Gnou demouazèl pase devan-l epi-l san souf. Zie-l fikse sou li etan-l antre nan mitan pakèt zanmi-l yo. L-ap dialoge. Gnou souri parèt. Pla min-l kouvri bouch li epi li pete ri. Li rekonèt vizaj ti dam lan. Li te souvan devan zie li min se kounye-a li ouè-l. Cheni an devni gnou papiyon. Tout sa lavi sere pou li p-ap vo angnin si demouazèl sa-a pa ladann. Li pale avè-l. Yo rive rinmin.
Se gnou matin li ye. Solèy lan deyò min-l pa fè cho. Ti van ape vante tou dousman. Lakou an byin pròpte. Kè kontan infekte granmoun tankou timoun. Fòdi minm lè an soule avèk la joua tankou se te avèk duvin. Promès yo fèt—ve yo boukante. Espektatè yo eklate ak joua epi son voua yo anvayi lakou an. Konsa, vi yo, avni yo, kè yo, tout rankontre jodi an nan kafou lavi an—paske se jodi an yo fè gnoun devan Bondieu.
Gnou jou inoubliab nan vi gnou pitit Bondieu se jou an li te fè choua-a pou Kris lan.
Lontan, nan vi li, petèt, li pa-t konn kiyès Li te ye. Li te tande non an e li te gin gnou ide de idantite Li min li pa-t konn valè Li kòm Pitit Bondieu an.
Sa ka rive, tou, li te gin tout detay yo, min sa ki te intèrese li se te plas, byin materièl, richès, renome oubyin plezi mond lan. Li pa-t janm gin tan pou-l te reflechi sou sa-a, ke mond lan ak tout sa ki ladann, minm sa ki lejitim yo, tankou travay, mariaj, pitit e fanmi, tout tanporè min nanm li etènèl. Se ènmi nanm li an ki te avegle li ak bagay sa yo pou li pa-t mete atansion sou sa ki pi inpòtan, ki se, salu nanm li.
Min li rive trouve bèlte Kris jodi an, gnou Lòm, avan Li te Lòm, ki te Dieu e ki pa-t ka janm suspann Dieu. Kris te deside vire do bay tout sa Li te gingnin pou Li te vín chache-l sou tè an. Mision sa-a fè-L konnin dè bagay Li pa t-ap janm ka konnin par eksperians si-L pa-t met pie-L isit lan, bagay tankou povrete, fatig, grangou, jouman, trayizon, soufrans, doulè e lanmò.
Pou premie foua, li ouè valè Kris. Li anvi gingnin Kris avan tout bagay paske li konprann ke pa gin angnin nan mond lan ki ka satisfè bezouin nanm li e pa gin angnin nan mond lan ki ka prepare li pou sièl lan. Se kris sèlman ki kapab fè bagay sa yo. San Kris, lavi an san sans; san Kris, sièl lan se gnou inposiblite; san Kris, lanfè se gnou garanti. L-al chache Kris ak tout kè li epi li jouinn Segnè-a.
Li ajenou devan Kris. Dlo ap koule desann nan figu-l. Li prepare pou li bay Segnè an tout bagay min li dekouvri ke li pa gin angnin Li bezouin e Li vle. Peche sal tout zèv li yo. Natu peche li an rann li inposib pou li minm bay Kris kè li e lavi li. Atè an, devan pie Segnè an, li pa gin angnin pou-l ba Li, pa gin paròl li ka repete, pa gin promès li ka fè. Li san fòs e san espoua.
Kris pa-t proche kote-l, ni-L pa-t ouvri min-L pou-L te resevoua kado li yo. Minm gnou souri li pa-t ouè nan figu Li. Etan dlo-zie li yo ap tache beton an, Li ouè gnou lonbraj. Li leve tèt li tou-piti. Kris lonje min-L ba li. Tou tranble, li leve min-l, li siye figu li epi-l pran min Segnè an. Leve li leve tèt li, nan figu Kris, li ouè gnou souri byin-briyan. Li konprann kounye-a ke tout tan li te kouè ke gin gnou bagay li te ka ba Li, Kris pa-t ka aksepte li. Kris te toujou vle li, min ogèy li e tèt du li te rann li inposib pou Segnè an te resevoua li. Min, apre li rekonèt eta li, ke pa gin angnin li ka fè pou-l merite favè sa-a, kounye-a Kris kapab pran li. Se ak kondision sa-a sèlman Segnè an kapab resevoua ninpòt moun ki vle gnou union espirituèl avèk Li. Kris leve li sou de pie. Jou sa-a se gnou jou inoubliab pou li paske se nan jou sa-a li resevoua Kris.
“Fils de lòm vi-n chache e sove sa ki te pèdu...” (Luke 19:10)