Repantans se lè panse ou chanje de gnou bagay. Ou te panse gnou fason. Ou repanti. Panse ou chanje e ou vín panse gnou lòt fason. Aksion toujou suiv vrè repantans.
Dèske gnou moun sove gnou sèl foua, nan salu an, gingnin gnou sèl repantans.
Min, anndan salu an, gnou pitit Bondieu repanti kontinuèlman. Repantans sa-a pa gin okinn rapò avèk lavi etènèl dèske gnou moun paka pèdu lavi etènèl.
Gnou pitit Bondieu pou diferan rezon ka antre nan gnou bagay ki deyò volonte Bondieu pou li. Kit li te konnin, kit li pa-t konnin, li rive nan gnou moman lè li ouè ke sa la-p fè an (kote li ye an) pa bon e panse li chanje.
Apre li repanti (panse li de dezobeisans sa-a chanje), li demontre repantans lan nan vi li lè li kite sa-l t-ap fè an.
Diferans antre repantans e konvèzion:
Konvèzion nan lang Grèk lan ke nouvo testaman te ekri an vledi vire. Nan salu an nou konprann se gnou chanjman li ye. Egzanp: ou gin kat-mil goude. Etazuni, goude lan pa-p util ou. Ou konvèti li (ou vire li) an dola Amerikin. Kounye-a li util ou ann-Amerik.
Nan levanjil lan, konvèzion an se lè gnou moun rekonèt peche li e nan KÈ li, moun lan kouè nan Kris. Li sove. Li fèt ankò. Li delivre. Li gin lavi etènèl. Li KONVÈTI — ki signifie li toujou minm moun lan nan aparans li, rotè li, grosè li, memoua li, MIN pozision li devan Bondieu chanje. Tankou goude lan ki pa-t gin valè Etazuni, li konvèti, li vín gin valè (oubyin, nou ka di, li vín util). Se pou sa Bib lan di si gnou moun nan Kris, li se gnou nouvo kreatu, vie bagay yo pase, min ni, tout bagay vini nouvo (2 Korintyin 5:17). Moun lan rete moun lan min li vín gnou nouvo kreatu espirituèlman devan Bondieu. Li pa-t ka util Bondieu. Nan Kris, li vín util Bondieu.
Diferans lan antre de bagay sa yo, se ke, repantans vini avan konvèzion. Nan repantans, gnou moun ki sove, AVAN-L te sove, te ka pa-t ouè peche kòm gnou move bagay. Min lè li koute la Paròl Bondieu, panse li de peche vín chanje.
Moun lan, avan salu an, te ka panse ke, oui, peche pa bon min ke li te ka regle ti problèm sa-a pou kont li. Moun lan rive repanti lè li koute la Paròl Bondieu, ke li san fòs pou-l fè sa-a (Romin 5:6). Panse li chanje.
An regad SALU Bondieu-a, gnou moun repanti lè li te panse te gin pluziè fason pou gnou moun te ka sove min li rive konprann ke salu an se nan Kris sèlman li ye (Travay 4:11-12). Panse moun lan chanje lè, nan kè li, moun lan rejte panse sa yo e li rekonet e aksepte ke Salu an se nan Kris sèl li ye—e se Kris sèl ki Salu an.
Moun lan konvèti lè li pa sèlman rekonèt kòman peche-l serie, ke li san fòs pou-l fikse problèm sa-a e ke salu an se nan Kris sèlman. Moun sa-a repanti min li pako konvèti. Moun lan konvèti MOMAN, nan kè-l, li kòmanse depann sou Kris e travay Kris lan sou la koua pou retire peche li yo. Moman moun sa-a kouè nan Kris, Bondieu, ki konn kè lòm, padone tout peche li, pase, prezan, futu, e BONDIEU ekri non li nan liv lavi an nan sièl. BONDIEU plante le Sintespri anndan li. Nan moman sa-a li konvèti. Li devni gnou nouvo kreasion nan Kris.