“Bondieu te ban nou la vi etènèl, e ke lavi sa a se nan Pitit li. Moun ki gin Pitit la, gin la vi; moun ki pa gin Pitit Bondieu a, pa gin la vi” (1 Jan 5:11-12)
Dèske Kris te fè gnou peyman infini a Bondieu pou peche, Bondieu ofri pou netouaye tout peche gnou moun moman moun lan deside resevoua Pitit Li an (1 Jan 1:7). Bib lan di nou, lè Bondieu padone peche moun lan, sa Li bay moun lan se lavi etènèl. Gnou moun pa travay pou lavi etènèl min se gnou kado. Pou gnou kado ka gnou vrè kado, li paka koute moun ki resevoua li an angnin. Kado an koute moun k-ap bay kado an min li paka koute moun k-ap resevoua li an minm gnou santim. Si se pa sa, li pa gnou kado vre.
“...kado Bondieu, se la vi etènèl nan Jezu-Kri...” (Romin 6:23)
Pou gnou rezon ki difisil pou nou konprann e esplike, kado sa ki sitèlman chè an ke nou pa-t ka janm achte-l lan, Bondieu ofri li gratis min nou pa vle pran-l paske li gratis. Nou vle kontribue gnou bagay ladann minm si nou pa kapab.
Paske lòm vle mete kontribusion pa li nan kado lavi etènèl gratis Bondieu an, lòm chache pase nan tout rout pou li vire definision ‘lavi etènèl’. Gin sa k-ap di, deklaratifman, li inposib pou ou gin lavi etènèl. Lòt ap di, ou ka gingnin li, min si ou pa jere li byin, ou-ap pèdu li. Gnou lòt group moun di nou ke, se sièl lan ki lavi etènèl lan. Ou gin lavi etènèl lè ou rive nan sièl lan min se pa pandan ou-ap viv sou tè an.
Min, nou bezouin konprann sa ‘etènèl’ lan ye. Pasaj nou an anro tèt mesaj sa-a prezante li klè. Moun ki bay lavi etènèl lan se Kris. Depi ou gin Kris ou paka pa gingnin lavi etènèl.
Paròl Bondieu pa janm di nou se apre gnou moun mouri ke Kris ba moun lan lavi etènèl. Tout kote, Kris di nou, moman moun lan kouè, li posede lavi etènèl. Don lavi etènèl lan, donk, se gnou kado moun lan ki kouè an posede depi sou tè an lè li resevoua Kris par la foua.
Ou-ap jouinn moun k-ap di, oui, gnou moun ki sove, salu li jouinn lan se lavi etènèl, min se tout tan li mache douat ak Bondieu. Moman li fè gnou peche, moun lan mete salu an atè, e li vín pa gin lavi etènèl ankò. Y-ap di ou se lè moun lan kòmanse mache douat ankò ke moun lan ap repran lavi etènèl lan. E si moun lan mouri san li pa repran-l, moun lan mouri san lavi etènèl. Li tou pèdu nanm li nan lanfè.
Intèpretasion sa se gnou fantezi. Bib lan pa supòte li e li pa konfòme ak lojik.
“Paske se avèk la gras ke nou sove, gras-a la foua. E sa pa sòti nan nou-minm, se kado Bondieu. Se pa gras-a zèv, pou pèsonn pa louanje tèt li...”
(Efezyin 2:8-9).
Nou kouè, tout moun ki kouè ke gingnin gnou sièl e gingnin gnou lanfè ta rinmin posede salu an. Paske kiyès ki pa ta rinmin antre nan sièl lan apre lanmò? E kiyès si tèt li douat ki pa ta vle chape jujman Bondieu nan dufe lanfè an? Min, problèm nou gingnin an, nou vle salu an selon nou-minm min se pa selon plan Bondieu. Min si se kado Bondieu Li ye, Bondieu gin doua ban nou Li nan fason pa Li.
Nou tout konn sa gnou kondision ye. Si nou ba ou kondui machín nou, min nou di ou, pa kite li sal. Si nou jouinn li sal, n-ap pran-l nan min ou.
Sa se gnou kondision.
Tout tan ou kinbe li pròp, si-n pa-t janm ba ou gnou lòt kondision, nou pa-p ka pran-l nan min ou. Min, si li sal, na-p pran li e ou paka di angnin paske se ak kondision sa nou te ba ou li. Nou kouè egzanp lan klè.
Gnou lòt egzanp: an nou di ke nou di ou nou ba ou travay gnou tè pou trant-an. Nou signin papie an pou trant-an san lòt kondision. Sonje, kondision an se pou trant-an sèlman. Nou pa gin doua pran tè an pou okinn rezon avan trant-an pase. Si-n te vle pran li avan trant-an, nou ta-p mete kondision ki ta-p otorize nou fè sa nan kontra. Min san kondision sa yo, nou paka pran-l nan min ou avan trant-an. Min, moman li depase trant-an, n-ap pran-l paske se gnou tè trant-an nou te ba ou.
Nan salu an, gnou moun ki sinsèman repanti e ki rive konprann e aksepte ke Kris te soufri, mouri e resusite pou-L te kapab sove-l, Bondieu ba moun sa-a lavi etènèl san kondision. Li inposib pou moun lan janm peri pou okinn rezon.
An nou rantre anndan mo etènèl lan:
Bondieu etènèl nan gnou sans espesial paske Li pa gin kòmansman e Li pa gin gnou fin.
Zanj yo anpil foua pi ansyin pase nou (lòm) min yo pa etènèl tankou Bondieu etènèl. Yo pa gin gnou fin min yo te gingnin gnou kòmansman.
Nan sans zanj yo, nanm lòm etènèl, tou. Li gingnin gnou kòmansman min li pa-p janm suspann egziste. Nou kouè, nan egzanp sa yo, mo ‘etènèl’ lan klè lè nou aplike li a gnou kreasion Bondieu tankou zanj yo oubyin nanm lòm.
Se nan dezièm sans sa-a Bondieu ba lòm lavi etènèl. Moman li kouè nan Kris, li vín posede gnou bagay li pa-t janm ko gingnin—li posede lavi etènèl.
Lavi naturèl lòm fèt avè-l lan tèmine nan lanmò paske, apre lanmò, nan lanfè, eksperians li pa gnou vi min, sinpleman, gnou egzistans.
Gnou moun ki gin lavi etènèl, o-kontrè, moman li kouè an, li resevoua gnou vi ki konekte li ak Bondieu etènèlman, k-ap akoz moun lan al viv nan sièl apre lamò. Moman li gingnin Kris, Pitit lan, lavi sa li jouinn lan paka tèmine paske lavi an etènèl.
Nou konprann ke sa ka konfuze kèk moun. Kite nou ba ou gnou egzanp:
Imajine ou si Bondieu te promèt ou gnou lavi de-san-tan, san kondision. Li promèt ou ke pou de-san-tan li inposib pou ou mouri—san kondision. Si ou ta mouri pou okinn rezon apre san-sinkant-an san ou pa rive nan de-san-tan, Li pa-t ba ou gnou vi de-san-tan.
Èske sa klè...?
Si Li te ba ou kondision e ou viole kondision an—oke! Lè sa, se ou minm ki konnin. Min, si Li pa-t ba ou okinn kondision, min Li annik di ou ke ou-ap viv pou de-san-tan, si Li se gnou Dieu ki omnipotan e ki just, ou paka mouri avan de-san-tan fín pase.
Kounye-a, aplike lojik sa nan salu an. Bondieu promèt gnou moun, depi li repanti (rekonèt peche li yo) e li konfie li nan Pitit Li an, Jezu Kris, moun lan pa-p janm peri, san Li pa ba moun lan gnou kondision. Inbin, kòman moun sa ka fè peri? Li gingnin gnou vi (se pa gnou vi dizan) min gnou vi ki etènèl.
“Mouton pa-m koute voua mouin; mouin konnin yo e yo suiv mouin. Mouin ba yo lavi etènèl, yo pa-p janm peri, e pèsonn pa-p janm ouete yo nan min mouin...”
(Jan 10:27-28)