I
(10:1-4)
Nou minm, pami payin yo, ki te mete konfians nou nan Kris kòm Sovè e Segnè jouinn justifikasion, ki vledi, nan Kris, nou sove. Bondieu deklare nou just etènèlman (Romin 1:16-8:39).
Fidèlite Bondieu anvè Izraèl an fas infidèlite yo anvè Li se prèv ke Bondieu ap rete fidèl avèk nou. Li pa-t jete yo byin-ke yo te rejte justis Li an nan Kris. Bondieu pa-t jete yo paske Li te chouazi yo indepandan de zèv yo. Konsa, tou, Li kontinue rekonèt yo kòm pèp Li indepandan de aksion yo (Romin 9:1-29).
Etan yo rete pèp Li, inkredulite yo te pouse Bondieu mete ‘pèp chouazi Li an’ apa kòm gnou temouagnaj pou Li nan levanjil lan. Nasion an te bute sou Ròch lan. Ròch sa-a se Kris. Justifikasion rezide nan Kris min yo te rejte Kris an favè gnou lòt justifikasion ke yo te kouè ki te egziste nan loua Moiz lan. Pou tan, loua Moiz lan pa gin justifikasion ladann pou pechè an (Romin 9:30-32).
Apòt lan kounye-a detaye echèk ansyin pèp Bondieu-a pou nou-minm ki rekonèt kòm nouvo pèp Bondieu-a nan tan gras lan; sèt-a-di, nou-minm ki fè pati legliz lan, ki konpoze a tout moun ki resevoua Kris (kit li se Jouif, kit li se payin).
Apòt lan ta vle ouè Izraèl (Jouif yo) sove min yo louin de la. Yo gin gnou zèl pou Bondieu min zèl yo pa fonde sou la Paròl Bondieu. Tout loua Moiz lan rann Kris temouagnaj, ke justis Bondieu pou lòm rezide nan Li. Jouif lan chouazi rejte Kris, ki se Justis Bondieu pou lòm, pou yo jouinn pròp justis pa yo selon obzèvasion loua Moiz lan. Min loua Moiz lan jouinn bout li (ki vledi, li tèmine) nan Kris. Deyò Kris, Bondieu pa gin gnou lòt justis pou lòm (Romin 10:1-4).
II
(10:5-13)
Kounye-a, ekrivin an antre nan Ansyin Tèks Jouif yo avèk nou pou montre nou ke Bondieu te gintan avètize Jouif yo ke justifikasion se te toujou par la foua, se pa-t atravè zèv la loua. Li pral montre nou, tou, ke echèk Izraèl pa vini akoz ignorans min se gnou choua.
Apòt lan, premieman, kontraste justis la loua avèk justis la foua (nan Kris). Justis la loua mande gnou obeisans konplèt - “lòm ki akonpli bagay sa yo va viv gras-a yo” (Levit 18:5, Romin 10:5). Sa vledi, gnou moun ki vle justis selon la loua doue obei la loua san dezobeisans moman li fèt juska li mouri. Moun lan ki ka fè-l lan akonpli la loua nan vi li—e la loua deklare li just. Min nou tout se pechè (Romin 3:20, 23). Nou otomatikman kondane.
Le Sintespri pran paròl Moiz an palan de la loua e-L aplike li nan levanjil lan pou montre diferans lan antre justis la loua ki mande zèv ak justis Bondieu-a nan Kris ki vini par la foua, deyò zèv.
Pou kontèks, Moiz te fè pèp lan konnin ke yo pa-t bezouin monte nan sièl lan pou desann ak la loua. Yo pa-t bezouin antre nan kè lanmè an pou chache e monte ak la loua. Bondieu te pote li ba yo. Li te instru yo la loua e Li te fè yo memorize li. La loua te tou pre yo, nan bouch yo e nan kè yo pou yo te ka pratike li (Deteyonòm 30:11-14).
Salu an (justifikasion Bondieu an) pa depann de zèv lòm. Salu an gingnin sèlman de zèv kòm fondasion li: premie zèv lan se pou Kris te desann sot nan sièl lan, ki te rann li posib pou-L te soufri e mouri pou nou; dezièm zèv lan se pou Kris te leve soti pami mò yo, pou Li te kapab prouve ke travay salu nou an te konplete. Min nou pa bezouin mande kòman nou pral fè-L desann sot nan sièl lan e nou pa bezouin mande kòman nou pral fè-L leve pami mò yo. Nou pa t-ap gin doua janm mande-L desann e nou pa t-ap gin pouvoua leve Li pami mò yo. Plus ke sa, bagay sa yo gintan fèt indepandan de volonte e kontribusion nou. Non sèlman Bondieu fè travay sa yo san èd nou, Li fè nouvèl lan gaye nan mond lan, tou, ki la koz Paròl lan tou pre nou. Li nan kè nou (memoua nou), ki fè li nan bouch nou (Romin 10:5-8).
Gnou moun ki kouè kapab konfese Jezu publikman kòm Segnè ak bouch li paske non sèlman li kouè ke Bondieu te voye Li sou tè-a min, tou, se paske moun lan kouè ke Jezu sa-a ki te mouri pou peche-a, Bondieu te leve Li pami mò yo. Moun sa-a se gnou moun ki sove (Romin 10:9).
Apòt lan elaji eksperians ‘gnou moun ki sove’ nan moman li resevoua salu an. Moun sa-a koute verite an de venu, soufrans, lanmò e rezureksion Kris lan epi li kouè. Moman moun lan kouè-a, li jouinn justis; ki vledi, Bondieu deklare li just etènèlman nan Kris. Tout peche li yo (pase, prezan, futu,) padone nan moman li konfie li nan Kris kòm Sovè nan kè li. Min kòman gnou lòt fidèl kapab konnin li jouinn justis dèske lòt moun lan paka ouè kè li? Lòt kouayan dekouvri ke li jouinn salu an lè li konfese Jezu publikman (Romin 10:10).
Salu Bondieu-a nan Kris disponib a tout moun, kit li Jouif, kit li payin (Grèk). Gnou pechè ki konprann eta li, ke li pèdu nan peche min ki konprann ke Kris te vín mouri pou peche li e Li te leve pami mò yo apre toua jou pou justifikasion li, moun sa-a p-ap soti ront lè li mete konfians li nan Kris. Richès Bondieu nan Kris ase pou tout moun ki invoke non Li. Moman moun lan, sinsèman, invoke non Li nan kè-l par la foua, moun sa-a ‘sove’ (Izai 28:16; Joèl 2:32; Romin 10:11-13).
III
(10:14-21)
Izraèl echoue se pa pou mank de konesans min se akoz rebelion. Bondieu pa injust. Yo paka invoke non Li san la foua. Pou yo kouè, fò yo tande Paròl lan; min pou yo tande Paròl lan, fò se gnou predikatè ki preche yo (Romin 10:14). Pou gin predikatè k-al preche yo, fò Bondieu chouazi, prepare e voye predikatè yo. Nou doue konklu, si Bondieu pa-t voye predikatè, yo pa t-ap ka tande Paròl lan pou yo te kouè e pou yo te invoke non Li, ki vledi, yo pa t-ap ka sove (10:15). Min Ezai te gintan profetize ke Bondieu t-ap voye predikatè (Ezai 52:7). Nan kontèks imediat lan, Ezai t-ap pale de bon nouvèl lan ke Bondieu t-ap delivre yo anba kaptivite Babilòn lan min le Sintespri te plus gingnin nan panse Li Kris ki t-ap pote bon nouvèl rouayòm lan ke yo te rejte an e mesaj levanjil lan ke apòt Kris yo t-ap preche nasion an apre Li te retounin nan sièl lan (Travay ch.1-12).
Mesaj lan ki pote delivrans anba jujman Bondieu pou peche e ki delivre anba pouvoua peche ta doue bèl nan zie yo. Min byin-ke yo te tande li e yo te konprann li, Ezai te gintan devouale nou, etan te gin pami yo ki t-ap kouè, yo tout pa t-ap kouè. Gnou majorite t-ap anbrase inkredulite devan la foua (Izai 53:1; Romin 10:16). Nan plan Bondieu, gnou moun ta doue tande levanjil Kris lan epi la foua ta doue suiv paròl lan. Pou tan, Izraèl te tande. Minm jan konesans de Bondieu anvayi tout mond lan parapò kreasion an, konsa, tou, mesaj levanjil Kris lan te gaye nan mond lan, ‘rive jouk nan bout la tè’ (Sòm 19:4). Si mesaj lan gaye fon nan mond lan, rive jouinn minm payin yo, li doue klè ke Izraèl te konnin. Eta espirituèl yo se pa gnou erè min se gnou choua.
An minm tan, apòt lan montre nou ke Bondieu gin kontròl tout bagay. Justifikasion par la foua san zèv te nan Ansyin Ekritu Sin yo ke yo te posede an. Non sèlman Bondieu te pote verite an ba yo, min Li te profetize yo ke Li t-ap pote li ba yo. Minm repons yo anvè levanjil lan te gintan devouale pou yo nan tèks Ansyin Testaman.
Ke levanjil lan ta pral jouinn payin yo, etan li te ka gnou supriz pou yo, ta doue klè paske Li te di yo sa deja. Atravè Moiz, Bondieu te di Li t-ap fè yo jalou avèk gnou pèp ki pa-t pèp chouazi Li e gnou pèp ki pa gin konprann an palan de tout lumiè ke Li te bay Izraèl lan (Deteyonòm 32:21; Romin 10:19).
Ezai ale pi louin ke Moiz. Payin yo ki pa t-ap chache Li paske yo pa-t gin konesans de Li te jouinn Li; payin yo ki pa-t janm mande pou Li paske yo pa-t gin lumiè de idantite Li, Bondieu te prezante tèt Li bay yo (Ezai 10:20).
Konfuzion an se ke, parapò Ekritu Sin yo, mesaj profèt yo e istoua yo, pami bonte inkalkulab Li anvè yo, tout jounin Bondieu t-ap lonje min Li bay Izraèl min yo te chouazi rebelie kont Li e replike Li (Ezai 65:2; Romin 10:21).
Non sèlman Bondieu te konn tout sa-k t-ap vini min Li te devouale anpil nan evenman sa yo pou Jouif yo e pou nou. Verite sa-a doue rafime la foua nou ke plan Bondieu paka gate. Si lè-L te chouazi Izraèl Li te gintan konnin tout bagay sa yo, min, ak tout konesans sa yo, Li te toujou chouazi yo, nou pa doue panse ke L-ap fini avèk yo pou okinn rezon.
Nou doue konprann, tou, lè Li sove gnou moun, si moun lan sove vre, Li p-ap lage moun lan pou okinn rezon. Dezobeisans Izraèl te pote anpil soufrans pou yo juskaske Li te rejte yo kòm gnou temouagnaj. Konsa, tou, dezobeisans nan vi nou apre salu an ka pote anpil soufrans ke Li pa-t vle nou fè eksperians. Nou kapab minm pèdu temouagnaj nou konplètman pou Li, min, si nou vrèman sove, Li p-ap janm jete nou.