Anndan umanite, sanble gin gnou group moralis ki t-ap defann tèt yo kont akuzasion sièl lan. Bondieu pa prezante nou paròl yo. Nou konn defans yo t-ap utilize an sèlman selon repons Bondieu fè yo.
Moralis yo te distinge antre yo-minm e lòt payin yo ke riviè salte pòte ale. Yo konprann ke konpatriòt yo nan salte: yo kondane salte an e yo kondane konpatriòt yo k-ap binyin nan salte an. Moralis yo kouè, pou rezon sa, Bondieu doue fè gnou eksepsion pou yo nan jujman.
Min Bondieu devouale ke kondanasion yo sou konpatriòt yo rive sou yo, tou, paske y-ap pratike (ta sanble an sekrè) minm aksion ke yo kondane nan konpatriòt yo an (2:1). Jujman Bondieu sou gnou koupab konfòme ak verite paske Bondieu just epi Li p-ap aji selon emosion tankou moralis yo. L-ap juje moun sa yo ‘daprè zèv’ yo (2:2, 6).
Li pa lojik pou moralis yo panse y-ap chape jujman Bondieu paske y-ap kondane lèzòt pou minm aksion ke yo minm y-ap pratike (2:3).
Ta sanble gin nan yo ke Bondieu te montre bonte Li nan divès fason. Nou konnin ke tout sosiete gin moun konsa. Moun sa yo pafoua konn eduke, yo moral epi, kèlkefoua, tout bagay ap mache byin nan vi yo. Moralis sa yo panse, malerezman, bonte Bondieu anvè yo se prèv ke Bondieu p-ap juje. Bonte Bondieu anvè yo, pasians Li montre yo lè-L kinbe jujman Li, byin ke Li konn ipokrizi yo, jan Li supòtan, tout se gnou invitasion pou yo repanti. Min yo fè kè yo du. Yo refuze repanti. Y-ap kontinue kondane lèzòt etan y-ap pratike an kachèt minm bagay y-ap kondane yo. Chak jou moun sa yo ap viv se ranmase y-ap ranmase pou tèt yo gnou pil kolè pou jou an Bondieu ap rekonpanse umanite ki pèdu daprè zèv yo (2:4-6).
Fòdi Bondieu kanpe nan etènite, L-ap gade lòm. Li separe umanite an de kan—kan fidèl Li yo e kan infidèl yo. Gin de jujman—jujman kote just yo ap rekonpanse e jujman kote moun pèdu yo ap rekonpanse. Gin gnou gran diferans nan konpòtman yo.
Apre moun pa Li yo te resevoua justis lan nan Kris pandan yo te vivan, yo te kontinue nan Kris e travay Li an. Yo te pèsevere paske yo te konnin destinasion yo se gloua sièl lan. Bondieu gade fidèl Li yo k-ap resevoua onè. Figu Li lumin avèk afeksion pou yo etan y-ap antre nan lavi etènèl lan vizibman. Yo te gintan resevoua lavi etènèl lan invizibman par la foua min nan jujman sa-a yo antre ladann vizibman e fizikman (2:7).
Lot bò an se moun ki te rejte justis gratis Li an nan Kris. Vi yo te plin kontradiksion: yo kondane gnou bagay publikman epi yo pratike li an sekrè. Kounye-a Bondieu devouale tout moun verite an de eta yo. Moun sa yo te chouazi dezobei verite Bondieu an pou yo te kapab pousib injustis peche. Nan jou jujman sa-a, pòsion moun sa yo ki te rejte salu Bondieu-a nan Kris pou yo te ka pratike mal se detrès e kè kase (2:8-10).
Minm jan nan rekonpans pou la justis lan Jouif yo te rekonpanse an premie, konsa, tou, nan kondanasion an, Jouif yo kondane an premie paske Bondieu te ba yo plus lumiè ke payin yo. Bondieu just. Li pa nan pas-pou-ki (2: 11).
Bondieu juje gnou moun selon lumiè li te jouinn pandan li te vivan. Moun ki te gin la loua min ki te rive vag la loua pou peche va peri selon lumiè la loua. Moun lan ki te fè peche san lumiè la loua va peri san la loua (2:12).
Gnou Jouif kanpe. Li prezante objeksion li. Kòman li fè juje? Li pa tankou payin an ki san la loua Bondieu-a.
Bondieu devouale li ke gnou moun ki vle justis selon la loua, li pa sufi pou li sèlman tande e konprann la loua. Li doue obei la loua konplètman pou li kapab just. Se konsa li ye pou ninpòt moun k-ap chache justis selon la loua (2:12-13).
Kounye-a, payin an prezante objeksion pa li. Jouif lan te gin la loua min Bondieu pa-t ba-l lumiè sa-a. Li paka juje.
Apòt lan montre li, byin ke li paka juje selon la loua Moiz lan ke Jouif yo posede an, li kapab juje e l-ap juje. Payin an souvan fè sa-k nan la loua san-l pa konn la loua Moiz lan. Moiz di pa vòlè. Li konnin li pa doue vòlè, li pa vòlè. Moiz di pa tue. Li konnin pou pran vi gnou inosan pa douat. Li vín fas-a-fas avèk aksion sa-a, li pa fè-l. Moiz di pa konmèt adultè. Li tante pran gnou lòt fanm sou madanm li min li konnin sa pa bon e l-ap blese madanm lan. Li chouazi pa tronpe madanm li. Se konsa li pratike sa Moiz di an san li pa konn Moiz e li pa konn angnin de la loua Moiz lan. Sa montre ke gin gnou la loua ki ekri nan kè li. Avèk la loua konsians sa-a, gin aksion li fè ki kòrèk. Bondieu ap pase sou aksion sa yo nan jou jujman. Li p-ap juje li pou yo. Se aksion li yo ki kont la loua konsians li an k-ap kondane li nan jou jujman (2:14-15).
Moralis lan kondane minm jan ak konpatriòt li yo l-ap juje an. Konesans byin e mal, kit li vini atravè Paròl Bondieu oubyin atravè konsians, p-ap delivre li anba jujman. Pou li delivre selon konesans, li doue fè byin san-l pa janm fè mal. Min fè byin san mal t-ap prèv ke moun lan pa gin gnou natu peche. Pou lòm, malerezman, fè byin san mal se gnou inposiblite paske li se gnou pechè par natu. L-ap gin peche kanminm paske konesans pa chanje (osoua amiliore) natu li. Pou rezon sa-a, nan jujman, Bondieu ap ranmase tout mal li yo etan L-ap vag byin-l yo paske Bondieu pa rekonèt bon zèv gnou pechè san Kris. Avantaj byin-l yo gingnin, Bondieu ap pase sou yo nan jou jujman paske Li p-ap juje koupab lan pou gnou bon aksion. L-ap sèlman juje li pou move aksion-l yo.
Apòt lan, finalman, devouale nou ke Bondieu pa-p sèlman juje lòm ki deyò Kris selon zèv li min L-ap juje li osi selon levanjil lan. Tout moun ki koute e rejte levanjil lan, anro tout lòt kondanasion-l yo, Bondieu ap vide tretman ke yo te bay Pitit Li an e travay Li an sou la koua (2:16).