Delivrans nanm nou anba jujman Bondieu nan lanfè pou peche nou se pa gnou bagay nou doue pran lejè. Mond lan anvayi avèk mesaj ki promèt nou delivrans anba santans sa-a. Min se nou minm ki responsab pou sa nou resevoua pami mesaj sa yo. Si sa nou pran inutil, se nou ki pèdu.
“E sa sa sèvi gnou nonm si li gingnin tou le monn, e ke LI PÈDU NANM LI” (Mak 8:36)
Li posib ke moun lan ki pote move mesaj lan (fo levanjil lan) ba ou an tronpe, tou, li minm. Lè sa-a, gin anpil chans l-ap mouri ale minm kote avèk ou. Oubyin, ou ka pran manti a nan min-l epi ou mouri konsa. Li minm, o-kontrè, pi devan, li ka trouve verite an, li resevoua li epi li tou sove etan ou minm ki te pran manti a nan min li, ou pèdu nanm ou.
Pa gin gnou moun ki ka fòse ou pran gnou manti oubyin gnou erè. Minm Bondieu respekte volonte ou: Li prezante ou verite an pou ou analize e konprann. Apre ou fín konprann, ou ka deside kouè oubyin rejte verite an. Bondieu p-ap fòse verite an sou ou juskaske Li fè ou pran li par fòs. Min, respekte Li respekte choua ou an, ou-ap toujou subi konsekans desizion ou an.
Tout manti yo pataje sa-a ansanm: yo tout di ou ke ou gin gnou bagay ou ka fè pou salu an, pou ou kontribue nan salu an oubyin pou ou kinbe salu an apre ou resevoua li. Chak gin preferans yo: kèk se batèm (an jeneral), lòt se batize nan non Jezu, inpe lòt se suiv kòmandman yo, pluziè lòt ankò se obzève jou saba (setièm jou an), pale nan lang, konfese Jezu avèk bouch ou, e setera.
Inpe nan manti sa yo difisil pou justifie—gin lòt se erè ki jouinn nesans yo nan ignorans e inkredulite moun k-ap prezante yo an. Sa ki tris lan, prèske chak grinn erè sa yo gingnin pasaj nan Bib lan moun sa yo ka pran ba ou pou yo tronpe ou si ou pa gin ase konesans nan Paròl Bondieu an.
Tout manti sa yo gin minm rezulta: yo pa posede gnou pouvoua pou chanje lavi ou lè ou kouè nan yo e yo paka retire peche ou yo pou ou ka chape lanfè e antre nan sièl apre lanmò.
Verite an, o-kontrè, sinp: salu Bondieu an se gnou kado Bondieu ba ou gratis lè ou rekonèt peche ou e, nan kè ou, ou mete konfians ou nan Kris kòm Sovè pèsonèl ou:
“Sila a ki kouè nan le Fils gin la vi etènèl; min sila a ki pa obeyi le Fils p-ap ouè la vi, min kolè Bondieu rete sou li” (Jan 3:36)
APRE SALU AN (ki vledi pa gin gnou kesion de ‘èske m-ap sove’ ankò) gin nan bagay sa yo ou doue fè: batèm se gnoun, sintete (ki se demand la loua) se gnou lòt, e li inposib pou ou pa janm konfese Jezu kòm Segnè an ak bouch ou. Bagay sa yo se bagay ki suiv salu an e ki rann gnou MOUN KI GINTAN SOVE util nan travay Bondieu an min KI PA GIN ANGNIN POU OUÈ AK SALU NANM MOUN LAN dèske salu an akonpli nan Kris e moun lan te gintan gingnin li moman li te kouè an.
Min nanm ou se pa ou: deside! Kisa ou-ap chouazi? VERITE an (Kris) oubyin MANTI an (zèv)?