Lòm inparfè par natu li. Apre le Segnè Jezu Kris, nou p-ap jouinn gnou lidè parfè. Deklasion sa-a pa gnou eskuz pou lidè an neglijan, ignoran, inkonpetan osoua malfezan anvè moun li an tèt yo an. Li doue antre nan pòs lidè an prepare pou li travay du pou pèp lan min, an minm tan, nou konnin l-ap fè erè kòm gnou umèn.
Umanite lidè an fè nou prioritize kèk kalite devan lòt. Nou konnin fò lidè an konpetan min lanmou doue akonpagne konpetans. Lidè an doue rinmin moun li yo. Gin lòt kalite li ka manke epi pèp lan ka supòte min lanmou pa doue negosie. Lidè ki pa rinmin travay lan e ki pa rinmin pèp lan l-ap sèvi an se gnou destruksion vivan. Pi gran pozision lidè an okupe, pi gran vibrasion ke aksion li ap kreye. Pèp sa-a ap santi vibrasion sa-a jenerasion an jenerasion.
Prezidan Jovenel Moise te kapab gin anpil e gran tò. Nou pa konnin. Tan ap devouale gran tò-l yo si yo egziste. Min kalite chèf leta te gingnin ki paka an dout se lanmou ki te vivan nan kè li pou pèp Ayïsyin an. Video e foto yo anpil kote bòt li nan pie li, l-ap vizite tout kote katastròf yo pase. Labou, lavalas, falèz, angnin pa-t kapab separe li ak pèp li. Prezidan Republik lan te souvan chita atè ap manje nan min machann manje nan laru. Bra li te souvan nan kou moun ki te pi umilie, moun sosiete te meprize.
Lanmou ansyin prezidan pou pèp lan, an fin, fè Premie Dam Martine Moise gnou vèv jodi an e lanmou sa-a koz timoun li yo ap viv san papa.
Anpil gran publikasion etranje ban nou inpe lumiè sou lanmò prezidan. Otè intelektuèl e aktè yo nan lanmò li, ansanm avèk gran miray ki plante antre kriminèl yo e justis ke prezidan pèp lan merite-a, fè nou vle kouè detay jounalis etranje sa yo.
Jounalis yo di nou gran non site nan dosie trafik dròg lan ke Prezidan Jovenel t-ap rasanble pou leta Amerikin. Prezidan te minm fè pèp lan konnin ke li t-ap konbat avèk gnou puisans sekrè andedan peyi an ki te vle souse pèp lan chèch ekonomikman. Paj ‘Levanjil Kris lan’ pa trafike nan politik min si jounalis etranje yo ap ba nou verite-a de sikulasion dròg nan peyi an, e ke gran non ke pèp lan fè konfians mele ladann, Prezidan Jovenel ta doue konnin ke yo t-ap eseye tue li pou pa gin gnou intèrupsion nan antrepriz noua yo an.
Prezidan elu an te intelijan ase pou konprann ke dròg kreye korupsion nan gouvènman gnou peyi. Kòrupsion kreye insekurite paske chèf sal yo finanse gang yo e antre zam nan peyi an pou sòlda yo an (gang yo) avèk kòb dròg lan. Insekurite an kokobe peyi an nasionalman e intènasionalman.
Premie viktim insekurite an, malerezman, se populasion an ki paka sikule libman pou chache e kreye gnou avni.
Lanmou Prezidan Jovenel pou pèp lan te pouse li mete vi li an danje pou peyi an. Jovenel mouri lanmò gnou ero. Lanmò li kapab fè moun k-ap suiv li kòm prezidan pè kontinue kote-l te kanpe an. Nouvo prezidan ka tante devni gnou chin nan lakou mèt li, sèt-a-di, gnou chèf leta k-ap obei avèk ofisièl kòronpi yo e lòt puisans sekrè yo pou li pa pase tankou Jovenel. Min Ayïti bezouin gnou ero k-ap suiv tras pie Jovenel nan palè-a. Peyi an ap kriye pou senatè ero, depute ero, majistra ero, juj de pè ero, chèf polis ero e komisè ero, moun ki prepare pou kanpe pou la justis kont tout kòrupsion, an fas gran presion e danje k-ap tann yo, paske sa se sèl fason Ayïti kapab devni abitasion la justis, sekurite, egalite e opòtunite. Ayïti bezouin lòt Jovenel kòm lidè nan tout pòs leta yo.
Jovenel te kòmanse gnou travay min lanmò te anpeche li fini-l. Nou minm Kretyin, nou gin gnou Lidè ke lanmou-L pou nou te osi koz lanmò Li. Jovenel pa-t chouazi mouri. Lanmò te rive sou li atravè mansonj, ruz e trayizon. Lanmò Lidè nou an te gin eleman sa yo, tou, min yo pa-t ka tue Li deyò volonte Li. Soufrans e lanmò Li se te gnou choua paske se konsa sèlman Li te kapab sove nou. Jovenel te fè sa-l te kapab min apre lanmò li, pèp lan pa-t delivre. Peyi an, okontrè, vín pi mal apre lanmò-l. Lidè nou an, nan lanmò Li, sove tout moun ki resevoua Li par la foua. Jodi an, Martine e fanmi ansyin prezidan te parèt devan tonb ki kinbe kadav li pou rann li omaj. Lidè nou an pa nan tonb lan ankò e L-ap kontinue travay pou nou juska kounye-a paske Li vivan. Li vink sou lanmò e tout ènmi Li yo.
“Pou-tèt sa, li kapab sove konplètman sa yo ki proche kote Bon-Dieu pa mouayin li, puiske li vivan tout tan pou li plede an favè yo”
(Ebre 7:25)