Pòl t-ap gide nou nan lumiè levanjil lan (1:16-17). Lan nuit peche te bare nou nan chemin (1:18-3:20) min nou te kontinue mache tout nuit lan juskaske fènoua te pase epi nou te rejouinn lumiè levanjil lan (3:21-31). Nou chita, pou le moman, nan pie apòt lan etan l-ap aprann nou signifikasion eksperians nou yo avèk li nan chemin an (4:1-8:1-39).
Apòt lan te gintan prezante nou salu an (1:16-17; 3:21-31) min se kounye-a li komanse montre nou lajè-l, ki fè nou konprann ke justifikasion par la foua pa-t kòmanse avèk apòt yo min li te deja la e-l t-ap travay depi nan tan David, Abraram epi, nou konklu, nan lòt sièk yo, tou, ki te presede Abraram. Justis atravè la foua par mouayin travay Kris lan ap la pou sove lòm juska la fin (4:1-25).
Nou te aprann ke salu an bay lòm justifikasion, ki signifie, devan plint sièl lan kont li pou peche, Bondieu deklare kouayan just. Apòt lan te fè nou konprann, dèske peche kouayan fín juje nan Kris (3:23-26), pa gin kolè kont li ankò, ki vledi, kouayan gin lapè avèk Bondieu (5:1).
Min Pòl ale pi louin toujou. Li montre nou salu an pa sèlman bay justikasion e la pè min li pran rebèl lan, li rekonsilie li avèk Bondieu. Inpòtans rekonsiliasion an se ke Bondieu pran koupab lan ki t-ap derespekte Li, transfòme-l e fè-l devni zanmi-L (5:11).
Peche nou yo e jujman Bondieu anvè nou ouvri devan nou pou montre nou ke situasion nou avan salu an te pi mal ke sa nou te panse an. Salu Bondieu an nan Kris ouvri, tou, pou fè nou konprann ke benediksion nou yo nan salu an depase sa nou te konprann (5:12-21).
Pòl ansegne nou ke nou se pechè, non sèlman nan zèv nou, min nan natu e lokasion nou osi (5:12-14, 19).
Nou te gintan ouè nou te volontèman rebelie kont otorite Bondieu (3:10-18), ki vledi, peche nou se gnou choua pèsonèl. Kounye-a, nou konprann ke Adan te pase natu peche li an ban nou depi nan nesans. Lanmò e zak peche nan vi nou se prèv ke natu peche an prezan nan kè nou.
Nou doue ouè, selon detay sa yo, ke peche pa-t janm ban nou gnou chans (5:12). Justis selon zèv se te toujou gnou inposiblite pou nou.
Ignorans ka fè nou panse apòt lan ap ansegne ke avan la loua pa-t gin peche (5:13). Apòt lan, poutan, ap di kontrè an. Bondieu te bay Moiz la loua nan Egzòd chapit vin—min peche te gintan la paske se peche Adan e Èv ki te fè Bondieu mete yo deyò nan Edèn. Peche Kayin, lè-l te tue Abèl, te pouse li kite prezans Bondieu. Mond lan te detri nan tan Noe akoz peche. Nou kapab kontinue pou-n rive minm nan tan Abraram kote Bondieu te detri Sodòm e Gomò avèk olokòs lan poutèt peche yo.
Peche te antre mond lan atravè Adan nan Edèn min, avan la loua, peche pou pitit Adan yo pa-t gnou tranzgresion. Peche Adan, ki se gnou tranzgresion, te pi grav ke peche desandan li yo ki pa-t gin konesans Bondieu paske Bondieu te pase li lòd pou-l pat manje frui an. Li te rebelie kont lòd (nou ka minm di, la loua) ke Bondieu te ba li an. Peche desandan li yo, okontrè, se te kont konsians e kont moralite min se pa kont la loua oubyin kont gnou lòd (5:14).
Detay apòt lan fè nou konprann, an fas demand Bondieu yo, lòm paka janm vink sou peche paske peche egziste nan kè li depi-l fèt.
Apòt lan vle fè nou ouè, kounye-a, lòm koupab akoz lokasion li. An minm tan, li justifie, tou, akoz lokasion li (5:15-21).
Gnou ti egzanp pou nou plus konprann. De nasion nan gè. Avan gè an, te gin bon relasion antre pèp yo. Min moman roua yo deklare gè an, moun sa yo vín ènmi. Se pa zèv pèsonèl yo ki fè yo ènmi min se desizion moun ki an tèt yo an e peyi yo abite an ki konstitue yo ènmi.
Nou te gintan ouè ke nou koupab par zèv nou e par natu nou. Kounye-a, nou dekouvri ke nou koupab, tou, akoz lidè nou an e lokasion nou nan li paske Bondieu ouè tout moun ki ‘pa jusitifie’ nan Adan—avèk premie zanzèt lan kòm chèf yo. Li ouè tout moun ki justifie, tou, ‘nan Kris’—avèk Kris kòm chèf yo.
Apòt lan konpare e kontraste Adam ak Kris. Adan konpare avèk Kris nan otorite li kòm chèf. Puiske Adan se chèf ansyin kreasion an ki te tonbe nan peche, li sinbolikman reprezante Kris, chèf nouvo kreasion an.
Nou pòv nan Adan min nou rich nan Kris. Adan kòm lidè pèp li aji pou yo. Li te dezobei Bondieu lè-l te pran frui an. Fot li an te pote lanmò pou li e pou pèp li. Se konsa Adan, atravè aksion li, te plonje pèp li nan povrete espirituèl. Kris, okontrè, vini avèk gras Bondieu e kado Bondieu ann-abondans pou anrichi pèp li, ke apòt lan rele ‘anpil moun’ (5:15).
Adan kondane nou min Kris justifie nou. Avèk gnou sèl peche, Adan te trinnin pèp li anba jujman e kondanasion. Pou Kris ta sinpleman egal avèk Adan, travay Kris lan ta doue touche sèl grinn peche Edèn lan. Kado justis lan nan Kris, okontrè, retire gnou gran kantite peche pou deklare pèp Li just (5:16). Dèske Adan se gnou moun ki sove, travay Kris lan te minm retire peche li lè-l te kouè—e Kris retire peche tout moun just yo k-ap met pie nan nouvo tè-a e nouvo sièl yo. Kantite peche ke travay Kris lan padone inkalkulab.
Lanmò domine nan Adan min nou (kouayan yo) domine nan Kris atravè justis. Zak peche Adan akoz lanmò pran kontròl tè Bondieu an. Kris, atravè kado justis lan, fè lavi domine nan vi kouayan Li yo, ki vledi, Li fè yo vivan espirituèlman pou yo reziste peche pou yo kapab viv justeman. Etan pasaj lan pran eta kouayan pandan li sou tè an, li anbrase fidèl lan, tou, nan rezureksion an, lè Kris ap ba li gnou kò ki san natu peche, pou rann li posib pou kouayan obei justis san anpechman peche tankou kounye-a. Konsa, kouayan ap domine nan lavi par mouayin gras Kris lan (5:17).
Kondanasion pandie sou nou nan Adan paske avèk gnou sèl fot, li fè kondanasion etann sou tout moun. Pasaj lan fè nou konprann ke tout moun ki trase lign yo nan Adan kondane. Kòmanse avèk Kayin, pase pran Abèl avèk chak grinn moun ki te fèt e k-ap fèt sou tè an (sòf Kris), deyò justis Bondieu an, tout moun gingnin Adan kòm chèf. Plas yo nan Adan, selon Bondieu, konstitue yo kondane.
Justis etann sou nou nan Kris paske, atravè travay justis Li an sou la koua, Li bay anpil moun justis. Tout moun fèt anba lòd Adan, ki vledi, tout moun fèt kondane. Travay Kris lan ase pou justisfie tout moun min, malerezman, se anpil moun k-ap resevoua li. Anpil moun sa yo jouinn justis Bondieu pandie sou yo juskaske yo antre nan sièl (5:18).
Minm jan nou pechè otomatikman paske nou nan Adan, nou just otomatikman, tou, lè nou nan Kris. Aksion dezobeisans Adan nan Edèn te kondane nou anba jujman. Apòt lan kounye-a deklare ke peche Adan osi konstitue anpil moun pechè. Se paske gras Bondieu retire moun yo ki te chape kite Adan vín jouinn Kris ki fè apòt lan pa di tout moun pechè nan Adan. Pou anpil moun ki te moun Adan yo ki vín moun Kris, aksion Kris lan fè yo just (5:19).
Bondieu ouè gnou kesion k-ap fòme nan panse moun k-ap suiv diskou an. Lòm se pechè e li kondane anba jujman avan la loua te minm antre paske lokasion li se nan Adan. Kouayan yo jouinn justis par la gras atravè la foua paske yo nan Kris. Min si se konsa-l ye vre, kisa la loua util? Poukisa Bondieu te ba lòm li? Bondieu te bay la loua kòm gnou miroua. Atravè la loua, peche lòm ta doue parèt pi klè, pi plus e pi terib nan zie li. Konesans sa-a ta doue fè-l ouè li paka rezoud problèm peche-l yo. Lè Kris te parèt e lòm te konprann intansion Kris, dèske gras Bondieu-a nan Kris pi puisan ke peche, lòm te doue kouri nan bra Kris pou soti anba la loua. Se avèk intansion sa Bondieu te bay umanite (nan jouif yo) la loua.
Minm jan peche te domine lòm e-l te ba li lanmò, plan Bondieu se pou gras Li domine, tou, atravè la justis pou bay lòm lavi etènèl nan Kris (5:20-21). Travay sa-a gintan kòmanse nan kouayan. L-ap parèt pi klè nan milenè an, min akonplisman konplèt lan ap realize nan nouvo tè an e nouvo sièl yo.