“Paske Bondieu tèlman rinmin lemonn ke li bay sèl Pitit li a, pou ninpòt moun ki KOUÈ nan li pa peri, min pou li GINGNIN LAVI ETÈNÈL” (Jan 3:16)
Ne de nouvo an (fèt ankò an) signifie gnou nesans ki sòti nan sièl lan oubyin gnou nesans ki fèt par-mouayin le Sintespri. Lè gnou moun rekonnèt peche li e-l aksepte ke-l pèdu, la Bib di se Bondieu ki ouvri zie-l pou-l ouè bagay sa yo paske travay satan se pou li kinbe nou nan fènoua. Moun sa-a, apre zie li ouvri sou kondision espirituèl li e li mete konfians li nan Jezu Kris kòm sovè li, la Bib di li sove.
Min fò nou fè sa-a klè: se pa lòm ki bay salu sa-a nan okinn fason. Moun lan repanti NAN KÈ LI e l-ale jouinn le Segnè Jezu Kris dirèk e Bondieu ba li lavi etènèl lan lè li kouè nan Kris NAN KÈ LI.
Li bon konsa paske lòm ka ba gnou lòt lòm tankou li manti min li paka bay Bondieu manti. Sa-a inpòtan paske gnou moun te ka di gnou lòt moun li vle sove min se ak move intansion. Min dèske nou pa konn kè li, nou te ka ba li lavi etènèl lan san li pa vrèman repanti e vrèman kouè. Min dèske Bondieu konn kè nou e intansion nou, si nou pa sinsè li p-ap ba nou salu an.
Lè gnou moun repanti e kouè (aksepte) Kris kòm Sovè li, nou dekouvri ke li sove nan de fason. Nou dekouvri sa premieman nan langaj vèbal moun lan paske li kapab esplike Biblikman kòman li fè konnin ke li sove e ki kote asurans salu li an chita. Si li ap pale de batèm li, lut li, zèv li, travay l-ap fè pou-l resevoua sièl lan, li pa sove. Li pa gin lavi etènèl.
Nan dezièm fason an nou ouè gnou moun sove se nan konpòtman li. Dèske lè li te kouè, si li te kouè vre, li te resevoua le Sintespri, li gingnin gnou vrè pouvoua k-ap dechinnin li anba pouvoua peche. Se pou sa-a nou di gnou vrè pitit Bondieu paka viv nèt nan peche. Pa malè, PA MALÈ, satan ka tante-l e li tonbe, min pou pitit Bondieu an sa se gnou bagay grav e li p-ap alèz ladann. Le Sintespri ki anndan-l lan pa-p kite-l rete la ap pran plezi nan peche. Pi gran soufrans pou gnou vrè pitit Bondieu se lè li tonbe nan peche. Rezon ki fè sa-a se akoz le Sintespri an ki anndan li an. Min sa se sèlman si li vrèman sove.
De bagay sa yo nou di an tout vrè pitit Bondieu yo gingnin an, gnou temouagnaj vèbal e gnou nouvo konpòtman kòm prèv salu an, mache ansanm. Tout moun ki sove doue gin tou-lè-de. Gnou bon vi san temouagnaj vèbal lan se sa sèlman, gnou bon vi. Sa se gnou moun relijie k-ap viv selon fòs li. Moun sa-a, nan zie lòm, se gnou moun respektab, gnou sitouayin, min li pa posede lavi etènèl dèske lavi etènèl lan vini par la foua e se pa selon zèv (Efezyin 2:8-9).
Min gnou moun ki gin temouagnaj vèbal lan ki ka esplike doktrin lan, kòman li te rekonèt peche li, ke li ta pral nan lanfè min li te vín konprann Kris te mouri pou li: moun sa-a, si sa li gingnin sèlman se paròl e ou ouè li marie li avèk fi deyò; li se gnou jèn gason, epi li rinmin ak lòt gason; li nan bar chak jou, li nan joure, goumin, l-ap pran jèn fi douat-a-goch, li pa intèrese nan la Bib, li konprann batèm min li pa vle batize, legliz pa intèrese-l; moun sa-a se gnou mantè. L-ap tronpe lòt moun ak paròl li min li pa posede lavi etènèl.
Tout moun ki sove doue gin de bagay sa yo kòm prèv: yo doue konprann kòman yo te sove e Kiyès ki te sove yo selon la Bib. Yo doue gingnin gnou chanjman nan konpòtman yo. Lè gnou moun sove se gnou bagay ki rive antre li-minm e Bondieu. Salu an se gnou bagay ki invizib. Li pèsonèl. Min li manifeste tèt li nan temouagnaj vèbal lan e konpòtman. Tou lè de. Si gnou moun di li sove, obzève li byin: si ou pa JANM ouè de bagay sa yo nan vi li, pa kouè li e pa resevoua li kòm gnou frè e sè nan Kris.