Apòt Pòl di nou ke “kolè Bondieu fè moun santi li depi nan sièl la kont tout jès ki derespekte Bondieu...” (Romin 1:18).
Min nou doue konprann ke kolè Bondieu kont peche se pa gnou emosion, min se gnou atitud ki konfòme avèk la justis e sintete Li. Pa gingnin chans ke Bondieu ap sitèlman fache ke L-ap pèdu kontròl. Lè Bondieu aji se lè mizèrikòd ke Li te deside montre umanite (oubyin gnou moun) an regad jujman Li pou peche yo jouinn bout li. Pasians Li montre nou lè Li kinbe jujman nou merite an pa etènèl paske fò Li juje peche.
Gnou moun ka pase tout vi li l-ap tranble devan jujman sa-a k-ap vini an oubyin moun lan ka viv tout vi li e li pa janm panse de jujman sa-a; moun lan ka kouè nan jujman sa-a oubyin li ka deside pa kouè ladann; jujman sa-a rete minm paske li pa depann de sa nou panse—sèlman, se grandi l-ap grandi paske plus tan nou viv, plus peche nou konmèt, e pi plus jujman nou merite an ap ògmante.
Sa-k ka fè nou chape kolè Bondieu an k-ap pandie sou tèt tout moun k-ap viv san lavi etèlman lan nan Kris se la justis Li ofri lòm nan levanjil lan jan nou jouinn nan Bib lan:
“Paske mouin pa ront Levanjil; se puisans Bondieu pou sove tout moun ki kouè,—Jouif an premie, epi Grèk, tou. Paske nan Levanjil sa a, justis Bondieu parèt,—justis ke moun resevoua lè yo gin la foua...” (Romin 1:16-17).
Nou konnin ke Levanjil lan se pa gnou konpòtman, ki vledi, jan ou viv vi ou, min Levanjil lan konsène gnou Moun. Moun sa-a se Pitit Bondieu a, le Segnè Jezu Kris:
“Levanjil sa a...Bondieu te promèt li davans nan bouch profèt li yo nan Lèz-Ekritu Sint; li konsènin Pitit Li, ki fèt nan desandans David, dapre la chè, e ki manifeste kòm Pitit Bondieu avèk puisans, lè li te leve pami mò yo, dapre Lespri a ki fè moun sin...” (Romin 1:2-4).
Nan vèsè diz-uit lan, nou te ouè ke levanjil lan se puisans (pouvoua) Bondieu pou sove tout moun ki kouè. Epi levanjil lan (Bon Nouvèl lan) se venu, soufrans, lanmò e rezureksion Kris lan. Sa di nou ke, pouvoua Bondieu pou delivre nou anba kolè Li se Pitit Li an, Jezu Kris, ki te vín soufri-mouri pou peche nou, ki te resusite paske travay lan Bondieu te ba Li fè an te konplete sou la koua.
Nou jouinn kòman nou ka fè eksperians delivrans sa-a nan vèsè sèz e vèsè disèt: moun ki kouè (v.16) e moun ki gin la foua (v.17).
Kounye-a, ninpòt moun ki vle chape kolè Li nan lanfè akoz peche yo, Bondieu ofri yo delivrans lè yo sinpleman kouè nan Pitit Li an, ki vledi, la foua yo pou padon yo e pou yo antre nan sièl lan rezide nan Pitit Li an, le Segnè Jezu Kris.
Èske ou gin Pitit lan?