Nan lanmò, kò an e nanm lan separe.
Kò an antere.
Nanm lan antre nan etènite.
Gnou moun ki sove, nanm lan ale jouinn Kris nan sièl (2 Korintyin 5:7-8).
Min gnou moun ki pa sove, lè li mouri, kò an antere, min nanm lan antre nan lanfè (Luk 16:19-31).
Gin moun ki panse nanm mò yo ki te nan Kris ap dòmi anndan kò yo, ke y-ap tann tronpèt la sonnin, min sa pa kòrèk. Pou kounye-a, sa k-ap dòmi, se kò moun yo ki te sove an. 1 Tesalonisyin 4:15-17 fè nou konprann ke kò mò sa yo ap resusite e nanm yo ki te GINTAN avèk Kris nan sièl lan ap reuni ak kò yo nan moman sa-a nou rekonèt kòm Anlèvman Fidèl yo.
Gnou moun ki mouri san lavi etènèl, l-ap resusite apre milenè an, ki vledi, rouayòm mil an (Apokalips 20:11-15)—e lè sa-a, Kris ap retire nanm yo nan lanfè e L-ap leve kò yo nan tonm lan e L-ap mete yo ansanm ankò.
Dèske gnou moun ki mouri san lavi etènèl fín juje deja depi sou tè an (Jan 3:18), nan jujman tròn blanch lan, Kris ap sèlman ba yo santans lan. L-ap voye yo nan letan dufe-a. Lè sa-a, L-ap jete lanfè nan letan dufe-a, tou, paske lanfè se te gnou prizon ki te kinbe nanm pèdu yo avan yo te jouinn santans yo nan letan dufe-a. Apre sa-a, lanfè pa-p nesesè ankò.
Bagay sa yo se realite—se pa imajinasion gnou bann moun relijie. Lanmò antre sou lòm nan pluziè fason (vieya, aksidan, maladi, asasinaj). Apre lanmò, bagay sa yo nou sot detaye an, imediateman, ap tounin gnou realite pou tout moun, kit yo kouè nan yo, kit yo pa kouè nan yo.
Kisa realite ou ap ye nan moman sa-a, ki se, moman lanmò ou? Èske se gnou realite soufrans dufe-lanfè oubyin gnou realite la gloua, richès, e prezans Bondieu etènèlman nan sièl lan?
Destinasion sa yo (sièl lan oubyin lanfè) pa-t ka pi diferan.
Min...kisa ki koz gran diferans lan?
Sinpleman, se sa ou deside fè avèk le Segnè Jezu Kris.
Konfie ou nan Li nan kè ou, ou posede sièl lan.
Rejte Li epi lanfè posede ou.