Lidè an gin anpil potansièl pou byin osoua pou mal.
Nan move tan sa yo, gnou papa ki retire fanmi li nan trankilite provins yo pou insekurite santre-vil, Port-Au-Prince, fè gnou gran erè. Min, kòm lidè yo, li gin otorite an.
Lidè an pa sèlman deside lokasion abitasion fanmi li min li aji pou yo, tou. Granmoun lan konn fè gnou jès avèk gnou moun ki nan nesesite nan non fanmi lan epi aksion sa-a achte anpil respè e onè pou yo, kote fanmi lan rekòlte frui an pou pluziè jenerasion aprè.
An minm tan, move aksion granmoun lan kapab kreye ènmi pou fanmi li etan yo-minm yo nan fènoua. Nèg lan ki antre nan gang etan madanm e pitit li pa okouran mete vi yo an danje jou-an-jou san yo pa konnin.
Prezidan an ki deklare gè sou gnou lòt nasion aji nan non peyi li paske se peyi an ki nan la gè—se pa prezidan. Gnou majorite nan populasion an ka vle lapè min aksion e desizion lidè an mete yo nan gnou konfli pito.
Me konsèy nou pou ou: fè prudans lè ou-ap chouazi gnou lidè. Chouazi byin lè ou-ap deside politisyin ou-ap voye nan senat lan. Prete anpil atansion ak kandida ou-ap vote anndan palè an. Reflechi byin avan ou pran gnou moun pou fè vi ou. Egzamine intansion-l avan ou deside. Èske se interè PA LI l-ap chache oubyin èske se interè pa NOU? Moun lan ou-ap livre kò ou e avni ou ba li an, èske moun sa-a se gnou bon kalite moun li ye? Li ka pa pi bèl, pi eduke, pi intelijan e pi rich min èske projè li se bonè ou, pou-l pran souin ou, pou-l fè tout sa-k depann de li pou-l fè kè ou kontan? Ou doue konnin moun lan byin paske, kòm lidè ou, l-ap gin anpil pouvoua pou bati ou osoua pou detri ou.
Bib lan fè nou konprann ke Bondieu rekonèt de lidè ki an tèt umanite: tout moun sou tè an anba otorite gnoun nan yo. Se lidè sa yo ki deside eta espirituèl nou sou tè an e se yo-minm ki deside destinasion nanm nou nan etènite apre lanmò.
Premie lidè an se Adan.
Bondieu te mete li an tèt kreasion Li an. Min tankou mari an ki pran fanmi li gnou bon kote ki mete li gnou move kote e tankou prezidan an ki kòmanse gè an nan non pèp li an, konsa Adan te chouazi pou tout desandan li yo. Li te fè peche epi tout desandan li yo te devni pechè. Nan rebelion li kont otorite Bondieu, Adan te mouri. Konsa, tou, tout pitit li yo te mouri. Etan nou chouazi gnou prezidan e nou chouazi gnou patnè pou-n fè vi nou, nou pa-t chouazi Adan kòm lidè. Nou te eritie li.
“Avèk dezobeisans gnou sèl òm, anpil moun tounin pechè”
(Romin 5:19)
“Tout moun ap mouri nan Adan”
(1 Korintyin 15:22)
Dènie Lidè an se Kris.
Aksion Adan nan Jadin Edèn lan te konstitue tout pitit li yo kòm pechè e li te tou tue yo. Minm jan, tou, Kris sou la koua te justifie tout moun ki gingnin Li kòm Chèf yo. Kris bay tout moun ki gingnin Li kòm Lidè yo lavi.
Adan pa-t mande zèv. Lidè nou an te gnou pechè e li te mouri. Otomatikman, pèp li te devni pechè e pèp li te mouri avèk li. Konsa, tou, justis nou e lavi nou nan Kris pa mande zèv. Depi nou gin Kris kòm Lidè nou, aksion Li an sou la koua otomatikman ba nou justis etènèl e lavi etènèl:
“Minm jan, avèk dezobeisans gnou sèl òm, anpil moun tounin pechè, se minm jan tou, avèk obeisans gnou sèl, anpil va vi-n just”
(Romin 5:19)
Nou pa-t chouazi Adan, min pou nou kapab nan Kris, pou nou kapab gingnin Li kòm Lidè, pou nou kapab joui benefis Li yo, nou doue chouazi Li:
“Min li bay tout moun ki resevoua li pouvoua pou yo vini pitit Bondieu, tou sa yo ki kouè nan non li”
(Jan 1:12)