Profesè lekòl lan rejoui lè etudian-l yo metrize sujè an epi yo fè bon nòt nan egzamin an. Granmoun yo kontan lè timoun yo grandi, gin bon metie, marie e rive respekte nan sosiete an. Gloua prezidan se sekurite, prosperite e bonè pèp lan.
Gnou lidè ki merite tit lan antre nan plas lan avèk dè objektif fiks, objektif ki presede interè pa li. Lidè an fè anpil sakrifis pou-l egzekute plan-l yo, sakrifis, apre Bondieu, ke pèsòn ka pa janm konnin e pa janm apresie. Gin mizè gnou granmoun pase pou-l chape timoun li ki p-ap janm revele, k-ap antere avèk granmoun lan. Polisie an rekonèt ke chak jou-l met unifòm lan pou-l pran laru an, petèt se dènie foua-l bo madanm li, se dènie foua-l kinbe e anbrase pitit li. Avni fanmi lan apre lanmò li domine lespri li, toumante li pi plus ke tout danje-l gin pou-l rankontre pandan jounin an. Chay ofis lan blanchi prezidan avan lè. Pèp lan k-ap soupi anba grangou e anba menas bandi an mete espoua sou li pou delivrans. Polisie ki pèdu vi yo etan y-ap egzute lòd li an chita sou konsians li. Madanm li e pitit li konprann, pandan li okupe ofis prezidan, li se propriete pèp lan.
Joua e gloua lidè an, premieman, se siksè e kontantman moun ki chaj li yo. Volè an, o-kontrè, antre pou-l profite de pèp lan, abuze e detri yo. Min zie ki pa janm fèmin yo ouè tout krim e tout injustis li yo. Etan li vivan, konsians li pral manje-l tankou vè; epi, apre-l mouri, moun ap modi minm memoua li.
Kris te gade gnou foul ki t-ap suiv li tankou mouton ki te san bèje (Mak 6:34). Moun sa yo reprezante umanite san Bondieu.
Gnou timoun ki santi li an danje kouri kache anba janm granmoun li. Moun lan ki subi violans oubyin gnou lòt injustis pote leta plint pou-l ka jouinn justis. Pèp lan mete espoua li sou prezidan pou gide li nan tan pandemi, grangou e insekurite. Tandans sa-a nan li fè nou konprann ke lòm konsian ke-l bezouin gnou lidè.
Lòm te devni ‘mouton san bèje’ depi nan Jadin Edèn lan lè-l te vire do bay Bondieu pou-l t-al jouinn satan. Eta sa-a kontinue juska kounye-a. Nou konsian de travay e sakrifis lidè nou yo, tankou paran, polisie, majistra, prezidan. Min Lidè umanite ap tann lan se Kris, pou-L chita sou tròn lan, pou-L dirije lunivè an. Ann-atandan, Li prezante ba nou kòm Lidè an ki pou ba nou proteksion kont pi gro danje yo, ki se peche nou, satan e lanfè. Lè nou posede Li kòm Lidè, L-ap gide nou nan tout difikulte nou trouve nou depi sou tè an juskaske nou antre nan prezans Li nan sièl lan.
“Mouin se bon gadyin an. Bon gadyin an bay la vi li pou mouton yo”
(Jan 10:11)