun ki depann de Li pou souf, sante e egzistans yo t-ap rayi e trayi Li. Ak tout konesans sa-a, Li deside rinmin e soutni yo chak jou ke yo vivan:
“Paske se nan li nou gin la vi, mouvman epi egzistans” (Travay 17:28)
Li te koute Lidè Bondieu an chè pou Li te prepare moun pa-L yo pou gnou avni avèk Li nan gloua Li. Pou-L te akonpli sa-a, Li te kite sekurite peyi e kay Li pou Li te antre nan domèn ènmi-l yo, kote Li te subi jouman e abu, juskaske, apre yo te fín abuze Li, yo te rive tue Li:
“Bondieu te mete Sint-Espri epi puisans sou Jezu, moun Nazarèt, ki te ale plas an plas ap fè biin, ap geri tout moun ki te anba pouvoua le diab, paske Bondieu te avèk li. E nou se temouin tou sa li te fè nan peyi Jouif yo, ak nan Jeruzalèm. Yo te tue li, yo te pann li sou boua a” (Travay 10:38-39)
Li te konnin ke minm moun pa Li yo, ke Li te rachte ak san Li, pa t-ap toujou fidèl avè-L epi, ak tout konesans sa-a, Li rinmin yo e Li p-ap lage yo juskaske Li rive avè yo Lakay Li:
“Si nou infidèl, li rete fidèl, ka li pakab nie tèt pa li li-minm” (2 Timote 2:13)
Gnou moun ki pa konn lanmou gnou paran, lè li jouinn ak Kris, Lidè Bondieu an, l-ap ouè li pa manke angnin. An minm tan, moun lan ki konn lanmou e sakrifis gnou paran, apre Li rankontre ak Kris, ap konprann, devan lanmou-L, pa gin gnou lòt lanmou. Apre Kris, pa gin gnou lòt lidè.
Nou konseye ou: pa viv san Lidè sa-a. Min, tanpri, pa mouri san Li.