Travay 10:1-48 - 11:1-14
Istoua Konèy (Travay Chapit 10) blanmin moun yo ki panse ke moun ki bezouin levanjil lan (salu an) se sèlman bòkò yo, asasin yo, adultè yo, e ipokrit yo ki gnou bagay anndan legliz min yo gnou lòt bagay deyò legliz. Konèy, lè ou lir istoua li, se te gnou moun ki te sinsè, ki te kouè nan Bondieu, e ki te gin anpil bon zèv. Istoua Konèy montre nou ke salu an se pou tout moun.
Istoua Konèy pa sèlman fè nou konnin ki moun ki bezouin sove min, an minm tan, li fè nou konnin kòman gnou moun kapab sove.
Gingnin anpil supozision e tradision sou sujè sa-a, ki se, kòman gnou moun ka rive sove. Nou vle pote gnou ti lumiè sou sa. N-ap pote gnou ti lumiè, tou, sou kisa ki responsabilte gnou temouin, predikatè oubyin gnou evanjelis nan travay levanjil lan.
Pou nou konprann bagay sa yo, an nou suiv Piè.
Pasaj lan di nou ke “Piè ouvri bouch li...” (Travay 10:34). Piè pale de lavi, aktivite, konpetans e puisans Kris (Travay 10:36-38). Si se Kris ki Sovè-a, fò li esplike Konèy pou ki rezon li ta doue konfie li nan Kris. Mesaj Piè se Pèsonaj sa-a, le Segnè Jezu Kris. Piè pa di angnin de gnou seremoni, tankou batèm, ni gnou legliz oubyin gnou relijion.
Piè pale Konèy de soufrans, lanmò e rezureksion Kris lan (Travay 10:39-42) kòm travay salu nanm Konèy. Sa apòt lan fè an dakò avèk doktrin e definision mesaj levanjil lan ke la Paròl Bondieu ban nou:
“Kris te mouri pou peche nou dapre lèz-Ekritu; yo te antere li, e li leve nan lamò sou touazièm jou apre sa, dapre lèz-Ekritu”
(1 Korintyin 15:3-4)
“Kris minm te mouri gnou foua pou tout a-koz peche yo”
(1 Piè 3:18)
Min e si gingnin gnou moun ki koute e ki ta rinmin sove? Kisa pou nou-minm ki sove fè apre li di nou sa-a? An nou di sa-a nan gnou lòt fason. Ki sa ki aktivite ‘moman sa-a’ ki rele moman salu an, moman gnou moun fèt ankò (ne de nouvo) lè moun lan ne de Bondieu (Jan 1:13)?
Gnou gran pati nan sa ki rekonèt kòm mond Kretyin an prezante anpil vie bagay devan gnou nanm pèdu ki ta rinmin sove. Nou pa gin tan e nou pa sitèlman intèrese ase pou nou eseye detaye tout erè e konfuzion moun sa yo. Nou sèlman gin kèk kesion pou moun ki pratike yo: ki kote Piè bay Konèy gnou priè pou li repete? Èske gin angnin nan pasaj lan ki di nou ke Piè te mande pou yo te prie sou moun sa yo pou yo te ka sove?
Me sa Piè t-ap di Konèy lè nan kè Konèy, Konèy e fanmi li te resevoua Kris e yo te sove:
“Tout profèt yo rann li temouagnaj ke ninpòt moun ki kouè nan li resevoua padon peche yo, gras-a non li”
(Travay 10:43)
Piè t-ap esplike yo ke, pou yo benefisie nan travay Kris lan, se pou yo te mete konfians yo nan Li (Kris) e ke moman yo konfie yo nan Li (Kris), tout peche yo padone. Se apre yo tande e yo kouè nan kè yo ke
“Sint-Espri desann sou tout moun yo ki t-ap koute paròl la”
(Travay 10:44)
Nou p-ap pale sou sujè pale nan lang lan paske sa se gnou lòt sujè. Sèl sa n-ap di se ke tout moun ki kouè nan liv Travay lan pa pale nan lang. Lè li rive, li rive pou gnou rezon.
Min, lè yo resevoua Sintespri an (paske nan kè yo moun sa yo kouè), yo tou sove. Apre yo kouè e yo sove, moun sa yo batize.
Dèske yo sove, yo batize.
Nou konnin gnou moun ka kouè, sove, mouri san batèm dlo an e antre nan sièl lan. Gingnin gnou egzanp nan Bib lan. Nou di sa pou moun ki di batèm nesesè pou salu an. Oui, li trèz inpòtan min batèm lan pa patisipe nan salu nanm gnou lòm. Sintespri antre anndan moun ki sove sèlman. Yo kouè, Li antre. Se apre yo sove e Li antre KE YO BATIZE.
“E minm jan Moiz te leve sèpan an an-lè nan dezè-a, se minm jan le Fils de Lòm gin pou le-ve an-lè, pou ninpòt moun ki kouè nan li kapab gin la vi etènèl”
(Jan 3:14-15)