Avan kouayan te jouinn ak Kris, kolè Bondieu te pandie sou li pou peche li yo (Romin 1:18-3:20). Kris, nan salu an, justifie li gratisman, deyò zèv justis li (1:16-17, 3:21-31) minm jan Li justifie tout fidèl nan tout epòk (Romin 4:1-25). Fidèl lan, justifie nan Kris kounye-a, gin la pè avèk Bondieu paske Kris te rekonsilie li. Lanmò Kris garanti li ke sekurite sa-a etènèl epi, nan rezureksion Li, Kris la pou sove kouayan kontinuèlman anba pouvoua peche pandan li sou tè an (Romin 5:1-11).
Salu an osi bay kouayan gnou nouvo estatu. Avan Kris, Bondieu te ouè kouayan kòm gnou pechè ki te mouri e kondane nan Adan. Bondieu, kounye-a, ouè li just, vivan e justifie nan Kris. Kouayan pa-t travay pou eta li nan Adan. Li te sinpleman fèt ladann. Fidèl lan pa travay osi pou eta li nan Kris. Kouayan te fèt ladann lè-l te resevoua Kris par la foua. Aksion li pa kapab retire li nan Kris minm jan aksion li pa-t kapab retire li nan Adan (5:12-21).
Pòl te ede nou konprann fason kouayan te trouve li nan Kris. Ofisièlman, estatu li nan Adan te kòmanse nan jou nesans li, byin ke natu peche an te avèk li depi nan vant manman-l (Sòm 51:5). Fidèl lan te relokalize li nan Kris nan moman-l te kouè an (1:16-17, 3:22-25). Min eksperians lan te toujou rete inpe misterie. Apòt lan, pou ede nou plus konprann, te revele ke moman gnou moun kouè, Sintespri batize-l nan lanmò, antèman e rezureksion Kris. Prezans le Sintespri andedan li nan moman salu an (avan-l fè eksperians batèm dlo an!) plonje kouayan nan lanmò Kris pou idantifie li ak Kris pou li legalman separe ak natu Adamik lan. Nan zie Bondieu, kouayan te mouri avèk Kris lè-l te kouè an e-l te resusite osi avèk Li.
Kouayan pa-t fizikman mouri ak Kris lè-l te kouè an min Bondieu ouè-l konsa legalman. Kris nan rezureksion Li (Romin 4:25, 5:10), e prezans le Sintespri andedan kouayan (8:1-13), ede li joui nouvo estatu li an etan li nan chè an juskaske li realize nouvo estatu an konplètman e fizikman nan rezureksion an (8:19-22). Obligasion kouayan, kounye-a, se pou li ouè tèt li jan Bondieu ouè-l lan. Natu peche li an gin pou detri fizikman nan rezureksion an min kouayan doue ouè, depi kounye-a, legalman, pa gin okinn lyin avèk sa-l te ye an anba peche e sa-l ye an mintenan nan Kris. Nan lanmò, antèman, e rezureksion Kris lan, li te separe konplètman avèk ansyin idantite li an nan Adan (6:1-11).
Pou ede kouayan konprann e viv sanktifikasion li gintan gingnin an nan Kris, apòt lan revele li ke lòm gin de chèf, ki se, Bondieu, chèf fidèl lan, e peche, chèf infidèl lan.
Gnou infidèl situe deyò Kris. Li se gnou esklav peche. Pechè sa-a ka panse la loua ap ba-l delivrans anba esklavaj lan min la loua paka retire natu peche li. La loua sèlman pase li lòd pou-l pa fè mal san-l pa bay fòs lan pou-l reziste. Peche li-minm eksplouate feblès infidèl lan pou-l ògmante dominasion-l.
Kouayan pa doue obei peche pou fè peche egzèse dominion sou li. Infidèl lan pa gin gnou vrè rezistans kont peche min fidèl lan kapab reziste anvi peche yo, byin ke li par foua tonbe. Li pa doue lage manb li bay peche pou sèvi kòm zouti inikite. Fidèl lan kapab e li doue livre tèt li bay Bondieu paske, nan Kris, li vivan e li vink sou lanmò. Manb li doue sèvi kòm zouti la justis. Avan-l te jouinn ak Kris, li pa-t kapab sèvi Bondieu ak manb li yo. Puiske li pa anba la loua ankò, li kapab reziste peche e obei avèk Bondieu paske la gras akòde li puisans lan ke la loua pa-t ka ba li an (Romin 6:12-14).
Soti kouayan anba la loua pou la gras pa vledi li lib pou retounin nan peche.
Gnou moun ki livre kò li bay gnou lòt moun devni esklav moun li livre kò-l ba li an. Konsa, tou, moun ki livre kò-l bay peche an se esklav peche, e moun ki livre kò-l bay obeisans (ki maniste kòm zèv justis nan vi li) se esklav obeisans (Romin 6:16).
Kretyin an se te gnou esklav peche avan li te rankontre Kris. Gnou jou, li te jouinn ansegnman ki te ouvri zie li de peche li, jujman Bondieu pou peche li e travay Kris lan pou delivre li par la foua. Li te obei lòd lan pou li te kouè nan Kris. Apre li te kouè, kouayan te resevoua doktrín apòt yo ki la pou gide konpòtman gnou moun ki sove (Travay 2:42). Fidèl lan te soti anba esklavaj peche e-l te tou devni esklav la justis, ki vledi, l-ap pratike ansegnman apòt yo, ki se doktrín nou jouinn ekri nan Nouvo Testaman (Romin 6:17-18).
Feblès Kretyin Ròm yo, ki konsène mank de konpreansion yo nan bagay espirituèl, fòse apòt lan fè gnou konparezon li ta pito pa fè. Apòt lan ap sèvi ak esklavaj, gnou institusion ke yo te abitie avè-l, pou esplike yo relasion Kretyin an avèk justis, byin ke Kretyin an, nan kanpe li nan Kris, se gnou pitit. Li pa gnou esklav. Kouayan doue estime tèt li, nan sèvis li pou Kris e nan mache li avèk Kris, kòm gnou esklav. Sa-a klè. Minm apòt yo rele tèt yo esklav Kris. Min pozision kouayan nan fanmi Bondieu se pa pozision gnou esklav min, kòm pitit nan fanmi Bondieu, se gnou pozision rouayal.
Kretyin an, avan Kris, te volontèman lonje manb li bay peche kòm zouti nan min li kòm mèt. Kouayan, kounye-a, doue volontèman lonje manb li bay justis, tou, pou li kapab vín sin, ki vledi, pou li kapab viv jou-an-jou sanktifikasion etènèl lan ke li te gintan jouinn nan Kris lan. ‘Sin an’, par definision, se gnou bagay ki mete apa o-sèvis Bondieu, ki vledi, kouayan se gnou moun Bondieu mete apa pou sèvis Li. Sèvis Bondieu an pou kouayan se premieman justis (6:19; Efezyin 2:10).
Apòt lan te gintan soufle nou sa-a, ke devan tròn jujman Li, Bondieu pa rekonèt bon zèv gnou moun ki deyò Kris. Li sèlman ouè peche-l yo (2: 12-15; 3:10-12). Pòl mete sa-a abondanman klè kounye-a, ke infidèl lan, deyò Kris, (ki vledi li anba esklavaj peche,) pa gin okinn angajman avèk justis Bondieu an (6:20).
Pòl, nan egzòtasion li, kontraste esklavaj peche an avèk esklavaj Bondieu an.
Kretyin an pa-p fasil retounin anba pouvoua peche paske li ront sa-l te ye an e sa-l te konn fè yo lè-l te anba dominasion peche. Epi, tou, rezulta peche se lanmò. Peche Adan fè tout moun mouri fizikman. Kòm gnou individi, natu peche kouayan e zak peche li yo te tue li espirituèlman e yo te mete li an fas kolè Bondieu an (6:21).
Kouayan, dèske li delivre anba otorite peche, devni esklav Bondieu. Frui esklavaj sa-a se ke, nan zie Bondieu, deyò eksperians li, Kretyin an te sanktifie, ki vledi, li te mouri, antere e resusite avèk Kris etènèlman. Li sanktifie nan tan prezan, tou, ki vledi, apre salu an, Bondieu mete kouayan apa pou sèvi Li nan zèv justis. Sanktifikasion nan vi li kounye-a pa otomatik. Li doue konsidere tèt li mouri devan peche e vivan pou sèvi Bondieu. Eksperians santifikasion an mande volonte e obeisans avèk demand Bondieu yo anvè li. Gingnin gnou aspè futu nan sanktifikasion kouayan, tou, lè, nan rezureksion an, l-ap transfòme pou-l gin gnou kò glorie. Nan jou sa-a, garanti lavi etènèl lan ke li te joui e li te resevoua kòm gnou promès lè-l te kouè an ap vizib. Peche pa-p ba-l okinn egzijans e li pa-p ka tonbe nan peche ankò (6:22).
Sinbolizm lan chanje. Infidèl lan kounye-a se gnou sòlda k-ap travay. Li fín travay e kòmandan rele li vín touche. Kòmandan peye li byin pou tout efò e pèseverans li yo. Kòmandan se peche. Salè an se lanmò—gnou lanmò fizik, gnou lanmò espirituèl e gnou lanmò etènèl. Moun lan, okontrè, ki kite peche kòm mèt pou vín jouinn Bondieu nan Kris gingnin Kris kòm Segnè li. Moun sa-a jouinn lavi etènèl kòm gnou kado. Li te gintan jouinn promès lavi etènèl lan lè-l te kouè an min l-ap joui lavi etènèl lan fizikman e vizibman nan rezureksion an lè Kris ap vín pran li pou minnin li nan sièl (Romin 6:23).