“E sa sa sèvi gnou nonm si li gingnin tou le monn, e ke li pèdu nanm li” (Mak 8:36)
Lòm konpoze a kò, nanm e lespri. Kò an atache-l ak mond sa-a, lespri li fè-l posib apre salu an pou li konn Bondieu, min vrè moun lan se nanm lan.
Tout aktivite lòm se pou satisfè bezouin e dezi kò an. Pou tan, kò an pa etènèl. Kò an gin pou-l antere, vè va manje-l e li gin pou-l tounin pousiè. Kò an pa-p santi bagay sa yo paske moun ki te abite ladann lan gintan ale nan lanmò. Pou kouayan yo, kò an ak nanm lan gin pou rankontre ankò nan rezureksion an nan Anlèvman Fidèl yo oubyin nan rezureksion an avan rouayòm milenè an. Pou infidèl yo, kò an e nanm lan ap rejouinn lin-e-lòt devan tròn blanch lan o dènie jou pou yo ka antre nan letan dufe-a ansanm.
Min pou le moman, nanm lan, nan lanmò, antre nan etènite, min kò an rete dèyè. Anndan etènite gin de destinasion: sièl etènèl pou gnou moun ki jouinn padon nan Kris, oubyin lanfè etènèl pou gnou moun ki ale san padon nan Kris. Se pou sa Kris fè nou konprann ke minm si gnou moun te ka gingnin tout mond lan pou sèvi kò li, si li pèdu nanm li, sa pa sèvi li angnin.
Kò an ak apeti li tèmine nan lanmò. Nanm lan ap kontinue nan etènite.
Lòm fè efò pou-l ale louin nan konmès. Li goumin pou gran profesion tankou doktè, avoka, kontab. Anpil pousib gro pòs politik, tankou prezidan, senatè, depute, majistra. Lòt yo zele pou metie tankou mason, elektrisyin, mekanisyn. Min pòs, metie e profesion util sou tè an sèlman. Konbyin nan yo janm chita panse de bezouin nanm yo, ki se, padon pou peche yo nan Kris, gnou gras k-ap ba yo gnou relasion ak Bondieu nan vi sa-a e k-ap fè plas pou yo nan sièl lan apre lanmò?
Kris te konplete tout travay salu an sou la koua. Kote ou chita, kanpe, kouche, ninpòt pozision ou pran, aksepte ke ou pèdu e ou san fòs. Mete konfians nan Nonm sa-a ki te soufri, mouri sou la koua-a akoz peche ou yo, e nan minm moman ou fè sa, ou sove etènèlman. Nanm ou sove anba jujman Bondieu pou peche ou yo nan lanfè e kò an kòmanse dechinnin anba chèn peche. Mete konfians ou nan le Segnè Jezu e ou va sove (Travay 16:31).