ÈNMI AN
ÈNMI AN
Ènmi an pi fò lè li fè viktim li an pran-l pou gnou zanmi etan li fè zanmi viktim lan parèt kòm gnou ènmi. Taktik sa-a puisan paske injeniè li se satan.
‘Frui Konesans Byin e Mal lan’ (Jenèz 2:17) t-ap separe yo avèk Bondieu epi li t-ap tue yo moman yo te manje-l. Fanm lan te konnin verite an min li pa-t rinmin verite sa-a paske li te kurie, ki vledi, li te anvi manje frui an. Se sa-k fè lè ènmi an te kontradi Bondieu, lè-l te di Èv, “nou pa-p mouri” (Jenèz 3:4), Èv te tou prè pou-l te kouè-l lan; li t-ap pale fanm lan sa-l te vle tande an, byin ke manti an t-ap devni gnou destruksion pou li, mari li e pou tout desandan li yo.
Dieu an ki te kreye univè an, tè an e jadin an ke li t-ap joui an se te zanmi li. Pa-t gin rezon pou-l te doute amou e bonte Li. Min pou li te parèt kòm gnou zanmi, ènmi an te utilize strateji sa-a ki te prouve trè efikas. Li te plante simans dout de Bondieu nan tèt fanm lan ki te rive transfòme li soti malfektè rive gnou byinfetè juskaske li te konvink fanm lan rebelie kont otorite Bondieu.
Taktik sa pa doue etranj pou nou. Vagabon yo souvan sèvi avèk li pou yo rive sou ti demouazèl yo: granmoun lan se ènmi an. Gingnin gnou bon bagay y-ap kache-l. Se li-minm ki vini pou kase kòd lan, pou libere timoun lan, pou-l fè-l joui eksperians sa-a. Min li pa-p di timoun lan angnin de konsekans yo k-ap vini aprè: regrèt lan, depresion an, gnou pitit li pako prepare pou-l fè; lanmò pitit lan, tou, si-l deside jete-l; epi, apre-l tue pitit lan, gnou tristès k-ap dure tout vi li.
Gang yo anplouaye taktik lan, tou, pou antre jèn yo nan baz lan. Yo retire lespri li ak promès proteksion baz lan, pouvoua e inflians zam ap akòde-l e plezi lajan kapab achte ba li. Konsèy paran, fanmi, zanmi pa vo angnin paske se gang lan ki fanmi e zanmi li. Se lè bal ap pete, zie pete, boua kase, pie kase, kò pèse, san ap koule ke verite an parèt.
Le Segnè Jezu t-ap sèvi pèp lan pou plus ke touazan. Yo te ouè pouvoua Li pou beni yo: Li te leve mò, geri malad, delivre anpil moun anba pouvoua satan. Li pa-t janm fè okinn moun mal, min yo te rejte Li kòm Sovè yo. Roua prefere yo se te ènmi nasion an, Ceza (Jan 19:15). Min se pa Farizyin yo ki te inflianse pèp lan premieman pou yo te nie Kris. Moun lan ki te pouse yo rejte Kris lan se te minm moun ki te pouse Èv rejte Bondieu nan Jadin Edèn lan.
Èske ou pa janm reflechi sou rezon ki fè ou toujou rejte Kris lan? Ou kouè nan realite sièl lan e ou kouè nan realite lanfè. Peche ou e jujman Bondieu pou peche ou yo pa gnou sekrè pou ou ankò. Travay Kris lan ki te konplete sou la koua pou salu nanm ou devan zie ou. Valè Li klè. Min ou kontinue nan rout pèdusion an. Èske ou pa ouè satan ap anplouaye minm ansyin taktik lan pou-l detri ou?
“Nou pa vle vini jouinn mouin pou nou gin lavi” (Jan 5:40)