Kèlke-foua, gnou divizion antre nan mitan de moun e gnou pati nan relasion an pa janm konnin sa ki koz divizion an. Konsa, relasion familial lan, amitie an, oubyin fouaye an gate etan gnoun nan yo rete nan fènoua.
Bib lan fè nou konprann ke lòm paka antre nan prezans Bondieu jan li te fèt lan. Pou rezon sa-a, gingnin gnou gran kantite moun ki mouri ki antre nan lanfè, k-ap tann jujman letan dufe-a, kote yo gin pou yo pase gnou etènite nan soufrans.
“E de la minm fason ke li rezève pou lèz-òm mouri gnou sèl foua, e apre sa jujman vini” (Ebre 9:27)
Min Bondieu pa kinbe nou nan fènoua sou rezon ki anpeche nou antre nan sièl lan apre lanmò e ki akoz li nesesè pou nou fè eksperians jujman Li nan lanfè. Gingnin gnou sèl rezon—rezon sa-a se PECHE nou. Nou ka divize peche-a an de: miltitud zak rebelion nou yo kont tròn sin Bondieu an e gran peche an nou konmèt lan lè nou rejte pitit Li an.
Nou konnin ke Bondieu just. Li paka vag peche nou yo. Chak grinn peche nou konmèt merite gnou etènite nan lanfè: manti an, vòl lan, fònikasion an, adultè an, asasinaj lan, zak masisi an, maji an (vodou), e tout lòt yo, merite jujman Li nan lanfè. Pa gin angnin nou ka fè pou Bondieu (oubyin di Bondieu) k-ap chanje sa-a. Nou konmèt gnoun nan bagay sa yo, sintete Bondieu di ke nou merite gnou soufrans etènèl apre lanmò.
“Paske salè peche...se lanmò” (Romin 6:23)
Problèm peche an univèsèl paske, minm si nou tout petèt pa konmèt minm peche, min nou tout konmèt peche kanminm:
“Tout moun fè peche e yo manke la gloua Bondieu” (Romin 3:23)
Min se pa minimize n-ap minimize peche lè nou di ke nou tout konmèt peche paske lè nou di ke nou tout se pechè, an realite, sa n-ap di an, se ke, nou tout fèt tou kondane; nou tout fèt nan rout lanfè akoz peche nou yo. Min Jezu Kris, sou la koua, te soufri pou peche. Soufrans Li yo rann li posib pou Bondieu justifie gnou moun ki resevoua Li:
“Li montre justis li koul-ye-a, li fè ouè ke li just lè li fè moun ki kouè nan Jezu-Kri resevoua justis” (Romin 3:26)
Pou rezon sa-a, pi gran peche gnou moun ka konmèt nan lavi li se lè li rejte le Segnè Jezu Kris. Pi gran malè ki ka rive gnou moun se lè moun sa-a mouri san li pa resevoua Kris. Poukisa? Se paske pou tout lòt peche, nan Kris, Bondieu ka padone moun lan e libere li anba pouvoua peche an. Min gnou moun ki deside rejte Kris, Bondieu paka fè angnin pou li ankò paske Kris se sèl mouayin Bondieu gingnin pou Li padone lòm. Pou rezon sa-a, nan tout peche ki egziste, pi gran peche an se lè gnou moun fè desizion an pou li viv e mouri san Kris.
Bondieu rinmin lòm e li vle nou avèk Li nan sièl lan. Sèl problèm Li gingnin avèk nou, ki mete nou nan danje lanfè e ki rann li inposib pou nou antre nan sièl lan apre lanmò (e antre nan sièl lan nan anlèvman), se problèm peche nou:
“Jezu di yo ankò: mouin prale, e nou va chache-m, e n-a mouri nan peche nou; kote mouin prale a, nou pa kapab vini... Se pou sa mouin di nou ke n-a mouri nan peche nou; paske si nou pa kouè ki moun mouin ye, n-a mouri nan peche nou” (Jan 8:21, 24).