Lavi etènèl lan se gnou reyalite e, dèske li reyèl, ou ka suiv si gnou moun gingnin li oubyin si li pa gingnin-l. Si-l pa-t konsa, poukisa apòt lan kòmande gnou asanble
“Byin-eme, pinga mete konfians nan tout lespri; min SONDE lespri yo pou ouè si yo sòti nan Bondieu, paske anpil fo profèt vini nan lemonn”
(1 Jan 4:1)
Nou paka di li inposib pou idantifie gnou vrè Kretyin paske se Bondieu sèl ki kapab konnin. Sou lojik sa-a, gnou moun ka di dèske se Bondieu sèl ki konn kè lòm, tout moun ki di ke yo se pitit Bondieu, nou doue anbrese yo kòm sa. Konsa, adultè an ap fasil antre pran madanm-mari manb legliz yo. Vòlè yo ap fofile asanble an epi brote kòb legliz lan ale. Moun lan ki rayi Kris, ki rayi levanjil Kris lan, ap antre fè dega.
Se le Segnè Jezu Kris ki te di
“Yo rekonèt chak pié boua sou frui li bay...”
(Luk 6:44)
Pou ki rezon Jak te ekri Jak 2:14-26? Li te ekri pasaj sa-a pou gin kontròl mantè yo ki aprann ase nan doktrín lan min ki nie la verite an avèk vi sal yo. Yo DI yo gin la foua
“Frè-m yo, sa sa sèvi gnou moun POU DI KE LI GIN LA FOUA...”
(Jak 2:14)
Oui, yo di a-k bouch yo ke yo gin la foua e nou paka fasil di se pa vre. Me nan ki fason nou kapab dekouvri verite an: Jak di nou dekouvri yo kòm mantè selon konpòtman yo.
Tout moun ki pitit Bondieu doue gin langaj la foua. Si ou di ou sove MIN ou pa konprann sa sove an ye, kòman ou te sove, sou Kiyès e sou kisa salu an chita, otomatikman, nou pa bezouin kouè ou. Min salu an pa rete sinpleman nan konpreansion e langaj paske gnou moun, tankou moun nan tan Jak yo, ka chita pami moun ki sove ap aprann doktrín juskaske yo konnin-l ase pou yo tronpe Kretyin yo. Konsa, inpostè sa yo pran vrè fidèl yo nan manti. Nou batize yo—resevoua yo nan legliz nou. Yo konn devni direktè e profesè lekòl du dimanch, predikatè, evanjelis, pastè, tout bagay, paske tankou Satan, yo intelijan nan travay manti an. Yo gin bèl paròl min, ou te mèt tann, sa gnou moun ye gin pou-l parèt nan zèv li. Pie boua ap devouale ou sa li ye nan donn li. Moun sa yo gin gnou la foua mò. Yo pa gin vrè la foua Bib la mande an. Yo pa-t janm sove vre.