Nou rive nan fin justifikasion kouayan (8:1-39). Li te kòmanse deyò Kris nan peche (1:18-3:20). Apre sa, nou te jouinn li nan Kris, justifie par la foua (3:21-31). Andedan justifikasion Kris lan, li te antre nan fanmi la foua kòm gnou pitit Abraram, ki vledi, li te justifie minm jan ak Abraram (4:1-25). Justifikasion an te ba li lapè avèk Bondieu paske li an sekurite nan Kris e Kris te fè-l devni zanmi Bondieu (5:1-11). Nan salu an, tou, Bondieu te ranplase Adan kòm chèf li avèk Kris, Pitit Li an (5:12-21). Kris kòm chèf kouayan rann li posib pou li viv nan sanktifikasion (6:1-8:39).
Nou te trouve gnou kouayan ki te nan difikulte o-kouran sanktifikasion an, (sèt-a-di, an fas tout efò li pou-l te pratike sanktifikasion selon la loua, li t-ap plede echoue,) ki te rann li mizerab (7:1-25).
Nou doue sonje kouayan te mouri nan Kris an regad peche (6:1-12). Idantite li nan Kris te kase kòd peche nan vi li e li te devni esklav justis (6:19-20). Apòt lan devouale nou ke natu peche kouayan toujou avèk li (7:14) min, an minm tan, etan kouayan toujou konmèt peche, li se gnou moun ki paka pratike peche, ki vledi, sè inposib pou li demere nan peche paske li posede le Sintespri (8:1-13). Fidèl sa-a apòt lan prezante nou an k-ap eseye viv pou Bondieu selon loua Moiz lan (7:14-25) pa reprezante tout kouayan. Fidèl mizerab sa-a se gnou egzanp pou avètize Kretyin an ki tante retounin anba pouvoua la loua pou sanktifikasion ki sa k-ap tann li. Peche ap domine li epi la loua ap chita gade li paske, etan la loua kondane peche, li paka sekoure li nan konbat lan. Ninpòt Kretyin kapab devni Kretyin mizerab sa-a si li chouazi pousib sanktifikasion ak pròp fòs li selon demand la loua.
Kretyin an k-ap goumin avèk la chè e peche atravè la loua, naturèlman, jouinn defèt, ki vledi, li pèdu batay lan (7:14-24).
Sekrè viktoua pou pitit Bondieu-a nan batay lan kont peche se pa loua Moiz lan min se pouvoua e gidans le Sintespri (8:9).
Apòt lan sonje Kretyin an ke li gintan pote viktoua nan gè an kont peche (byin ke li ka pèdu kèk batay) paske li indantifie avèk Kris. Tout vrè pitit Bondieu delivre anba kondanasion peche paske Kris te gintan subi konsekans peche pou yo (8:1).
Prinsip k-ap gide kouayan kounye-a se prinsip lavi ki nan Kris lan atravè le Sintespri. La loua (prinsip) lavi Kris lan delivre li osi anba la loua (prinsip) peche e lanmò. Peche te konn òdone li e li te konn oblije obei, san pouvoua pou-l reziste. Prezans peche nan li, tou, t-ap minnin li nan lanmò. Minm jan li pa-t ka reziste pouvoua peche, konsa li pa-t kapab reziste lanmò la chè an fas tonbo an e lanmò nanm li nan lanfè. Nan Kris, justis pase li lòd. Li trouve li kapab obei. Prinsip lanmò etènèl lan kase nan Kris pou li, tou, paske pa gin kondanasion pou li dèske futu li se sièl lan kòm gnou pitit Bondieu. Prinsip lanmò kò li gin pou kase osi nan rezureksion an.
Peche prezante devan nou kòm gnou kriminèl ki t-ap fè dega nan umanite. La loua te jouinn kriminèl lan, min li pa-t ka arete-l e kondane li. Bondieu rive fè sa-a nan Kris. Peche te umilie lòm min, nan vi Li, se Kris ki te umilie peche dèske peche pa-t ka janm rive sou Li. Vi pròp Kris lan kondane peche kòm gnou bagay sal ki pa ta doue janm egzèse pouvoua sou lòm paske, nan Kris, pou premie foua, peche te ouè gnou moun ki t-ap viv nan chè an jan Bondieu te vle lòm viv lan. Signifikasion vi sin Kris lan nan chè an se ke, gnou jou (nan rezureksion an), Kris ap kase kòd peche pou gnou miltitud moun kapab viv san peche tankou Li. Kris te kondane peche, tou, lè Li te soufri pou peche sou la koua pou satisfè tout demand Bondieu yo kont peche—e, an minm tan, Li te sekurize delivrans pou kouayan-L yo anba kondanasion ke peche te vle pou yo an. Jezu Kris delivre fidèl Li an osi anba pouvoua e egzijans peche pandan fidèl lan vivan sou tè an (8:3).
Justifikasion an, ke Kris fè kouayan-L yo kado an, pa kontrarie mision la loua. Andedan loua Moiz lan, te gin prinsip justis ke la loua te vle manifeste nan vi lòm. Anpechman peche te rann li inposib pou la loua te akonpli mision sa-a nan Jouif yo ki te posede la loua e nan payin yo ke konsians yo te infòme atravè kontak yo ak Jouif yo, byin ke payin yo pa-t anba la loua. Kouayan kounye-a, justifie nan Kris, ap mache selon prinsip justis Kris lan nan espri li atravè prezans le Sintespri anndan li, ki ann-akò parfètman avèk demand justis la loua. La loua pa kontribue, ni nan justifikasion, ni nan sanktifikasion kouayan, min li kontan ouè travay li t-ap eseye fè an akonpli nan Kris (8:4).
Justis Bondieu an akonpli nan vrè fidèl lan paske l-ap viv daprè lespri an, ki signifie prinsip justis Kris lan, paske se bagay espirituèl ki preokupe lespri li. Moun k-ap viv nan la chè, ki vledi, gnou moun ki deyò Kris ke prinsip justis pa-p gide, mete afeksion li sou bagay la chè paske se bagay sa yo ki preokupe lespri li (8:5).
Pitit Bondieu an k-ap viv selon lespri an prouve avèk preokupasion li nan bagay espirituèl ke li gin lavi Kris lan nan li vre. Moun sa-a ap viv ak kè poze an fas jujman Bondieu k-ap vini an e avèk gnou konsians pròp an regad peche. Moun lan, o-kontrè, ki deyò Kris lan, k-ap viv avèk afeksion sou la chè, mouri espirituèlman, ki vledi, li pa vle (e li paka) fè Bondieu plezi paske li ènmi avèk Bondieu legalman e li ènmi avèk Bondieu an pratik atravè zak ke natu peche an pouse li konmèt yo. Li pa soumèt e li paka soumèt anba prinsip justis Bondieu an ki manifeste nan loua Moiz lan. Moun sa-a gin pou-l mouri fizikman e li gin pou-l mouri etènèlman nan lanfè (8:6-8).
Diferans lan antre kouayan e infidèl lan se sinpleman le Sintespri. Apòt lan te montre nou ke, minm apre salu an nan Kris, Kretyin an paka reziste demand natu peche an san sekou le Sintespri (7:14-24). Li doue klè ke gnou moun ki pa nan Kris, ki pa gin le Sintespri andedan li, paka fè angnin serie pou Bondieu. Apòt lan konklu, si le Sintespri abite anndan gnou moun tout bon, li p-ap viv daprè la chè min l-ap viv daprè lespri (prinsip) justis Kris lan. Pou rezon sa-a, ninpòt moun ki pa posede Lespri Kris lan, sèt-a-di, ki pa posede le Sintespri, dezièm Pèsonaj nan trinite-a, li pa moun Kris (8:9).
‘Nan Kris’ pa vledi, pou kounye-a, prinsip lanmò fizik lan anule nan kò kouayan. Prezans peche—e natu peche an—nan li vledi, deyò anlèvman, kò li ap toujou mouri naturèlman e l-ap antere. Pou le moman, lespri li gin lavi atravè travay justis Kris lan sou la koua, gnou lavi ke li te resevoua depi lè-l te kouè. Li konekte avèk Bondieu. Garanti li gingnin se ke, dèske Sintespri an ki te leve Kris pami mò yo abite nan li, kò li sanktifie pou Bondieu. Le Sintespri ap resusite li apre lanmò si li ta mouri avan anlèvman fidèl yo (8:10-11).
An fas program Bondieu konsène li, pou delivre li anba jujman, anba egzijans peche e anba rezulta peche nan lanmò atravè rezureksion an, Kretyin an pa doue peche angnin pou-l panse ke li gin obligasion obei avèk ansyin mèt sa-a (8:12)
Gnou moun ki pa nan Kris, ki akoz li viv daprè la chè, gin pou mouri fizikman e etènèlman. Vrè Kretyin an ap fè kò an mouri atravè le Sintespri, ki vledi, l-ap konsidere ke li legalman fini avèk egzijans la chè pou pratike peche. Li kapab fè sa-a paske li vivan espirituèlman pandan li sou tè an e l-ap viv ankò fizikman nan rezureksion an apre lanmò—si-l ta mouri avan evenman ki rele anlèvman fidèl yo (8:13).
An rezume, pou gnou moun (ki posede lavi etènèl nan Kris par la foua) pote viktoua sou peche, li doue obei le Sintespri pou li viv selon prinsip justis Kris lan, ki vledi, li doue rete pre Kris nan la priè. Kouayan doue lir Bib li pou-l ka medite sou Kris. Fidèl lan doue obei volonte Kris ki klè anvè-l, tankou lòd lan pou-l patisipe nan seremoni batèm dlo an apre salu an. Li doue asosie li avèk gnou kongregasion ki konpoze ak lòt vrè kouayan tankou li e li doue reziste egzijans peche dèske prezans le Sintespri ap ede li nan batay lan. Se konsa fidèl lan mache selon prinsip justis Kris lan.