Konn gin gnou moun ki ta rinmin proche kote gnou lòt moun min li pè ke lòt moun lan ap umilie li. Petèt se gnou pitit ki fè gnou dezòd. Li blese granmoun li avèk zak dezòd li an. Sa ka akoz granmoun lan fache ak pitit lan. Oubyin li ka de frè (oubyin de sè) ke gnou problèm antre nan mitan yo e problèm sa-a gate relasion an, kote yo gnoun pa pale ak lòt ankò. Byin petèt se gnou erè ki konmèt anndan gnou mariaj, ki mete fouaye-a an danje. Moun lan ki an tò an ka byin anvi proche kote lòt moun lan, fè-l konnin ke li aksepte tò li epi mande li padon pou sa-a ka ranje min koupab lan ka pè ke moun ki viktim lan ap rejte li. Perèz lan ka paralize moun lan juskaske yo mouri san rekonsiliasion.
Nou konmèt peche kont Bondieu (Romin 3:10). Peche nou yo se pa erè. Nou volontèman fè choua-a pou nou dezobei Li.
Dèske se nou ki an tò, ou ta panse se nou ki t-ap chache Bondieu, min, tankou papa nou apre li te akoz peche antre nan mond lan nan rebelion li (Jenèz 3:8), pito nou chache Bondieu, nou pi pito fè tout sa nou kapab pou nou elouagne nou de Li.
Bondieu ap chache e atire moun nan mond lan pou-L voye yo al jouinn Pitit Li an. Bondieu deside vín chache kreasion Li an paske lòm nan eta naturèl li pa panse sou bagay espirituèl e sou bagay etènèl. Sa ki intèrese li se afè mond lan, tankou lajan, renome, plezi (1 Jan 2:16) pou li satisfè bezouin e dezi kò an. Pou kont li, lòm pa mete atansion sou bezouin nanm li.
Gnou moun ki ouè l-ap plede panse sou destinasion nanm li apre lanmò doue konprann ke bagay sa yo pre-okupe lespri li paske Bondieu ap atire li.
Bondieu anplouaye anpil taktik pou-L pale avèk lòm: Li utilize sikonstans lavi tankou moman dèy, difikulte, trajedi; Li konn sèvi avèk benediksion Li anvè lòm, tou; lòt foua, zouti prefere Li se gnou vèsè la Bib, gnou konvèsasion oubyin minm gnou publikasion tankou sa ou-ap lir la. Bondieu anplouaye diferan taktik pou diferan moun pou-L kapab reveye yo. Epi reveye Li reveye yo, Li voye yo al jouinn Pitit Li an.
“Tout moun papa-a ban mouin va vi-n jouinn mouin” (Jan 6:37)
Bondieu pa voye lòm al jouinn Pitit Li an pou Li ka juje li akoz peche li yo. Nou konnin gingnin gnou tan k-ap vini L-ap juje (Acts 17:31), min pou kounye-a se pa pou jujman. Bondieu voye yo al jouinn Pitit Li an pou byin yo:
“Min volonte papa mouin: se pou chak moun ki gade le Fils, e ki kouè nan li, doue gin lavi etènèl” (Jan 6:40).
Nou konmèt peche kont Bondieu e Li t-ap just si Li te deside vag nou, kite nou kontinue nan rebelion nou e peche nou yo juskaske nou ta pèdu nanm nou nan lanfè. Min gnou moun k-al jouinn Kris sinsèman pa doue an dout de atitud Kris anvè li. Moun sa-a pa bezouin pè sa Kris pral di li (oubyin pral fè li) lè yo rankontre:
“Moun ki vi-n jouinn mouin, mouin p-ap janm mete li deyò” (Jan 6:37)