“E yo t-ap chante gnou kantik ki nouvo, yo t-ap di: Ou merite pou pran liv la, e pou ouvri so yo; paske ou te sakrifie e ou jouinn pou Bondieu moun nan tout branch ras, tout lang, tout pèp epi tout nasion e ou peye pri pou yo avèk san pa ou” (Apokalips 5:9)
Jodi an, gingnin anpil moun ki t-ale legliz pou yo te ka loué Bondieu. Min, gin gnou bagay nou pa doue blie: bagay sa-a nou pa doue blie an, se ke, temouagnaj e louanj mache ansanm.
Suiv louanj vinn-kat vieya yo nan liv Revelasion an (Apokalips 5:9).
Nou konnin tan sa-a se gnou tan futu. Gingnin sèt so ki pral kase, sèt tronpèt ki pral sonnin e sèt bòl kolè ki pral vide. Chak nan sèt bagay sa yo ap pote terib evenman sou tè an. Min ansyin sa yo (vieya sa yo) nan sièl lan, an sekurite. Oui, yo loué Agno-a (Kris) dèske L-ap repran mond sa-a Adan te lonje bay satan nan Jadin Edèn lan (Apokalips chapit 6-20), min vinn-kat vieya yo, premieman, ap loué Li poutèt delivrans Li te ba yo an pèsonèlman.
Tande langaj yo anplouaye:
“Ou merite...paske ou te sakrifie...ou peye pri pou yo [‘nou’] avèk san pa ou” (Apokalips 5:9)
Moun sa yo nan sièl, min yo p-ap pale de fidèlite yo, bonte yo, difikulte ke yo te subi sou tè an pou yo te ka rive nan sièl lan. Non, tout atansion yo se sou Agno an (Kris) ki nan mitan tròn lan ki te peye pri a pou yo te ka la. Sa fè nou sonje paròl apòt Pòl:
“Paske se avèk la gras ke nou sove...sa pa sòti nan nou-minm, se kado Bondieu. Se pa gras-a zèv, pou pèsonn pa louanje tèt li” (Efezyin 2:8-9).
Vieya yo pa pale de tèt pa yo se pa paske yo gin tròp umilite, non, min se paske yo konnin se gnou gras Bondieu fè yo, gnou favè ke yo pa merite pou yo ka rive nan sièl lan. Se gnou kado.
Si ou achte gnou kado pou gnou moun e ou peye pi plus nan kòb lan min ou kite gnou ti kras pou li peye, sa se pa gnou kado vre. Sa se gnou gran èd oubyin l-achte li nan min ou nan bon mache, min se pa gnou kado. Gnou vrè kado, se moun lan ki bay kado an ki peye tout pri an. Moun lan k-ap resevoua-l lan annik resevoua kado an e li sèlman di mèsi. Tout gloua (paske tout traka) se pou moun lan ki bay kado an. Se pou rezon sa-a vieya yo pa gin angnin pou yo di de tèt pa yo. Tout atansion yo se sou Agno an.
Louanj e temouagnaj mache ansanm.
Avan nou ka loué Bondieu nan Kris fò nou gin gnou temouagnaj de gras Li anvè nou. Se pa sèlman gras nan sante, gerizon, proteksion—tout sa yo inpòtan—min se gnou temouagnaj pou pi gran mirak lan Li fè an—mirak lan lè, nan moman gnou moun kouè, Li padone tout peche moun lan, peche pase, peche prezan, e peche futu.
Poukisa salu an santral nan panse nou e nan panse vieya yo?
Se paske kòmanse nan tan Kris sou tè an, kontinue nan tan apòt yo e lòt sin yo, se sa ki te kaptive antansion e kè pèp Bondieu an. Paske san salu an, nou pa gin angnin. Kesion nou tout bezouin poze tèt nou devan Bondieu ak sinsèrite, se ke, èske nou tout ka vrèman anplouaye louanj (e temouagnaj) vieya yo:
“Ou peye pri pou [nou] avèk san pa ou...”