Lavi etènèl Kris lan kreye gnou realite nan moun ki resevoua-l ke fo Kretyin paka imite. Realite sa-a li kreye an se lanmou. Anti-Kris yo te aprann ase ansegnman Kretyin pou yo te antre nan asanble yo min, apre yo te antre, vrè idantite yo te rive manifeste nan hèn yo pou Kris e pou fidèl Kris yo. Lanmou Bondieu an pa nan yo paske yo pa posede lavi etènèl.
Min kisa lanmou sa ye minm e ki kote li sòti?
Lanmou sa-a se gnou nouvo kòmandman e, an minm tan, li pa gnou nouvo kòmandman (1 Jan 2:7-8). Li pa nouvo paske-l te la avan tan gras lan (Levit 19:18; Deteyonòm 6:5; Jan 1:17). Min lanmou an nouvo paske Kris ki just e ki Dieu te rive dakò mouri nan plas kreatu Li yo, kreatu sa yo ki pechè e ki te ènmi avèk Li. Lanmou Kris lan akonpli e depase tout demand la loua. Se pou sa Kris minm rele kòmandman-L lan gnou nouvo kòmandman (Jan 13:34). Li nouvo pou Kretyin an, tou, akoz prezans Sintespri an Kris mete anndan-l ki rann li posib pou-l obei kòmandman an (1 Jan 2:8).
Jan te di nou ke gnou moun ki gin komunion ak Bondieu nan Kris pa doue mache nan tenèb paske Bondieu se Lumiè (1 Jan 1:5). Li ògmante definision lumiè an e definision tenèb lan pou nou: lanmou pou pitit Bondieu yo ke Kris kòmande-a se manifestasion lumiè an; hèn pou pitit Bondieu yo se manifestasion fènoua (1 Jan 2:9-11). Gnou moun ki di-l nan Kris ki rayi lòt Kretyin, k-ap chache fè yo echoue nan la foua, toujou nan tenèb. Li pa gnou vrè Kretyin. Gnou vrè Kretyin ap suiv kòmandman Kris lan. L-ap rinmin lòt pitit Bondieu yo.
Pami vrè Kretyin yo (‘ti pitit yo’ 1 Jan 2:12), gingnin diferan nivo devlopman espirituèl (1 Jan 2: 13-14): papa yo se Kretyin yo ki pi matu e ki gin plus konesans de ‘sila ki te la depi o kòmansman’ (1 Jan 2: 13-14). Jènjan yo se Kretyin yo k-ap grandi nan konesans yo nan Paròl Bondieu. Pitit Bondieu an ki rive nan nivo sa-a fò. Li vink sou malin sa-a yo rele Satan (1 Jan 2:13-14). Timoun yo se moun ki fèk resevoua Kris (oubyin Kretyin yo ki la lontan min ki pa grandi). Yo fèb e yo pa gin gran konesans min yo konnin Bondieu kòm papa yo kanminm. Se vrè Kretyin yo ye (1 Jan 2:13).
Fo Kretyin yo paka obei kòmandman Kris lan ki mande lanmou pou pitit Bondieu yo. O kontrè, se hèn ke yo resanti pou Kretyin. Min fo Kretyin sa yo rinmin mond lan. Jan kòmande Kretyin yo pou yo pa imite fo Kretyin sa yo nan lanmou yo pou mond lan (1 Jan 2:15). Li pa-p sèlman pale ak Kretyin ki nan anfanse lè-l di sa, non, min l-ap pale ak Kretyin nan tout nivo (papa e jènjan). Depi gnou Kretyin ouè li vle rinmin mond lan, li gintan konnin ke se pa lanmou Bondieu k-ap gide e motive li paske mond lan kont Bondieu.
Me pou ki rezon fo Kretyin yo rinmin mond lan e me pouki rezon vrè Kretyin yo pa doue rinmin mond lan. Mond lan gingnin malin an (Satan) kòm injeniè li (1 Jan 2:14) epi se gnou aparèy mond lan ye ki la pou chofe chè an. Move dezi chè an e zie an avèk ògèy vi an ki ladann (nan mond lan) egziste pou kapte moun ki pa nan Kris juskaske yo antre nan lanfè (1 Jan 2:16). Pouazon sa yo (ki se, move dezi chè an e zie an ak ògèy vi an) ap vekse, toufe e toumante Kretyin an, byin ke pa gin lanfè pou li ankò. Yo ka tante li min yo pa pou li. Kretyin an doue evite yo.
Jan ouè mond lan ak tout sa-k ladann tankou gnou kanaval k-ap pase ki pa-p janm retounin ankò. Min Kretyin an ak zèv li demere etènèlman paske li se gnou moun ki fè volonte Bondieu (1 Jan 2:17).