Tribunal Bondieu an pa anti-payin e-l pa anti-Jouif. Li pa kont, ni la loua, ni moralite.
Gnou malad p-ap chache doktè si-l kouè li an sante. Gnou pechè nan chemin lanfè p-ap chache rout sièl lan si-l panse li se gnou just.
Desandan Adan yo nan fènoua konsène kondision yo devan Bondieu. Payin an bay Bondieu do. Li lage tèt li nan libètinaj, ignoran ke Bondieu ap pran nòt e-L gin pou-L juje.
Moralis lan panse Bondieu ap aksepte li akoz konesans e moralite li.
Jouif lan panse lumiè Bondieu an li posede an garanti li favè Bondieu nan jujman.
Bondieu nan tribunal lan vle reveye umanite.
Tout ras Adan demere anba kolè Li akoz peche.
Payin an ke salte la chè pote ale kondane (1: 28-32).
Moralis payin an ki kapab distinge antre byin e mal kondane, tou, paske natu peche an fè-l konmèt minm bagay ke-l kondane yo (2:1-7).
Moralis Jouif lan ki gin Paròl Bondieu-a pa epanie minm jan moralis payin ke konsians infòme an pa epanie paske moralite pa anpeche moun konmèt peche (2: 12-16).
Bondieu pou le moman mete fin nan akuzasion Li kont payin an.
Kounye-a, Li avanse avèk dosie Izraelit lan.
An fas jujman Bondieu an, Jouif lan separe tèt li ak payin an kòm moun ki gin konesans Bondieu, ki konn volonte Bondieu paske li jouinn instruksion nan la loua. Payin an, pou Jouif lan, se gnou ignoran, gnou ti lespri ki pa konn la loua. Li avèg epi li nan fènoua. Jouif lan, dèske li konn la loua, mete nan lide li ke li se gnou direktè pou avèg sa yo, gnou doktè pou ansegne payin an ki nan ignorans (2:17-20).
Jouif lan, malerezman, nan minm eta ak payin an. Jouif lan konn verite an vre min konesans lan pa anpeche li obei natu adamik li. Si-l gnou profesè, premie etudian pou-l ansegne se tèt pa li paske, tankou payin an, l-ap ansegne moun pa vòlè epi l-ap vòlè. Etan li òdone moun pa konmèt adultè, li-minm li ladann, tou. Li deteste zidòl min-l pa gin problèm kase tanp idòl lan. Konsa, kòm reprezantan la loua, li dezonore Bondieu lè-l dezobei la loua paske ipokrizi li an koz payin an kritike Bondieu dèske mond lan konn Bondieu atravè paròl e aksion pèp Li (2:21-24).
Sikonsizion an se gnou sign Bondieu te bay Abraram e desandan li yo pou distinge yo kòm pèp Li k-ap obei-L. Dèske sikonsizion an signifie ke moun sikonsi an obei Bondieu, moun sikonsi an ki nan dezobeisans vín tankou moun ki pa sikonsi. Gnou moun, okontrè, ki obei la loua ki pa sikonsi vín tankou gnou moun sikonsi dèske li akonpli sa sikonsizion an signifie. Moun ki pa sikonsi an ki nan obeisans tounin gnou kondanasion pou sikonsi an ki posede la loua min ki nan dezobeisans (2:25-27).
Akuzasion Bondieu an se pa ke tout Jouif ipokrit e kriminèl minm jan Li pa di chak payin e moralis konmèt chak grin peche Li prezante kont li an. Bondieu vle nou konprann poukisa lòm (payin avèk Jouif) anba kolè Li (1:18). Moralis lan pa doue panse li douat etan konpatriòt li an koupab. Jouif lan pa doue panse ke eritaj li kòm desandan Abraram, operasion sikonsizion an li te resevoua e la loua Moiz lan ke li posede an ap epanie-l. Nou doue konprann ke Jouif lan tankou payin an konmèt peche. Depi gnou moun pa aksepte Justis Bondieu-a nan Kris (1:16-17), sa-k rezève pou li se kolè Bondieu (1:18).
Gingnin gnou Jouif pa-deyò e gnou sikonsizion nan la chè. Gingnin, an minm tan, gnou Jouif andedan e gnou sikonsizion kè. Jouif anndan e sikonsizion kè an soti nan le Sintespri atravè levanjil lan. Bondieu pa sèlman justifie kouayan nan moman salu an, non, min Li mete gnou lòt natu andedan li k-ap konbat natu peche an. Moun sa-a sikonsi espirituèlman. Li se Jouif espirituèl lan. Se Jouif sa-a Bondieu rekonèt. Li pa jouinn gloua li nan lòm min nan Bondieu (2:28-29).