Jezu Kris se Lavi Etènèl lan ki te manifeste kòm gnou lòm. Moun lan ki konnin Li par la foua se gnou pitit Bondieu paske-l posede lavi etènèl (1 Jan 1:1-2; 3:1). Jan te esplike nou ke justis nan vi kouayan se prèv ke li se gnou vrè pitit Bondieu (1 Jan 3:6-7). Min manifestasion justis Bondieu nan gnou vrè Kretyin se lanmou pou lòt Kretyin. Kris te bay kòmandman sa-a nan kòmansman levanjil lan (Jan 13:34) e apòt yo te ansegne Kretyin yo kòmandman an nan kòmansman vi yo kòm Kretyin (Jan 13:34, 1 Jan 3:11).
Min gingnin pitit Bondieu e gingnin pitit Malin an (diab lan): Kayin reprezante pitit diab lan e Abèl reprezante pitit Bondieu an. Kayin te rive tue Abèl paske zèv pa li yo te move etan zèv Abèl yo te just. Justis se toujou gnou ofans pou peche (Jenèz 4:3-8; 1 Jan 3:12). Se te justis Li ki te akoz Jouif yo rayi e mande lanmò Jezu. Konsa, tou, justis Kretyin yo ap akoz mond lan ki anba pouvoua Malin an rayi yo (1 Jan 3:13).
Kretyin an te mouri espirituèlman avan li te rankontre avèk Kris. Li te gin hèn pou justis Bondieu tankou tout moun yo ki nan fènoua Malin an. Kris te ba Kretyin an lavi etènèl pou-L te ka retire-l nan lanmò espirituèl. Lanmou Kretyin an pou lòt pitit Bondieu yo se prèv ke li nan lavi e li pa nan lanmò ankò. Moun ki gin langaj Kretyin min ki pa gin lanmou se gnou moun ki toujou ap demere nan lanmò. Pou Bondieu, pa gin ‘kache nan mitan’: se kit ou gin lanmou osoua ou gin hèn.
Bondieu gade hèn tankou asasinaj. Kayin pa t-ap janm tue Abèl ak lanmou nan kè-l pou li. E depi hèn lan la, minm si-l pa ta rive tue Abèl, posiblite pou-l te fèk zak lan t-ap toujou la. Lavi etènèl e prezans Sintespri nan Kretyin an rann li inposib pou santiman sa-a egziste nan kè li pou gnou lòt Kretyin. Moun ki di-l se Kretyin ki gin pouazon sa-a nan kè li anvè gnou lòt pitit Bondieu se gnou asasin, minm si li pa ta rive fè aksion an—e gnou asasin pa gin lavi Bondieu nan li (1 Jan 3:14-15).
Kris pa sèlman egzanp Kretyin an nan justis, non, min Li se egzanp li nan lanmou, tou. Lanmou Kris pou nou te pouse Li bay vi Li pou-L te kapab sove nou. Inbin, nou pa doue rayi e anvi tue gnou lòt pitit Li. Nou doue rinmin frè nou pou nou ta minm rive bay vi nou pou li paske se egzanp sa-a Kris te ban nou (1 Jan 3:5, 16).
Lanmou Kris pa-t demere nan paròl min li te manifeste ann-aksion. Gnou moun kapab di-l t-ap mouri pou gnou lòt Kretyin paske li konnin chans lan pou lanmou fè-l demand sa-a prèske inposib. Jan fè nou konprann, si gnou lòt Kretyin nan legliz nou ta nan bezouin e li nan pouvoua nou pou nou fè pou li min nou pa fè, nou pa doue kouè ke n-ap dakò fè sa ki pi difisil lan, pou-n dakò rive mouri pou li. Kretyin an pa ta doue rinmin sèlman avèk paròl min avèk zèv osi (1 Jan 3:17-18).