Minm jan dosie sièl lan kont umanite (Romin 1:18-3:8) te jouinn bout li lè tribunal sièl lan te deklare lòm koupab (Romin 3:9-20), konsa, tou, justifikasion kouayan (Romin 3:21-8:27) jouinn bout li dèske plan Bondieu pou li nan Kris akonpli (Romin 8:28-30).
Apòt lan te deja montre nou lanmou Bondieu pou nou: ‘lè nou te ankò nan peche, Kris [te] mouri pou nou’ (Romin 5:8). Epi, tou, li te ansegne nou ke, nan moman salu an, Sintespri te antre andedan nou pou ‘amou Bondieu [te ka] repann nan kè nou’ (Romin 5:5). Prezans le Sintespri andedan nou non sèlman ede nou konprann ke Bondieu rinmin nou min li rann li posib pou nou rinmin Bondieu an retou. Se pou rezon sa gnou vrè Kretyin paka pa fè Bondieu konfians.
Kretyin an, apòt lan di nou, se gnou moun ki konvink ke tout bagay ap travay ansanm pou byin li paske, nan Kris, Bondieu te justifie (Romin 3:21-5:21) e sanktifie li (6:1-8:27)—min sèl moun ki posese asurans sa-a se vrè Kretyin an. Apòt lan rele vrè Kretyin sa-a ‘moun ki gin apèl dapre plan’ Bondieu (Romin 8:28).
Nou te deja ouè kouayan te fèt nan peche, nan rout lanfè (Romin 1:18-3:20). Pa-t gin diferans antre li e lòt pechè yo ki rete deyò an. Relasion li avèk Bondieu te kòmanse moman li te repanti e mete konfians li nan Kris (Romin 3:21-31). Sa-a se salu kouayan selon pouin-vu pa kouayan.
Kounye-a, apòt lan montre kouayan salu li an nan pouin-vu pa Bondieu. Pouin-vu Bondieu an ba li gnou vizion konplèt de salu an, ki pa limite par eksperians li. Salu sa-a anbrase pase, prezan e futu. Bondieu trete eksperians yo ansanm kòm si se gnou bagay ki gintan pase, byin ke gingnin gnou aspè nan salu an—pou nou—ki toujou futu.
Bondieu te gintan konnin Kretyin an avan li te fèt. Avèk konesans sa-a, Li te mete kouayan apa pou konfòme li nan imaj Pitit Li an, le Segnè Jezu Kris. Objektif Li nan plan sa-a se pou Kris, nan umanite Li, te kapab Premie Fèt pami anpil frè, ki se gnou tit ki signifie, Chèf. Nou gintan konnin, pou legliz lan, travay sa-a ap konplete nan anlèvman. Pou lòt sin yo, se nan rezureksion pa yo an sa ap fèt (Romin 8:29).
Plan Bondieu-an te mete ann-aksion: Li te rele Kretyin an nan levanjil lan. Sa di nou ke, tout moun ki koute levanjil lan, espesialman moun ki rive kouè mesaj lan, se pa bon chans ki akòde yo sa. Rankont fidèl lan ak levanjil lan se program Bondieu k-ap mache. Bondieu rele-l, li koute e li kouè. Lè li te kouè an, Bondieu te justifie li, ki vledi, Bondieu te padone tout peche-l yo e Li te deklare-l just nan Kris. Apre justifikasion an, Bondieu te glorifie li, sèt-a-di, Bondieu te ba li gnou kò glorie. Byin ke pa gin gnou fidèl ki ko jouinn kò glorifie an, eksperians futu sa-a sitèlman sètin, Bondieu trete li tankou gnou bagay ki pase deja. Rezon ki fè sa-a, Bondieu abite nan etènite. Tan pa gnou limitasion pou Li (Romin 8:30).
An fas vas projè sa yo Bondieu gingnin pou li, ki gintan mete sou pie, kòman Kretyin an te ka pa rinmin Bondieu e fè Li konfians?