TRAVAY LE SINTESPRI
TRAVAY LE SINTESPRI
Nan levanjil lan, lè gnou moun ki pa posede lavi etènèl ap panse de mank de relasion li ak Bondieu e l-ap panse de destinasion nanm li apre lanmò, tout sa yo se travay le Sintespri. Lespri an ap travay, tou, lè moun sa kòmanse konprann ke li pèdu, pa gin okinn zèv li ka fè pou-l sove tèt li, e pa gin angnin li ka kontribue—piti oubyin gran—pou li ede Bondieu nan travay salu an. Finalman, se Lespri Bondieu an ki fè moun lan rive konprann ke salu an rezide sinpleman nan Kris e travay Kris lan sou la koua, e ke li ka benefisie nan travay Kris lan sèlman lè, nan kè-l, li kòmanse depann sou Kris pou li ka sove. Lumiè sa yo pa soti nan lòm min nan Sintespri.
Gnou moun ofanse Sintespri lè-L ba yo tout lumiè sa yo epi moun lan deside kontinue viv san li pa resevoua lavi etènèl. Sa se gnou gran ofans kont Dezièm Pèsonaj nan Trinite an. De bagay kapab rive moun lan nan ka sa: li ka mouri konsa epi li tou kondane etènèlman nan lanfè; oubyin, etan li vivan, Lespri an ka vire do ba li e pa janm pale avèk li ankò. Lè sa-a, li inposib pou moun lan sove.
“Jodi a si ou tande voua li, pi-nga fè kè du, kòm nan tan revòlt la...” (Ebre 3:15)