Bondieu te ofri nou justis Li an (Romin 1:16-17). Nou bezouin justis Li an nan Kris akoz peche nou yo (1:18-3:20). Bondieu pa-t viole karaktè just Li pou-L te justifie nou lè nou kouè paske Kris, kòm sakrifis ki satisfè an, te reponn ak tout demand Bondieu yo, ki fè Li kapab justifie tout moun ki resevoua Kris par la foua (3:21-31).
Kris, atravè lanmò e rezureksion Li, te toujou fason ke Bondieu te justifie kouayan-L yo, tankou Abraram e David, byin ke yo pa-t gin tout detay yo de Kris (4:1-25).
Moun ki justifie an nan Kris gin la pè avèk Bondieu e la pè sa-a ofri li rejouisman nan tout sikonstans lavi (5:1-5).
Kris te mouri nan plas kouayan pou retire peche-l yo (5:6-8). Nan lanmò Li, Kris bay kouayan sekurite an ke li paka juje ankò nan jou jujman k-ap vini an (5:9). Rezureksion Kris asure kouayan ke Li la pou sove Li, tou, anba pouvoua peche jou-an-jou (Romin 5:10).
Salu Kris lan te pran kouayan, gnou ènmi Bondieu, e-l te rekonsilie li, ki vledi, li te fè-l devni zanmi Bondieu (5:11).
Salu kouayan nan Kris konplèt, tou, paske Bondieu chanje lokasion li.
Lokasion kouayan se te nan Adan, kote li te eritie natu peche an. Li te mouri nan peche dèske, nan Edèn, fot chèf li an, Adan, te pote lanmò pou tout desandan li yo. Dominasion peche te kòmanse avèk premie zanzèt sa-a (5:12-15).
Adan, akoz dezobeisans li, te kondane nou, mete nou anba jujman e fè nou devni pechè (5:16-19).
Lokasion kouayan kounye-a se nan Kris. Nan Kris, li jouinn kado gras Bondieu-a ann-abondans, ki se gnou favè ke li pa merite. Gras lan abondan paske gras Bondieu an depase grinn peche Adan nan Edèn. Li kouvri gnou multitud peche ki paka konte pou fè kouayan resevoua justis, ki vledi, apre-l te kouè nan Kris, Bondieu te deklare fidèl lan just etènèlman (5:15). Etan peche t-ap domine kouayan anba Adan, nan Kris, kado justis lan ke gras akòde li an fè kouayan domine ak lavi etènèl ke Kris te ba li an (5:17).
Tout moun ki te nan Adan te kondane. Konsa, tou, tout moun ki nan Kris jouinn justis (5:18). Pèp Adan se pechè akoz idantifikasion yo avèk li. Pèp Kris lan just, tou, paske yo idantifie avèk Li (5:19). La loua te antre pou montre nou kòman dominasion peche vas. Nan Kris, gras ap domine, tou, atravè justis Bondieu-a nan Kris pou-l bay tout moun ki kouè lavi etènèl (5:20-21).
Kesion an kounye-a se èske ‘plus peche, plus gras lan’ se pa libètinaj. Apòt lan montre ke abondan gras Bondieu-a nan Kris se pa gnou pretèks pou fè peche paske vrè kouayan gintan mouri an regad peche (6:1-2). Li te gintan anba dominasion e pouvoua peche. Kouayan te volontèman kite peche al jouinn Kris paske peche pa-t gnou bon mèt e konsekans zak peche-l yo pa-t apetizan. Retounin al jouinn peche an pa lojik. Epi, tou, vini li te vini jouinn Kris, lyin kouayan ak peche te kase nan lanmò-l ak Kris.
Lanmò kouayan an regad peche te realize nan batèm. Apòt lan p-ap pale de batèm dlo nan kontèks sa-a. Li gin devan li batèm le Sintespri (1 Korintyin 12:13). Batèm dlo an, ke fidèl lan pran apre salu an, se gnou sinbòl de batèm Sintespri an ki te fèt gnou foua (Travay 2:1-4), ke tout fidèl patisipe ladann minm moman yo te kouè an. Batèm Samaritèn yo (Travay 8:14-17), batèm Konèy lan (Travay 10:44) e kèk lòt batèm ankò te fèt konsa pou gnou rezon min, nan panse Bondieu, gingnin gnou sèl ‘batèm le Sintespri’ ki te fèt gnou sèl foua pou tout kouayan nan tan gras lan (Travay 2:1-4).
Batèm pou gnou ansyin Grèk te vledi plonje nan dlo. Lè yo t-ap lave gnou rad yo te konn di ke yo baptize rad lan. Veso an te batize nan bokit dlo, tou.
Sintespri te batize (idantifie) kouayan nan Kris konplètman nan salu an. Nan batèm sa-a, Sintespri te plonje li nan lanmò Kris, ki vledi, kouayan te mouri avèk Kris, antere avèk Li e resusite avèk Li. Idantifikasion sa-a te fèt nan moman Sintespri te vín abite anndan kouayan lè-l te kouè an. Li te kouè nan Kris e, nan mouins ke gnou segond, le Sintespri te antre epi kouayan te kite Adan e li te relokalize nan Kris. Se nan fason sa-a li te idantifie ak Kris nan lanmò, antèman e rezureksion Li (6:3-5).
Bondieu te fè kloure ansyin nonm lan (idantite kouayan nan Adan) sou la koua—nan Kris—pou ansyin nonm lan te ka mouri paske se nan lanmò sèlman Li te ka debarase fidèl lan avèk li (6:6-7).
Lanmò kouayan nan Kris garanti ke li vivan nan Kris. Segnè-a paka mouri gnou dezièm foua dèske lanmò pa gin pouvoua sou Li ankò, ki vledi, Li te mouri pou tèt peche gnou sèl foua paske lanmò Li te ase pou retire peche. Sa vledi, non sèlman gnou dezièm lanmò pou Li inposib min dezièm lanmò an pa nesesè. Lanmò dèyè do Li, Kris kounye-a vivan pou Bondieu etènèlman. Kris te mouri pou peche gnou sèl foua e nou te idantiffie avèk Li nan lanmò sa-a. Lanmò Kris lan ke nou ladann lan pa-p janm repete ankò. Kris vivan pou Bondieu e nou idantifie avèk Li nan rezureksion Li. Sa-a vledi nou paka retounin nan peche paske retounin nan peche t-ap tankou Kris retounin nan lanmò. Dèske Kris paka fè bak e nou atache avèk Li nèt, konsa, tou, nou pa doue retounin al jouinn peche (6:9-10).
Detay apòt lan de eksperians batèm kouayan nan Kris se pou fè li konprann ke, nan salu an, Bondieu ouè li nan lanmò, antèman e rezureksion Kris lan. Union li avèk Kris sanktifie li, ki vledi, kouayan separe avèk peche e li mete apa pou sèvis Bondieu nan Kris. Dèske Bondieu ouè kouayan separe avèk peche nan lanmò, kouayan doue konsedere tèt li mouri, tou, an regad peche (6:11).