Levanjil lan se ke Kris te mouri nan plas pechè yo:
“Kris te mouri pou moun ki pa-t gin respè pou Bondieu”
(Romin 5:6)
Epi lè gnou pechè pèdu kouè nan Kris kòm Sovè pèsonèl li, nan minm moman pechè pèdu an kouè an, li posede lavi etènèl.
Min pran nòt: lavi etènèl lan se pa gnou bagay futu min se gnou bagay gnou moun posede depi kounye-a.
“Mouin te ekri ou bagay sa yo pou ou kapab konnin ke ou gin lavi etènèl, ou minm ki kouè nan non Pitit Bondieu a”
(1 Jan 5:13)
Oui, lavi etènèl lan pral manifeste tèt li vizibman nan Anlèvman Fidèl yo e nan jou tout moun ki sove yo ap antre nan rouayòm lan, min se pa nan lè sa-a yo pral posede lavi etènèl. Yo posede lavi etènèl depi kounye-a. Nan minm moman gnou moun sou latè an kouè nan Jezu Kris ki te soufri, mouri nan plas pechè yo, e ki te leve pami mò yo apre toua jou an, moun sa-a ki kouè an sove, li devni gnou pitit Bondieu. Li posede lavi etènèl.
Pou gnou moun ki pran Paròl Bondieu an serie, sujè salu nanm li se pa gnou bagay l-ap joue avè-l:
“Bondieu te fèmin je sou tan ignorans la; min kou li ye a, li deklare ke lèz òm tou patou gin pou repanti; paske li fikse gnou jou pou li juje le monn selon la justis, ak nonm li etabli a; e li prouve tout moun sa, lè-l te leve li pami mò yo”
(Travay 17:30-31)
“E de la minm fason ke li rezève pou lèz-òm mouri gnou sèl foua, e apre sa jujman an vi-ni”
(Ebre 9:27)
Lòm bezouin delivrans anba jujman Bondieu ki egziste akoz peche li yo. Bezouin sa-a rete minm depi Adan te akoz peche antre nan mond lan juska kounye-a. E bezouin an ap rete minm juska Bondieu kreye nouvo tè an e nouvo sièl yo.
Min, an nou pa pale de bezouin lòm an jeneral. An nou vini pi pre. An nou pale de bezouin pa ou. Ou minm k-ap suiv nou an.
Nou sot tande pale sou de (2) jujman: gnoun se lè Kris retounin, anpil chans se tròn blanch lan nan Apokalips chapit 20; lòt lan nan Ebre se gnou jujman ki pi vit, gnou jujman tout moun ki mouri san Kris antre ladann nan minm moman yo fèmin zie yo sou tè an pou dènie foua nan lanmò. Nou tout fèt nan danje sa-a paske nou tout fèt kòm mò espirituèl, san lavi etènèl. Nou fèt tou pèdu. Nou tout fèt nan rout lanfè an.
Nou ta souete ke verite sa-a souke nanm ou anpil. Nou ta souete ke li deranje ou. Paske si ou paka antre nan sièl lan san ou pa sove, e pa gin moun ki fèt tou sove, kesion an se ke nan ki jou ou te resevoua lavi etènèl oubyin nan ki jou ou te sove?
Si ou pa gingnin asurans lavi etènèl, se paske ou pa gin gnou jou ou te resevoua li. Ou-ap suiv? Paske si ou te gin gnou jou ou te resevoua lavi etènèl, ou t-ap gingnin asurans lan ke ou posede li.
Petèt nan kè ou kounye-a ou ouè ke ou pa posede lavi etènèl. Ou ka pa gin kouraj pou ou di gnou lòt moun sa-a min nan kè ou sa parèt klè e ou deklare li bay Bondieu. Si ou rive la, ki vle di ou ouè e ou aksepte ke ou pa gin lavi sa-a, nou espere ke ou ta rinmin konnin kòman ou ka resevoua lavi etènèl lan.
Kisa pou ou fè pou ou gingnin asurans sa-a?
Avan nou reponn kesion an, fò ou konnin kisa ki fè lavi etènèl lan nesesè.
Sonje pasaj lan nan Romin, ‘lè nou te ankò san fòs’ (Romin 5:6)? Bondieu di nou san fòs espirituèlman. Dèske nou san fòs pou nou retire peche nou, Kris ki te gin fòs lan te vín fè travay lan pou nou.
Si nan kè ou, ou-ap diskite, ou-ap mande èske ou vrèman san fòs. Ou-ap mande èske se vre ke ou pa gin angnin ou ka fè pou ou sove tèt ou APRE Paròl Bondieu di ou san fòs. Si se panse ou sa-a, pa gin lavi etènèl pou ou. Bondieu p-ap ba ou li. Ou pa bezouin kontinue avèk nou. Bondieu aksepte sove moun ki san fòs, moun ki pèdu, sèlman. Si ou pa pèdu e ou pa san fòs, Li paka sove ou.
O kontrè, pou moun lan nan kè li ki ouè e ki aksepte ke li pèdu, li san fòs e ki ouè li pa gingnin lavi etènèl, kontinue lir, tanpri, paske Bondieu gingnin gnou mesaj pou ou.
Sa ou bezouin konnin de Bondieu se ke Li rinmin ou. Bondieu vle pou ou sove pi plus ke ou ta vle nanm ou sove. Pi plus, Bondieu pa-p (e Li paka) ba ou manti. Sa vle di ke si Li di ou L-ap fè gnou bagay pou ou, pa mande èske Li ka fè sa vre? Èske L-ap fè sa-a vre? Èske li ka fasil jan-L di an vre? Non. Ninpòt sa-a Bondieu di L-ap fè, aksepte-L. Kouè-l jan Li di ou kouè an paske L-ap fè-l. Si ou pa kouè, la Bib rele sa-a inkredulite, ki signifie eta gnou moun ki pa vle kouè Bondieu. Gnou moun ki pa kouè sa Bondieu di se gnou moun ki rele Bondieu gnou mantè dèske gnou moun ke moun pa kouè sa li di se gnou moun ki abitue bay manti.
Min, kisa Bondieu di vre? Oui, ou minm ki pa posede lavi etènèl, kòman Bondieu di ou kapab rive posede lavi etènèl lan?
“Mouin te ekri ou bagay sa yo pou ou kapab konnin ke OU GIN LA VI ETÈNÈL, ou minm ki KOUÈ nan NON PITIT BONDIEU-a” (1 Jan 5:13).
Vèsè an ap pale nou de moun ki gintan posede lavi etènèl. Se pa moun ki pral gingnin-l min moun ki gintan gingnin-l.
Oke?
Pou moun yo ki anbrase gran erè sa-a ke se travay n-ap travay pou sièl (lavi etènèl) lan, pasaj lan di POU OU KAPAB KONNIN KE OU GIN LAVI ETÈNÈL. Moun ki sove yo gintan posede li. Pasaj lan di nou kòman yo fè rive gingnin li: OU MINM KI KOUÈ NAN NON PITIT BONDIEU-A. Konprann? Moun sa yo, minm jan ak nou tout, te fèt san lavi etènèl. Yo te fèt tou pèdu. Yo te nan rout lanfè.
Nan ki moman destinasion yo te chanje? Se te lè yo te kouè nan non Pitit Bondieu-a. Vèsè an pa di nou kisa yo te kouè lè yo te kouè nan non Pitit Bondieu-a min nou jouinn sa yo te kouè an tout kote nan 1 Jan e tout kote nan Bib lan. Gin anpil min me kèk egzanp nan 1 Jan:
“San Jezu Pitit li netouaye nou, ouete tout peche”
(1 Jan 1:7)
“Jezu-Kri jus la... E li-minm se sakrifis pou peye dèt peche nou...”
(1 Jan 2:1-2)
Kisa moun yo te kouè lè yo te kouè nan non Pitit Bondieu-a? Yo te kouè ke “lè nou te ankò san fòs, lè tan an rive, Kris te mouri pou moun ki pa-t gin respè pou Bondieu” (Romin 5:6). Gnou moun ki san lavi etènèl e ki nan rout pou-l fè eksperians jujman Bondieu nan lanfè akoz peche-l yo, lè li ouè ke li paka sove tèt li e nan kè li moun sa-a KOUÈ nan Kris, moun lan, nan moman sa-a, posede lavi etènèl (1 Jan 5:13).
Sa vle di ou-minm ki dekouvri ke ou pa gin lavi etènèl, si ou konfie ou nan Kris kòm Sovè ou, nan moman sa-a ou kouè an, ou vín posede lavi etènèl.
Sa ka sanble li trò fasil. Petèt ou ka di nan kè ou ke se pa kouè sèlman. Ou ka panse fò gin lòt bagay pou ou fè pou ou mete sou li.
Si se konsa ou ouè li, ou gin de (2) problèm:
1.) Premie problèm lan se ke ou pa san fòs. Paske tout moun ki gin gnou bagay yo KA fè, ou ka di yo manke gnou kantite fòs MIN yo PA san fòs. La Bib di tout moun Bondieu ofri lavi etènèl se moun ki san fòs
2.) Dezièm problèm lan, se ke, ou pran Bondieu pou gnou mantè. La Bib di nou se gnou moun ki repanti e kouè, se moun sa-a Bondieu bay lavi etènèl, min ou di se pa sa li ye vre. Se moun ki kouè e ki fè lòt bagay. Bondieu di se sa, min ou di se gnou lòt bagay. Sa vledi ou rele Bondieu gnou mantè
Moun ki rezone konsa-a paka gin lavi etènèl, e tout tan yo rezone konsa, yo pa-p ka gingnin-l. Bondieu p-ap ba yo-l.
Mesaj nou sot prezante ban nou an, nou espere ke nou ouè li pa sòti nan nou-minm paske nou pa-t ka janm kreye gnou mesaj konsa-a. Nou espere ke nou ouè ke se mesaj sièl lan li ye. Se mesaj Bondieu. E paske se mesaj Bondieu li ye, se gnou mesaj lavi li ye pou tout moun ki resevoua Li, sèt-a-di, pou tout moun ki resevoua Kris, Pitit Bondieu-a.
Malerezman, pou gnou moun ki koute mesaj sa-a e ki rejte-l, moun sa-a san eskuz. Li konn verite an, min li chouazi fè chemin pa li. Moun sa-a kanpe tou kondane devan Bondieu. Pa malè, si li rive mouri konsa, se nan lanfè li prale:
“Kòman nou va chape, si nou neglije gnou salu ki si gran” (Ebre 2:3).