Lidè an souvan rankontre rezistans paske lòm pa rinmin moun an tèt li. Timoun lan ap konte jou yo lè l-ap gin ase laj e ase mouayin pou-l kite kay granmoun li. Travayè an vle jeran jouinn revokasion. Rèv populasion an se polisie an avèk minòt. Senatè an (oubyin depute an) mete tout pouvoua-l an plas pou-l jete prezidan.
Min lidè an esansièl. Pèsòn paka mezire enèji, tan e lajan gnou paran vide sou pitit li moman li fèt juskaske li gin laj. Polisie an mete vi li an danje chak jou pou-l proteje pèp lan kont violans bandi an. Oui, ka toujou gin bandi k-ap sikule min imajine kòman sa t-ap ye si-l pa-t la minm? Jeran ak intelijans e eksperians li mobilize tout travayè yo pou projè an konplete. Direktè an jouinn kontra pou antrepriz lan kontinue. Senatè an e depute an konn problèm pèp lan epi yo kreye bon loua pou sosiete an fanksione. Prezidan sekurize tout nasion an kont menas intènasional e menas nasional. Lopital, lekòl, chemin, sèvis sivil, tout se li minm. Li fasilite gnou situasion kote industri kapab kreye (e antre) nan peyi an pou pèp lan viv byin e pou yo jouinn travay, an minm tan, pou industri yo pa detri tè an e mete sante pèp la an danje.
Nou rekonèt ke kriminèl lan konn degize-l epi l-antre nan plas lidè an pou-l fè dega. Nan ka sa, si nou paka soti anba otorite li legalman, ann-atandan, nou doue fè tout efò pou nou supòte-l san nou pa sal konsians nou paske goumin an konn fè plus donmaj.
Min, lè nou jouinn li, nou doue rekonèt e apresie vrè lidè an. Parfoua, nou deranje paske li chouazi egzèse pouvoua legal li sou nou min se ògey ki fè nou opoze li. Nou doue rekonèt valè li e ba li tout onè, respè e obeisans ke li merite paske li la pou byin nou.
Malerezman, minm jan nou reziste otorite lòm, konsa tou nou reziste otorite Bondieu. Rebelion sa-a egziste nan kè tout moun. Gnou moun ki nan Kris se gnou moun ki t-al jouinn Bondieu pou Li mete kontròl. Le Sintespri ap ede li konbat lespri sa-a ki toujou vle di Bondieu ‘non’ an. Moun lan ki deyò Kris, o kontrè, se gnou moun ki paka soumèt anba otorite Bondieu minm.
Min si nou ouè nou doue aksepte otorite gnou paran, gnou jeran, gnou chèf e gnou prezidan, pa gin rezon pou nou reziste Bondieu. Pi bon paran, direktè e chèf lan p-ap pa gin gnou ti egois lakay li. Bondieu Li-Minm toujou egzekute ofis lidè Li an avèk justis. Lòt lidè yo konn gin bon intansion min erè konn koz yo gide nou nan move chemin. Bondieu, o-kontrè, gin gnou konesans konplèt de pase, prezan e futu an. Li akonpli tout plan Li yo parfètman.
Bondieu vle byin pou nou min rebelion nou fè nou doute Li. Nou ka kontinue rejte Li si nou vle min, etan n-ap toujou joui inpe nan bonte Li, tankou souf Li prete ou an, solèy Li an, lapli Li, manje Li, n-ap pèdu pi gran benediksion Li yo. Nou pa-p viv vrè rejouisman gnou moun jouinn lè li konekte avèk Kreatè li an pandan li vivan. Nou p-ap janm ka fè eksperians delivrans Li anba jujman Li nan lanfè pou peche nou apre lanmò. Epi nou p-ap ka antre nan prezans Li nan sièl lan lè vi nou sou tè an fini.
Bondieu te pran fòm gnou lòm pou-L te vín chache nou sou tè an.
Èske ou dakò gingnin Li kòm Lidè ou?
“Vi-n jouinn mouin, nou tout ki fatige e ki chaje, e m-a ban nou repo”
(Matie 11:28)