Bondieu ban nou lavi etènèl par la foua nan Kris. Lavi etènèl lan invizib min li fè gnou vrè efè nan moun ki resevoua li an.
Se paske lavi etènèl lan reyèl ke Jan kapab prezante nou ‘pitit Bondieu-a’ nan konpòtman e abitud li pou kontraste li avèk ‘pitit diab lan’. Pitit Bondieu an demere nan lumiè min pitit diab lan jouinn demè li nan tenèb (1 Jan 1:5-7). Pitit Bondieu-a rekonèt eta li kòm gnou pechè ki depann de Kris pou padon etènèl e pou sanktifikasion. Pitit diab lan, o kontrè, minimize e minm nie problèm peche li (1 Jan 1:8-10). Gnou pitit Bondieu obei Kris etan pitit diab lan pa kapab (1 Jan 2:3-6). Lanmou pou lòt Kretyin rezide nan kè pitit Bondieu an, min nan kè pitit diab lan se rayisman ki rezève pou yo (1 Jan 2:7-11; 3:11-18; 4:7-21). Idantite Jezu kòm Kris lan, Pitit Bondieu an, se gnou konesans fondamantal pou tout Kretyin. Pitit diab lan, li minm, li kanpe an fas doktrín sa-a ( 1 Jan 2:18-28; 4:1-6). Epi pitit Bondieu-a pratike justis etan pitit diab lan pratike peche, ki se, rebelion kont volonte Bondieu (1 Jan 3:1-10).
Nan pasaj yo ki te presede sinkièm chapit lan, Jan te plus vle ede nou distinge antre vrè Kretyin yo e espion satan yo ki fofile pami nou pou fè dega (1 Jan 1:1-4:21). Kounye-a, apòt lan mete èksteriè an e interiè-a ansanm pou devouale nou kòman gnou moun devni (e konpòte li kòm) gnou pitit Bondieu. Kretyin an kòmanse eksperians li nan fanmi Bondieu moman li konfie li nan Kris. Prèv nesans lan se lanmou pou Bondieu. Min Bondieu bay kòmandman pou-l rinmin pitit Li yo. Dèske moun lan rinmin Bondieu, l-ap obei Bondieu pou-l rinmin pitit Bondieu yo, ki vledi, lanmou pou pitit Bondieu yo prouve lanmou pou Bondieu e, an minm tan, lanmou pou pitit Bondieu yo manifeste obeisans anvè Bondieu. Kòmandman Bondieu ki mande lanmou pou pitit Li yo pa-p gnou chay ki trò lou pou vrè Kretyin an (5:1-3).
‘Mond lan’ pa reprezante tè nou kanpe sou li an, non. Sa-k nan panse ekrivin an an-palan de mond lan se umanite. Nou konnin Bondieu rinmin mond lan nan sans ke Li rinmin umanite e Li vle sove nou. Min mond lan gingnin gnou lòt definision. Mond lan vledi, tou, umanite ke satan òganize kont Bondieu nan relijion, edukasion, amuzman e anbision li. Jan te gintan di pínga nou rinmin mond sa-a paske li kont Bondieu, li kont Kris, li kont Paròl Bondieu e li kont justis Bondieu an (1 Jan 2:15-17). Mond sa-a egziste pou li kinbe lòm nan fènoua peche juskaske li pèdu nanm li nan lanfè. Kouayan te fè pati mond lan min Kris te retire li nan domèn fenoua-a atravè nouvo nesans lan (Kolosyin 1:13; 1 Jan 5:1). Min Jan avètize Kretyin an ke mond lan pa kontan separasion an e li pako fini ak pitit Bondieu-a. Projè mond lan pou Kretyin an se pou-l detri vi li e pou-l gate temouagnaj li pou li paka travay pou Bondieu. Kris nan krusifikasion e rezureksion Li te pote viktoua sou mond lan e malin an ki an tèt mond lan. Gnou moun antre nan viktoua sa-a lè li resevoua Kris par la foua. Kretyin an viv viktoua sa-a jou-an-jou lè li rete fèm (e li viv) nan verite an ke Jezu se Kris lan, Pitit Bondieu an (1 Jan 5:3-5).