DEMASKE OU
DEMASKE OU
Nou sèvi avèk mask pou nou kache sa nou ye e pou nou kreye gnou fo idantite. Petèt n-ap pousib gnou lanmou. Nou chache konnin sa li rinmin epi nou maske nou kòm sa etan realite nou an o-kontrè. Opinion lòt lan (akseptans li) sitèlman inpòtan pou nou ke nou oblije soufri an silans pou nou kinbe fasad lan. Nou mache tou tranble, konsian ke ninpòt moman vrè idantite nou ka parèt epi moun lan p-ap rinmin nou ankò. Nou pè ke l-ap elouagne-l de nou paske moun li te rekonèt lan, moun li te aksepte an, moun li te rinmin an, se te gnou fantezi, gnou mask.
Gnou mask toujou tanporè—li paka rete nan figu moun pou tout tan. Li gin pou li desann pou vrè vizaj lan parèt.
Nou mete mask paske nou konnin li efikas: mask lan ede vagabon an tronpe demouazèl lan; li ede pèlin an rive sou jèn gason an; li kache fònikatè an, adultè an, vòlè an, asasin an, vodouzan, juskaske li trò ta pou viktim li an.
Mask lan efikas avèk lòm min se pa avèk Bondieu:
“Min [Jezu] pat bezouin pèsonn pou ba li temouagnaj sou lòm; paske li-minm li te konnin sa ki te nan lòm” (Jan 2:24-25)
Bondieu ouè sa ki anndan lòm e sa-L ouè an, Li pataje avèk nou. Sa-L prezante nou an pa bèl du tou—“pa gingnin moun ki just, pa gin gnou sèl” (Romin 3:10). Mask nou yo pa tronpe Bondieu min y-ap anpeche nou jouinn avèk bonte Li paske Bondieu pa intèrese nan ipokrizi. Nan ninpòt eta peche mete nou, Bondieu ka delivre nou anba jujman Li epi delivre nou anba pouvoua sa-a, min Li mande pou nou pran konsians. Nou paka nan kache, nan plede fè eskuz. Li mande repantans, pou nou aksepte sa nou ye an e sa nou fè an. Nou doue retire mask lan.
Gin moun ki mete mask se pa paske li vle fè lòt lan mal min se paske li rinmin li e li pa vle pèdu li. Moun lan maske li paske aparans li sitèlman lèd, li konvinki ke lòt lan p-ap apresie li.
Parfoua, mask lan konn pa nesesè paske moun lan konn pi rinmin-l san mask ke avèk mask. Min mèt mask lan ap viv gnou gran insekurite tout tan l-ap sèvi avè-l paske vrè lanmou fonde sou verite, sinsèrite, konfians e akseptans—min mask lan se gnou mansonj. Kòman lòt lan fè aksepte gnou moun li pa konnin? Moun ki maske an paka jouinn vrè lanmou nan min lòt lan tout tan l-ap kache.
Nou ta rinmin di ke deklarasion verite an toujou pote rezulta ke moun lan ap chache an min, an realite, moun lan ka deside prezante lòt lan vrè idantite li epi lòt lan tou vire do-l epi l-ale paske sa-k devan zie-l lan pa nan gou-l.
Mask lan pa nesesè avèk Bondieu non sèlman paske Li gintan konnin ke moun ki dèyè mask lan lèd espirituélman, min ak tout maling yo, tout tach yo, tout sikatris yo, Li rinmin moun lan. Li te kreye gnou mouayin nan Kris par la foua pou Li pròpte li, pou Li retire mak peche yo—“san Jezu Pitit li netouaye nou, ouete tout peche” (1 Jan 1:7).