Tankou gnou moun nan mitan lanmè an k-ap naje ak pròp fòs li pou li rive nan gnou lòt peyi, konsa nou antoure avèk lanmò.
Gin moun lan ki nouaye tou-suit paske li pa konn naje. Konsa, tou, gin moun ki mouri avan lè-l.
Gnou lòt moun dure kèlke jou paske li fò, min lanmè a rale-l desann kanminm paske dlo an toujou pi fò. Gran najè sa-a se moun lan, vi-l sitèlman dure, fòdi lanmò paka touche-l, min, elas, li tonbe, tou, li-minm.
Gingnin gnou lòt moun ki ta-p rive pi louin, min prochin li mare bra-l nan kou-l, toufe li, pouse-l desann anba dlo lanmè an epi-l nouaye. Pèsòn pa ouè malin an—li kontinue naje. Min, nan gnou ti tan, gnou vag lanmè pase, li ranmase asasin an, tou, epi-l pote-l ale. Kadav lan desann tankou tout lòt yo ki te desann avan-l e k-ap desann aprè-l.
Anbision pou pouvoua, lanmou pou lajan, jalouzi pou sa lòt moun gingnin oubyin sinp mechanste fè lòm koupe lavi lòm kout. Min nou pa doue blie ke san nou bouè an p-ap anpeche nou mouri, tou, nou-minm. Tou-talè, minm fènoua ki anbrase nanm prochin nou an pral ouvri bra-l pou-l anbrase nou, tou.
Moun k-ap detri vi inosan yo, kite nou avètize ou: chak rout ou pran, lanmò sere nan kouin yo ap suveye ou, ap etudie chak chemin ou fè. Chak nuit ou kouche sou kabann ou, lumiè an etèn, lanmò antoure ou tèt-o-pie. Si-l vle l-ap pran ou ak de-grinn-zie ouvri. Byin petèt, se nan moman ou pa-p panse avèk li—l-ap rive sou ou, kinbe ou, trinnin ou desann nan fènoua etènèl lan, kote lanmou pa janm met pie, espoua pa egziste, dufe an pa janm kapab etèn.
Richès, edukasion, pouvoua, renome (angnin nan mond lan) paka delivre nou anba destin sa-a. Gran nèg lan, tankou malere an, gin pou-l mouri. Filozòf lan, minm jan ak ignoran, gin pou-l ale. Prezidan anndan palè an pa epanie minm jan ak malere an k-ap dòmi nan laru.
Te gin gnou Nonm sou tè an ki pa-t bezouin naje. Li te mache anro lanmè an minm jan gnou moun mache sou tè beni an. Nonm sa-a se sèl Moun lanmè an pa-t gin pouvoua sou Li. Min Li te chouazi desann, antre nan fènoua lanmò, pou Li te kapab delivre nou. Nou paka konte miltitud moun Li gintan delivre anba pouvoua lanmò. Gnou moun ki gin Nonm sa-a kòm Sovè-l pa bezouin pè lanmò. Etan l-ap reziste fòs tenèb yo, kanpe kont tout injustis, tout korupsion ak tout kriminalite, pou-l asure gnou plas pou la justis, malin an ka tue-l, min apre lanmò-l, lumiè sièl lan anbrase-l pou resevoua li nan la gloua.
“Jezu di…mouin se rezureksion e la vi. Moun ki kouè nan mouin, minm si li mouri, li va viv” (Jan 11:25)