Anti-Kris lan k-ap vini an apre Anlèvman Fidèl yo gin pou-l chita sou tròn mond lan ap mande umanite adorasion kòm Bondieu (2 Tesalonisyin 2:8-10). Min ‘anti-Kris’ pa sèlman signifie ‘ranplase Kris’ min, tou, li vledi ‘kont Kris’. Kòm moun k-ap atake idantite Jezu kòm Kris lan, Pitit Bondieu-a, moun sa yo se anti-Kris. Prezans yo di nou ke nou gintan nan dènie tan, gnou lè ki karakterize par erè e korupsion k-ap vín pi mal tout tan Kris pa retounin. Moun sa yo te nan asanble yo kòm fidèl Kris min inpe nan yo te gintan ale pou yo fè disip selon ‘doktrín anti-Kris’ yo. Pati yo se prèv ke yo te nan asanble yo nan kò min se pa ann-espri (1 Jan 2:18-19).
Min Kris te konsakre pitit Bondieu yo ak Sintespri. Jan ekri Kretyin yo paske li konnin yo gingnin Konsekrasion an (ki se le Sintespri) e yo nan verite an ki konsène Kris kòm pitit Bondieu-a (1 Jan 2:20-21). Jan konfime ke anti-Kris yo se pa vrè Kretyin ki nan konfuzion min yo se gnou ekip moun chanèl ki pa konn Bondieu ki t-ap chache pase pou Kretyin. Ninpòt moun ki konn Bondieu gin lavi etènèl. Pèsòn paka konn Bondieu si-l pa konn Kris dèske Jezu Kris se sèl fason gnou moun kapab jouinn ak Bondieu (Jan 14:6). Paske moun sa yo nie Kris, yo paka gin gnou relasion ak Papa-a (1 Jan 2:22-23).
Kris kòm Pitit Bondieu-a se gnou konesans fondamantal pou tout vrè Kretyin. Gnou moun devni gnou pitit Bondieu lè li rekonèt ke Nonm ki te pandie sou boua kalvè an ki rele Jezu an se Roua etènite an e Kreatè univè an. Jan egzòse Kretyin yo pou yo rete fèm nan doktrín sa-a pou yo kapab demere nan Papa-a e Pitit lan. E kòm vrè Kretyin, minm si anti-Kris yo ap chache fè yo pèdu chemin, dèske yo posede le Sintespri, y-ap rete nan doktrín lan. Gnou pitit Bondieu pa bezouin gnou infidèl ki san Sintespri ansegne li Paròl Bondieu. Sintespri-a minm ap montre-l verite an. Apòt lan, ak asurans sa-a, vín sur ke Kretyin yo ap demere nan doktrín lan ke Jezu se Kris lan, Pitit Bondieu-a (1 Jan 2:24-27).
Kretyin yo doue demere nan doktrín lan ke Jezu se Kris lan paske si yo kite mansonj anti-Kris yo pote yo ale, lè Kris retounin, L-ap jouinn yo louin Li, y-ap pèdu asurans yo (minm si yo paka pèdu salu yo), e y-ap ront nan prezans Li (1 Jan 2:8).
Gnou moun ki di li jouinn nesans (oubyin lavi etènèl) nan Kris gin obligasion pou-l suiv Kris. Sou tè an, Kris pa-t nie Paròl Bondieu. Te gin akò antre Kris e verite Paròl lan. An pratik, Kris te just. Lavi kouayan paka nie Paròl Bondieu. Moun lan doue just tankou Kris. Li pa just si-l kontradi Bondieu pou-l di Jezu pa Kris lan etan Paròl Bondieu di klèman ke Jezu se Kris lan. Non. San kalite sa yo, moun sa-a pa gnou vrè Kretyin (1 Jan 2: 29).